Richès

Bib la bay yon pèspektiv nyanse sou byen: Bondye ka beni ak richès, men li avèti kont danje li yo, epi li souliye vrè richès se yon relasyon avè L. Byen yo pa dire, yo pa ka achte delivrans, epi yo ka mennen nan ògèy, separasyon ak yon lavi espirityèl ki pa bay fwi.

Pèspektiv biblik sou byen

Pèspektiv Seyè a sou richès

Mwen konnen jan w'ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men, pou di vre, ou rich anpil! Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men, se pa jwif yo ye. Se yon bann moun Satan. (Revelasyon 2:9)

Pèspektiv moun sou byen

Se moun grangou ki pral manje rekòt jaden yo. Yo pral pran ata sa ki donnen nan raje pikan. Se moun akrèk ki pral mete men sou tout byen yo. (Jòb 5:5)
Yo p'ap janm rich toutan. Sa yo genyen an la pou yon tan. Menm lonbray yo ap disparèt. (Jòb 15:29)
Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo. Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs. (Jòb 20:10)
Mechan an gen pou l' vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li. (Jòb 20:15)
L'ap blije bay tou sa li te travay fè. Li p'ap gen chans jwi richès li yo. Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati. Li pa t' janm gen kont li. Men, richès li p'ap ka delivre l'. (Jòb 20:18-20)
Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li. (Jòb 20:26)
Yon sèl dlo desann va pote kay li ale, jou Bondye va fè kolè sa a sou li. (Jòb 20:28)
Jouk jou yo mouri, kè yo kontan. Yo desann nan peyi kote mò yo ye a ak kè poze. (Jòb 21:13)
Yo pretann tou sa yo genyen se kouraj yo ki ba yo l'. Yo pa t' janm mete Bondye nan koze yo. Mwen pa dakò ak jan y'ap pale a, non. (Jòb 21:16)
Wi, tounen vin jwenn li, san lògèy nan kè ou. Sispann fè sa ki mal lakay ou. Voye tout lò ou jete nan fatra. Pi bon pyès lò ou yo, jete yo nan galèt larivyè. Se Bondye ki gen tout pouvwa a ki va tout lò ou. Se li menm ki va gwo pil lajan byen wo pou ou. (Jòb 22:23-25)
Lè sa a, Sofa, moun lavil Naama a, pran lapawòl. Epi li di: -Men kisa Bondye pare pou mechan yo. Men sa li sere pou chèf k'ap peze pèp la. (Jòb 27:13)
Mechan an te mèt anpile lajan kou l' pa konnen, li te mèt gen rad depase sa l' bezwen, se moun dwat yo ki va mete rad yo, se pou moun inonsan yo lajan an va rete. (Jòb 27:16-17)
Si yo koute Bondye, si yo soumèt devan li, y'a viv rès lavi yo nan kè kontan ak nan plezi. (Jòb 36:11)
Se pou ou jije tout moun, rich kou pòv, gwonèg la tankou nèg fèb la. (Jòb 36:19)
Sa bon pou moun gen bon konprann. Se tankou si ou te gen anpil byen. Se yon gwo avantaj pou tout moun k'ap viv sou latè. Bon konprann pwoteje ou menm jan lajan ka fè l'. Men, avantaj yon moun genyen lè li gen konesans avèk bon konprann, sa l' konnen an ap fè l' viv. (Eklezyas 7:11-12)

Nou pa pote anyen lè nou mouri

(049:17) Ou pa bezwen pè lè ou wè yon moun ap vin pi rich, lè ou wè l'ap mete richès pil sou pil lakay li. (049:18) Lè l' mouri, li p'ap pote anyen ale avèk li, l'ap kite tout richès li yo dèyè. (049:19) Li te mèt kontan jan l' t'ap viv la, yo te mèt ap fè lwanj li pou jan afè l' ap mache byen, (049:20) yon lè, li gen pou l' mouri tankou zansèt li yo ki p'ap janm wè limyè ankò. (049:21) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg, si li pa gen konprann, li tankou zannimo y'ap mennen labatwa. (Sòm 49:16-20)
Men mwen wè sou latè yon bagay ki fè lapenn anpil: Moun sere lajan epi sa vire mal pou yo. Yon malè pase, tout lajan an pèdi. Li vin fè yon pitit, li pa gen anyen pou l' ba li. Li soti toutouni nan vant manman l', konsa tou l'ap tounen san anyen anba tè. Pa gen anyen nan tou sa li travay fè li ka pran pote ale ak li. (Eklezyas 5:13-15)
Nou pa t' pote anyen lè nou te vin sou latè. Pa gen anyen nou ka pote ale non plis lè n'a kite li. (1 Timote 6:7)
(039:7) Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo. (Sòm 39:6)

Ou pa ka achte rachte nanm ou

(049:6) Poukisa pou m' ta pè, lè jou malè a rive, lè moun ki pa vle wè m' yo sènen m' toupatou ak move lide nan tèt yo? (049:7) Moun ki mete konfyans yo nan byen latè, moun k'ap fè grandizè pou richès yo genyen, (049:8) pa gen yonn ladan yo ki ka bay senk kòb pou delivre frè yo, ni ki ka peye Bondye pou l' delivre yo. (049:9) Yo ta mèt pare pou yo bay anpil lajan pou sove lavi pa yo, sa p'ap janm rive fèt. (Sòm 49:5-8)
Jou malè, richès pa ka sèvi ou anyen. Men, si ou se moun serye, sa ka sove lavi ou. (Pwovèb 11:4)
Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi? (Matye 16:26)
Kisa sa ta sèvi yon moun pou li ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Ou ankò, kisa yon nonm kapab bay pou l' gen lavi? (Mak 8:36-37)
Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye, si l' pèdi nanm li, ou si l' detwi lavi li? (Lik 9:25)

Richès pote anpil “zanmi”

Lè ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi. (Pwovèb 14:20)
Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou. (Pwovèb 19:4)

Richès pa dire

Pa touye tèt ou ap kouri dèyè lajan pou ou vin rich. Wete lide ou sou sa. Paske, anvan ou bat je ou, li gen tan disparèt. Ou ta di lajan gen zèl. Li rete konsa, li vole, li ale. (Pwovèb 23:4-5)
Se paske Moyiz te gen konfyans nan Bondye kifè, lè li vin gran, li te refize pote non pitit fi farawon an. Li te pito kite yo maltrete li ansanm ak pèp Bondye a, pase pou l' te asepte pran plezi l' nan peche pou yon ti tan. Tankou moun Bondye te chwazi pou voye a, li te konsidere li te pi rich lè yo t'ap pase l' nan betiz pase si l' te gen tout richès ki nan peyi Lejip la. Tou sa, paske je l' te fikse sou rekonpans Bondye t'ap pare pou li a. (Ebre 11:24-26)
Paske, konfyans nou se tankou lò li ye. Yo blije pase lò a, ki yon bagay perisab, nan dife pou wè si l' bon. Konsa tou, konfyans nou ki gen plis valè pase lò a gen pou pase anba eprèv tou, pou nou ka resevwa lwanj, onè ak respè lè Jezikri va parèt. (1 Piè 1:7)
Bondye wete nou nan lavi san sans nou te resevwa nan men zansèt nou yo. Nou konnen sa li te peye pou sa. Se pa t' avèk bagay ki ka pèdi valè yo tankou lajan ak lò. (1 Piè 1:18)

Tout byen se anyen konpare ak konnen Jezi

Men, si yon lè mwen te konsidere tout bagay sa yo tankou yon garanti, koulye a yo pa vo anyen pou mwen, akòz Kris la. Men, se pa sa sèlman. Se tout bagay menm ki pa vo anyen pou mwen, lè m' konpare yo ak gwo avantaj mwen genyen lè m' konnen Jezikri tankou Seyè mwen. Poutèt li, mwen voye tout bagay jete, mwen gade yo tankou fatra pou m' sa gen Kris la, (Filip 3:7-8)

Richès pa sèten

Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo. (1 Timote 6:17)

Richès pa sèvi anyen san Seyè a

Mwen fè gwo zafè: Mwen bati yon bann kay, mwen plante anpil jaden rezen. Mwen fè jaden ak bèl lakou, mwen plante tout kalite pyebwa ki ka donnen ladan yo. Mwen fouye basen pou m' pran dlo, konsa m'a ka wouze tout pyebwa yo. Mwen achte fi kou gason pou sèvi m' esklav, san konte moun ki fèt esklav lakay mwen. Mwen te gen bèt ak zannimo pase tout moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. Mwen ranmase anpil bagay fèt an ajan ak an lò ansanm ak richès lòt chèf k'ap dirije nan pwovens yo. Mwen te gen moun pou chante pou mwen, fi kou gason. Mete sou sa, bagay gason pi renmen, mwen te gen fanm mezi mwen te bezwen. Wi, pou grannèg mwen te grannèg, pi grannèg pase tout lòt moun ki janm viv nan lavil Jerizalèm. Men, mwen pa janm kite sa vire tèt mwen. Mwen te gen tou sa mwen te vle. Mwen pa janm refize tèt mwen ankenn plezi. Mwen te kontan wè tou sa mwen te travay fè. Se kè kontan sa a ki tout rekonpans mwen. Apre sa, mwen kalkile sou tou sa m' te fè ak men m', sou tout traka mwen te bay kò m' pou m' te fè yo. Enben! Mwen jwenn sa pa t' vo anyen. Anyen pa rapòte anyen. Konsa, pa gen ankenn pwofi pou tou sa ou fè sou latè beni. (Eklezyas 2:4-11)

Bagay ki gen plis valè pase richès

Ou te mèt gen lò, ou pa ka achte l'. Ou pa ka bay lajan pou ou genyen l'. Li gen plis valè pase lò peyi Ofi a. Bèl pyè oniks ak safi pa ka parèt la. Yo pa ka konpare l' ni ak lò ni ak bèl kristal. Yo pa ka boukante l' pou yon bèl veso fèt an lò. Pou grenn koray ak wòch kristal menm, yo pa ka parèt la. Pito ou al dèyè bon konprann pase ou ale dèyè bèl pyè lanbi. Topaz peyi Letiopi pa vo anyen devan l'. Pi bon lò a pa ka konpare ak bon konprann. (Jòb 28:15-19)
Pito ou pa gen anpil byen, men ou mache dwat, pase pou ou gen anpil richès nan fè sa ki mal. (Sòm 37:16)
Mwen pran plezi m' pou m' mache dapre prensip ou yo, tankou si m' te gen tout richès sou latè. (Sòm 119:14)
Lalwa ou ban mwen an gen plis valè pou mwen pase tout richès ki sou latè. (Sòm 119:72)
Se poutèt sa, mwen renmen kòmandman ou yo pi plis pase lò, menm pase lò ki pi bon an. (Sòm 119:127)
Ala bon sa bon pou moun ki gen konesans, pou moun ki rive gen bon konprann! Benefis l'ap rapòte pi bon pase sa lajan bay. Avantaj l'ap bay gen plis valè pase lò. Sajès pi bon pase boul lò. Nanpwen anyen moun ta renmen genyen ki ka parèt devan li. Yon bò, bon konprann ap fè moun viv lontan. Yon lòt bò, l'ap bay richès, l'ap fè moun respekte ou. (Pwovèb 3:13-16)
Pito ou chache gen bon konprann pase pou ou gen lajan. Pito ou chache gen konesans pase pou ou gen pi bon lò. Paske, mwen menm Bon Konprann, mwen pi bon pase boul lò. Pa gen anyen ou ta renmen genyen ki ka konpare avè m'. (Pwovèb 8:10-11)
Mwen bay richès, mwen bay pouvwa. Mwen bay byen k'ap la pou lontan, mwen fè tout bagay byen. Tou sa mwen bay pi bon lontan pase pi bon lò ki genyen. Yo pi bon pase ajan. Mwen fè moun mache dwat devan Bondye. Mwen fè yo mache yon jan pou yo pa fè moun lenjistis. Lè moun renmen m', mwen ba yo anpil byen. Mwen plen kay yo ak richès. (Pwovèb 8:18-21)
Pito ou pa gen anpil byen men ou gen krentif pou Bondye pase pou ou rich epi pou ou nan tèt chaje. (Pwovèb 15:16)
Pito ou fè ti pwofi nan fè sa ki dwat pase pou ou fè gwo benefis nan fè sa ki mal. (Pwovèb 16:8)
Pito ou gen bon konprann pase pou ou gen byen. Pito ou gen konesans pase ou gen lajan. (Pwovèb 16:16)
Pito ou mennen ti vi ak pòv malere yo pase pou ou nan separe ak awogan yo nan sa yo vòlò. (Pwovèb 16:19)
Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li. (Pwovèb 19:1)
Lè yon moun ki gen konprann ap pale sa gen plis valè pase kantite lò ak pyè ki koute chè. (Pwovèb 20:15)
Pito yo nonmen non ou an byen pase pou ou gen anpil richès. Pito moun gen anpil konsiderasyon pou ou pase pou ou gen anpil lajan ak anpil lò. (Pwovèb 22:1)
Pito ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè. (Pwovèb 28:6)

Yo mande anpil nan men moun yo bay anpil

Men, yon domestik ki pa konn sa mèt li vle, lèfini k'ap fè bagay ki merite pou yo bat li, y'ap bay domestik sa a de twa kou sèlman. Moun yo bay anpil, y'ap mande l' anpil tou. Moun yo mete reskonsab anpil bagay, y'ap egzije plis ankò nan men li. (Lik 12:48)

Benediksyon richès

Moun ki jis yo ap resevwa pwosperite kòm rekonpans

Malè ap pousib moun k'ap fè sa ki mal. Men, moun ki mache dwat ap jwenn bon rekonpans. (Pwovèb 13:21)
Moun ki mache dwat ap toujou gen sa yo bezwen an kantite lakay yo. Men, tou sa mechan yo genyen se tèt chaje pou yo. (Pwovèb 15:6)

Richès pou moun ki medite sou Pawòl Bondye

Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz, men ki pran tout plezi l' nan lalwa Seyè a, k'ap repase l' nan tèt li lajounen kou lannwit. Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l' rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l' fè soti byen. (Sòm 1:1-3)

Moun ki pwospere yo ap adore Seyè a

(022:30) Tout grannèg sou latè va bese tèt devan li. Yo tout ki la pou mouri, yo tout ki la pou al anba tè, yo pral adore li. (Sòm 22:29)

Priye pou pwosperite

Konsa, m'a wè jan moun ou chwazi yo alèz. M'a fè kè m' kontan ansanm ak pèp ou a. M'a pran plezi m' ansanm ak moun ki pou ou yo. (Sòm 106:5)
Lapriyè Bondye pou pa gen dezòd lavil Jerizalèm ankò. Se pou tout moun ki renmen ou yo viv ak kè poze. Se pou pa gen lagè sou ranpa lavil la. Se pou nan palè wa a tout moun viv ak kè poze. (Sòm 122:6-7)
Se pou Seyè a rete sou mòn Siyon an pou l' beni ou! Mwen mande l' pou l' fè ou wè lavil Jerizalèm rete kanpe jouk jou ou mouri. (Sòm 128:5)
Gayis monchè, mwen swete tout bagay ap mache byen pou ou. Mwen swete ou an sante nan kò ou tankou ou an sante nan lespri ou. (3 Jan 2)

Moun rich ki gen lakrentif Bondye

Abram pran Sarayi, madanm li, Lòt, pitit frè li a, ansanm ak tout byen li te genyen ak tout domestik li te gen avè l' nan lavil Karan, yo tout yo pati pou Kanaran. Yo rive nan peyi a. (Jenèz 12:5)
Abram te rich anpil, li te gen anpil mouton, anpil kabrit ak anpil bèf, li te gen anpil lajan ak anpil lò. (Jenèz 13:2)
Seyè a di l'. Konnen sa byen: Pitit pitit ou yo pral viv tankou etranje nan yon peyi ki pa pou yo. Y'ap fè yo tounen esklav, y'ap peze yo pandan katsanzan (0400 an). Men, apre sa, m'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Konsa, lè lè a va rive pou yo kite peyi sa a, y'a soti avèk anpil anpil richès. (Jenèz 15:13-14)
Abraram te fin vye. Li te antre nan granmoun. Seyè a te beni Abraram nan tout bagay. (Jenèz 24:1)
Se te yon jenn fi. Li te bèl anpil, li te tifi. Li desann nan sous la, li plen krich li. Epi li moute soti deyò. (Jenèz 24:16)
Seyè a voye anpil benediksyon sou mèt mwen. Li fè l' vin grannèg. Li ba li mouton, bèf, lajan, lò, domestik, sèvant, chamo, bourik. (Jenèz 24:35)
Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'. Msye te vin rich. Li t'ap fè lajan toujou, jouk li rive vin rich anpil anpil. Li te gen kantite kabrit, mouton ak bèf, ak anpil moun ki t'ap sèvi l'. Sa te fè moun Filisti yo rayi sò li. (Jenèz 26:12-14)
Jakòb vin rich anpil, Li te gen anpil bèt. Kanta pou sèvant, domestik, chamo ak bourik, li pa t' manke sa. (Jenèz 30:43)
Tanpri, asepte kado m'ap ba ou yo, paske Bondye te beni m' anpil. Mwen pa manke anyen. Jakòb fòse Ezaou sitèlman, bout pou bout, Ezaou asepte. (Jenèz 33:11)
Li wete gwo bag ki te nan dwèt li a, li mete l' nan dwèt Jozèf. Li abiye l' ak yon rechanj fèt ak bèl twal fen. Li pase yon chenn an lò nan kou l'. (Jenèz 41:42)
Fè papa m' konnen jan moun respekte m' isit nan peyi Lejip. Rakonte l' tou sa nou wè. Prese mennen papa m' desann isit la. (Jenèz 45:13)
Yo pran tout bèt ak tout byen yo te fè nan peyi Kanaran an. Yo desann nan peyi Lejip. Yo mennen Jakòb desann nan peyi Lejip ak tout pitit pitit li yo. (Jenèz 46:6)
Moun Izrayèl yo te rete nan peyi Lejip sou tè Gochenn lan. Yo vin gen anpil byen. Yo te fè anpil anpil pitit. Yo t'ap fè toujou. (Jenèz 47:27)
...li di yo konsa: -N'ap tounen lakay nou avèk anpil richès, avèk anpil bèt, avèk anpil bagay fèt an ajan, an lò, an kwiv, an fè, ansanm ak anpil rad. Separe avèk moun pèp Izrayèl parèy nou yo tou sa nou te pran nan men lènmi nou yo nan lagè. (Jozye 22:8)
Naomi te gen yon fanmi mari l' yo te rele Bòz. Se te yon nonm ki te rich epi ki te grannèg. Li te fè pati menm branch fanmi ak Elimelèk, defen mari Naomi an. (Rit 2:1)
Medam pèp Izrayèl yo, rele pou Sayil! Li te konn ban nou bèl rad koulè violèt ki koute byen chè, ak bèl bijou an lò pou mete sou nou. (2 Samyèl 1:24)
Larenn peyi Saba a wè jan Salomon te gen anpil bon konprann. Li wè palè li te bati a. Men, mwen pa t' vle kwè toutotan mwen pa t' vini wè ak je pa mwen. Men, sa m' te tande a se pa mwatye sa m' wè a. Bon konprann ou ak richès ou pi plis pase sa yo te di m' lan. (1 Wa 10:4, 7)
Li di l' konsa: -Monchè, ou pa mande m' pou ou viv lontan, ou pa mande m' richès, ni ou pa mande m' lanmò pou lènmi ou yo, men ou mande m' yon lespri veyatif pou ou ka gouvènen san patipri. M'ap ba ou sa ou mande a, m'ap ba ou plis konesans ak plis bon konprann pase tout moun, pase ni sa ki te la anvan ou yo, ni sa k'ap vin apre ou. Lèfini, m'ap ba ou sa ou pa t' mande tou. M'ap ba ou anpil richès ak anpil pouvwa. Konsa, p'ap gen ankenn lòt wa tankou ou pandan tout rès tan ou gen pou viv la. (1 Wa 3:11-13)
Se konsa Salomon pran plas David, papa l', sou fotèy gouvènman Seyè a te tabli a. Tout zafè l' te mache byen. Tout pèp Izrayèl la te obeyi l'. (1 Istwa 29:23)
Lè li mouri, li te granmoun anpil, men kè li te kontan. Li te gen anpil richès. Tout moun t'ap fè lwanj pou li. Se Salomon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li. (1 Istwa 29:28)
Bondye reponn Salomon: -Depi se sa ou wè ou ta renmen genyen! Ou pa mande m' ni richès, ni byen, ni lwanj pou ou. Ou pa mande m' lanmò pou lènmi ou yo, ni ou pa mande m' pou ou sa viv lontan. Ou annik mande m' konesans ak bon konprann pou ou ka kondi pèp mwen an, pèp mwen mete ou gouvènen an. M'ap ba ou konesans ak bon konprann. Men an plis, m'ap ba ou richès, byen ak lwanj pase tout wa ki te la anvan ou, pase tout wa ki va vin apre ou. (2 Istwa 1:11-12)
Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo. Li te gen plis bon konprann pase yo tout. (2 Istwa 9:22)
Seyè a bay gouvènman l' lan fòs. Nan peyi Jida a, tout moun t'ap pote kado ba li. Konsa, li te vin gen anpil byen. Tout moun t'ap fè lwanj li. (2 Istwa 17:5)
Lekontrè, te gen anpil moun Filisti ki te pote anpil kado ak anpil ajan ba li tankou si li te chèf yo. Ata moun peyi Arabi yo te pote sètmil sètsan (07.700) mouton ak sètmil sètsan (07.700) kabrit fè l' kado. Se konsa, pouvwa Jozafa a t'ap vin pi fò chak jou. Nan tout peyi Jida a, li bati sitadèl ak lavil pou sèvi l' depo. (2 Istwa 17:11-12)
Jozafa te vin gen anpil richès, tout moun t'ap fè lwanj pou li. Li ranje yon maryaj ant yon moun nan fanmi l' ak yon moun nan fanmi Akab, wa peyi Izrayèl la. (2 Istwa 18:1)
Ezekyas te gen anpil richès, tout moun te respekte l'. Li fè bati depo pou mete tout bagay an ajan, an lò li te genyen, bèl pyè koute chè, epis santi bon, plak pwotèj ak tout lòt bagay koute chè l' yo. Li fè bati tou depo pou mete grenn manje, diven ak lwil oliv, kay pou tout bèt li yo ak pak pou mouton l' yo. Li fè bati kèk vil, li achte kantite mouton, kabrit ak bèf, paske Bondye te ba li anpil richès. Se wa Ezekyas ki te bouche kote dlo sous Giyon an te konn soti sou anwo a pou fè l' pase sou anba bò solèy kouche lavil David la. Tou sa li te vle fè te mache byen. (2 Istwa 32:27-30)
Pèp ou a mache pran tout lavil ki te gen gwo fò pou defann yo, ak tout bon venn tè moun yo. Yo pran tout kay yo ansanm ak tout byen ki te ladan yo. Yo jwenn sitèn tou fouye, jaden rezen, jaden oliv ak pyebwa k'ap donnen an kantite. Yo manje, yo plen vant yo, yo vin gra. Yo pran plezi jwi tout kantite bèl bagay ou te ba yo. (Neemi 9:25)
Li te gen sètmil (07.000) mouton, twamil (03.000) chamo, mil (01.000) tèt bèf, senksan (0500) fenmèl bourik. Li te gen anpil anpil moun ap sèvi avè l'. Nonm sa a, se li ki te pi grannèg nan peyi bò solèy leve a. (Jòb 1:3)
Wa a moute Chadrak, Mechak ak Abèdnego grad nan pwovens Babilòn lan. (Danyèl 3:30)
Lè solèy fin kouche, yon nonm rich, moun lavil Arimate, vin rive. Yo te rele l' Jozèf. Li menm tou li te yon disip Jezi. (Matye 27:57)
Atò, nou gen tan gen tou sa n' te bezwen? Nou gen tan rich kont kò nou? Nou gen tan tounen wa anvan mwen? Mwen ta byen kontan si nou ta tounen wa tout bon, pou m' te kapab wa tou ansanm avèk nou. Jouk koulye a nou anba grangou, nou swaf dlo, nou manke rad, y'ap bat nou, n'ap plede mache san nou pa gen kote pou n' rete. N'ap fatige kò nou travay pou n' ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou; lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou. (1 Korint 4:8, 11-12)
Si nou wè m'ap pale konsa, se pa paske koulye a mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m' aprann kontante tèt mwen ak sa m' genyen. Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m' bezwen, nan tout sikonstans m' aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen. Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj. Malgre sa, nou byen fèt ede m' nan traka m' yo. Nou menm, moun lavil Filip, nou byen konnen sa m' pral di nou la a. Lè mwen kite peyi Masedwan, lè yo te fenk konmanse ap pibliye bon nouvèl la, se nou menm sèl legliz ki te ede mwen. Se nou menm sèl ki te separe sa nou genyen avè m' pou sa m' te fè pou nou. Lè m' te lavil Tesalonik, an de fwa nou voye sa m' te bezwen ban mwen. Se pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja. Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m' te bezwen. Koulye a, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m' bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l' plezi. (Filip 4:11-18)

Seyè a pran plezi nan pwosperite sèvitè Li yo

Se pou moun ki kontan wè jan m' inonsan an pran rele byen fò san rete. Se pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa! Li vle pou sèvitè li viv ak kè poze. (Sòm 35:27)

Se pa tout moun ki pral pwospere

Gen lòt ladan yo moun pase anba betiz, yo bat yo byen bat. Gen lòt ankò yo mare yo ak chenn, yo jete yo nan prizon. Yo touye yo anba kout wòch, yo siye yo fè de moso, yo touye yo ak nepe. Se kouri yo t'ap kouri soti yon kote al nan yon lòt tèlman moun t'ap pèsekite yo, tèlman yo t'ap maltrete yo. Se po mouton ak po kabrit yo pran sèvi rad tèlman yo te pòv. Moun konsa, latè pa t' bon ase pou yo. Yo t'ap kouri moute kouri desann nan dezè yo, nan mòn yo. Yo t'ap viv nan twou wòch ak nan twou tè. Tout moun sa yo, Bondye te dakò ak yo paske yo te gen konfyans nan li. Men, atousa, yo pa t' resevwa sa Bondye te pwomèt la. Bondye te sere yon pi bon bagay ankò pou nou. Li pa t' vle pou moun sa yo te rive bon nèt kite nou dèyè. Sèl jan pou moun sa yo te ka rive bon nèt, se ansanm ak nou. (Ebre 11:36-40)

Jezi merite resevwa richès

Zanj yo t'ap chante byen fò: Ti Mouton yo te touye a merite vre pou yo ba l' pouvwa, richès, bon konprann ak fòs, respè, onè ak lwanj. (Revelasyon 5:12)

Moun ki saj ka vin rich

Rekonpans moun ki gen konprann se konesans. Moun san konprann ap toujou aji tankou moun sòt. (Pwovèb 14:24)

Kijan yo jwenn richès

Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l' kanpe fèm. Kote ki gen konesans, pyès kay yo plen ak bon bagay ki koute chè. (Pwovèb 24:3-4)

Bagay ki anpeche moun gen richès

Lè ou renmen plezi, w'ap toujou pòv. Lè ou renmen bon bweson ak bon manje, ou p'ap janm gen lajan. (Pwovèb 21:17)
Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv. (Pwovèb 22:16)

Danje richès

Renmen richès

(062:11) Pa mete konfyans nou nan fè britalite. Pa mete nan tèt nou nou ka genyen anyen nan vòlò. Lè nou wè n'ap fè lajan, pa kite l' pran nanm nou. (Sòm 62:10)

Ògèy

Se bon konprann ou ak lespri ou genyen ki fè ou rich konsa. Ou ranmase bonkou lò ak ajan mete lakay ou. Ou gen anpil ladrès nan fè kòmès, ou fè anpil lajan. Ou kite richès ou yo vire tèt ou. (Ezekyèl 28:4-5)
Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo. (1 Timote 6:17)

Rich yo pa dwe ògeye paske lavi a kout

Yon frè ki pòv dwe moutre jan li kontan lè Bondye fè kichòy pou li. Konsa tou, yon frè ki rich dwe moutre jan l' kontan tou lè Bondye rabese li. Paske, moun ki rich gen pou pase tankou flè zèb. Solèy la leve ak tout chalè li. Li cheche zèb la. Flè a tonbe. Tout bèlte l' disparèt. Konsa tou, moun rich la gen pou l' disparèt pandan tout kòmès li ap mache. (Jak 1:9-11)

Fè lwanj nan Seyè a, pa nan richès

Piga moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann, ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan, ni moun rich yo dèske yo rich. Men si yon moun vle fè grandizè, l'a fè grandizè dèske li konnen m', dèske li konprann mwen. Paske mwen gen bon kè, Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè. Se bagay sa yo ki fè m' plezi. Se mwen Seyè a ki di sa. (Jeremi 9:23-24)

Richès bay yon santiman sekirite

Byen yon moun rich, se pwoteksyon li. Men, depi yon nonm pòv, nanpwen pwoteksyon pou li. (Pwovèb 10:15)
Pou moun rich yo, byen yo tankou yon ranpa byen solid. Yo mete nan tèt yo se sa k'ap pwoteje yo. (Pwovèb 18:11)
(030:7) Mwen te santi kè m' poze, se sak fè mwen t'ap di: -Anyen p'ap janm rive m'. (030:8) Seyè, ou fè m' favè, ou mete m' chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m' kase. (Sòm 30:6-7)

Moun ki mete konfyans yo nan richès

(049:11) Men, nou wè moun ki gen bon konprann yo mouri, yo disparèt menm jan ak moun sòt ansanm ak moun egare yo. Yo kite tout richès yo pou lòt moun. (049:12) Se nan simityè yo pral bout, se nan tonm yo pral rete, menm si yo gen gwo bitasyon ki pote non yo. (049:13) Yon moun te mèt grannèg kou l' grannèg li gen pou l' mouri. Li tankou zannimo y'ap mennen labatwa. (Sòm 49:10-12)

Richès gen tandans separe moun

Lòt menm, neve ki t'ap vwayaje ansanm avèk Abram lan, te gen mouton ak bèf pa l' tou. Li te gen moun tout avèk li. Peyi a te vin twò piti pou yo de a rete ansanm, paske yo te gen twòp zannimo pou bay manje. Se konsa, te vin gen yon kabouyay ant gadò mouton Abram yo ak gadò mouton Lòt yo. Lè sa a, se moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo ki te rete nan peyi a. Abram di Lòt konsa. Monchè, se fanmi nou ye. Pa gen rezon pou nou gen kont yonn ak lòt, ni pou gadò ou yo gen kont ak gadò pa m' yo. Men tout peyi a devan nou! Ann separe. Si ou fè bò dwat, m'ap fè bò gòch. Si ou fè bò gòch, m'ap fè bò dwat. Lòt voye je l' toupatou, li gade plenn Jouden an byen gade. tout plenn lan, rive jouk Zoa, te wouze nèt ale. Jaden yo te tankou jaden Seyè a, tankou nan peyi Lejip. (Lè sa a, Seyè a pa t' ankò disparèt lavil Sodòm ak Gomò.) Lòt chwazi plenn Jouden an pou li. Li pati nan direksyon solèy leve. Se konsa de mesye yo te separe. (Jenèz 13:5-11)
Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'. Msye te vin rich. Li t'ap fè lajan toujou, jouk li rive vin rich anpil anpil. Li te gen kantite kabrit, mouton ak bèf, ak anpil moun ki t'ap sèvi l'. Sa te fè moun Filisti yo rayi sò li. Se konsa yo konble tout pi domestik Abraram yo te fouye sou tan Abraram, papa Izarak. Yo plen yo tè. Lèfini, Abimelèk di Izarak: -Pati, al fè wout ou! Ou pi grannèg pase nou. (Jenèz 26:12-16)
Yon jou, Ezaou pran madanm li yo, pitit gason l' yo, pitit fi li yo, tout moun ki te lakay li, tout mouton l' yo, tout kabrit li yo ansanm ak tou sa li te genyen nan peyi Kanaran, li pati pou yon lòt peyi byen lwen Jakòb, frè li. Li te fè sa paske tè kote li t'ap viv ansanm ak Jakòb, frè l' la, te vin twò piti pou yo. Yo te vin gen twòp bèt, yo pa t' kapab rete ansanm ankò menm kote a. (Jenèz 36:6-7)
Madichon pou moun k'ap bati kay sou kay, pou moun k'ap achte tè pou mete sou sa yo genyen deja! Talè konsa, p'ap gen plas pou lòt moun nan peyi a. Yo vle se yo menm ase ki pou rete nan peyi a. (Ezayi 5:8)

Richès ka separe kretyen yo

Pou kòmanse, mwen tande lè nou sanble pou sèvis la, nou fè ti pil gwo pil. Mwen konnen sa pa fin manti nèt. (Ap toujou gen divizyon nan mitan nou pou yo ka rekonèt moun ki kwè tout bon yo ak moun ki pa kwè yo.) Lè nou reyini ansanm, gen lè se pa manje Seyè a nou vin manje. Paske, lè nou chita bò tab la, chak moun ap prese manje manje pa li. Lè konsa, yon pati rete grangou, yon lòt menm gen tan sou sitèlman li bwè. Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n' manje, pou n' bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, èske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m' fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa! (1 Korint 11:18-22)

Richès twonpe/ka toufe fwi

Mechan yo kwè y'ap fè benefis. Men, moun k'ap fè sa ki dwat yo toujou jwenn rekonpans yo. (Pwovèb 11:18)
Antan l'ap simen grenn yo, kèk grenn tonbe bò chemen an: zwazo vini, yo manje yo. Yon pati grenn tonbe nan mitan wòch, kote ki pa t' gen anpil tè. Grenn sa yo leve byen vit, paske yo pa t' antre fon anba tè a. Yon lòt pati tonbe nan mitan pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo. Gen lòt ankò ki resevwa pawòl la tankou grenn ki tonbe nan mitan pikan. Yo tande pawòl la, men traka lavi ak anvi gen lajan, tou sa toufe pawòl la, kifè yo pa ka bay anyen menm. (Matye 13:4-5, 7, 22)
Li t'ap rakonte yo kèk parabòl pou l' te moutre yo anpil bagay. Li di yo konsa: -Koute! Yon nonm soti pou li al simen grenn nan jaden li. Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pikan yo grandi, yo toufe bon ti plant yo, kifè yo pa t' ka donnen. Gen lòt moun ankò, yo resevwa grenn yo tankou nan mitan pye pikan: yo tande pawòl la, men, traka lavi, anvi gen lajan ak tout lòt anvi yo antre nan kè yo, toufe pawòl la. Kifè yo pa bay anyen menm. (Mak 4:2-3, 7, 18-19)
Yon lòt pati tonbe nan mitan pye pikan. Pye pikan yo grandi ansanm ak bon ti plant yo, yo toufe yo. Grenn ki tonbe nan mitan pikan yo, se moun ki tande pawòl la, men lè y al fè wout yo, yo kite traka lavi, richès ak plezi ki nan lavi toufè l'. Yo donnen men donn yo pa janm rive rèk. (Lik 8:7, 14)

Li difisil pou yon rich antre nan Wayòm nan

Yon nonm pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m' ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an? Jezi reponn li: Poukisa w'ap poze m' keksyon sou sa ki bon? Se yon sèl ki bon. Si ou vle antre nan lavi a, se pou ou fè sa kòmandman yo mande. Nonm lan mande li: Kilès kòmandman sa yo? Jezi reponn li: Piga ou touye moun. Piga ou fè adiltè. Piga ou vòlò. Piga ou bay manti. Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou. Jennonm lan di li: Mwen swiv tout bagay sa yo. Kisa pou m' fè ankò? Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen. Lè jennonm lan tande pawòl sa yo, li vin kagou, li vire do l', li ale paske li te gen anpil byen. Lè sa a, Jezi di disip li yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Sa ap difisil nèt pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la. M'ap di nou sa ankò: L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon nonm rich antre nan Peyi Wa ki nan syèl la. Lè disip yo tande sa, yo pa t' manke sezi, yo di: Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? Jezi gade yo, li di: Moun pa ka fè sa, se vre. Men, pa gen anyen Bondye pa kapab fè. (Matye 19:16-26)
Antan Jezi t'ap soti pou li al fè wout li, yon nonm kouri vini. Li lage kò l' ajenou devan Jezi, li mande li: -Bon Mèt, kisa pou m' fè pou m' resevwa lavi ki p'ap janm fini an? Jezi di li: -Poukisa ou rele m' bon? Se yon sèl bon ki genyen, se Bondye. Ou konn kòmandman yo: Piga ou touye moun; piga ou fè adiltè; piga ou vòlè; piga ou fè manti sou moun; piga ou twonpe moun; respekte papa ou ak manman ou. Li reponn Jezi: -Mèt, mwen swiv tout bagay sa yo depi m' te ti katkat. Jezi gade nonm lan, li renmen l', epi l' di li: -Yon sèl bagay ou manke: Ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen. Men pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil. Li vin kagou, li vire do l', li ale, paske li te gen anpil byen. Apre sa, Jezi gade disip li yo ki te bò kote l' la, li di yo: -Sa ap difisil nèt pou moun rich antre nan Peyi kote Bondye Wa a. Disip li yo te sezi anpil lè yo tande pawòl sa a. Men Jezi di yo konsa: -Mezanmi, sa ap difisil nèt pou moun antre nan peyi kote Bondye Wa a. L'ap pi fasil pou gwo bèt yo rele chamo a pase nan je yon zegwi pase pou yon moun rich antre nan peyi kote Bondye Wa a. Disip yo te pi sezi toujou, yonn t'ap di lòt: -Nan kondisyon sa a, ki moun ki ka sove? Jezi gade yo nan je, li di yo konsa: -Moun pa ka fè sa, men Bondye ka fè l', paske pa gen anyen Bondye pa ka fè. (Mak 10:17-27)
Lè sa a, Pyè di l': Tande, men nou kite tou sa nou te genyen pou nou swiv ou. Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki kite kay li, osinon madanm li, osinon frè l', osinon papa l' ak manman l', osinon pitit li poutèt peyi kote Bondye Wa a, moun sa a gen pou l' resevwa plis pase sa depi nan tan sa a, epi nan tan k'ap vini apre sa a li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an. (Lik 18:28-30)

Rich ki pa konnen Seyè a ap separe ak Li pou letènite

Vwala, se te yon nonm rich ki te konn abiye ak bèl twal wouj e blan ki te koute chè. Chak jou, se te gwo fèt banbòch lakay li. Te gen yon pòv yo rele Laza ki te kouche nan papòt nonm rich la. Laza te kouvri ak malenng. Li te byen anvi plen vant li ak bagay ki t'ap soti tonbe anba tab nonm rich la. Sa ki pi rèd, chen t'ap vin niche malenng li yo tou. Pòv la vin mouri, zanj Bondye yo pote l' mete bò kot Abraram nan syèl la. Nonm rich la mouri tou, yo antere li. Pandan l' te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l' byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li. Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlò pou l' mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a. Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Koulye a, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri. (Lik 16:19-25)

Rich yo panse yo saj

Yon nonm rich mete nan tèt li li gen bon konprann. Men, yon pòv ki gen lespri ap dekouvri l'. (Pwovèb 28:11)

Kijan rich yo trete pòv yo

Lè yon pòv ap pale, li toujou nan tanpri souple. Men, moun rich toujou ap rele sou moun. (Pwovèb 18:23)
Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li. (Pwovèb 22:7)
Men, nou menm, se meprize n'ap meprize moun pòv yo! Eske se pa moun rich yo k'ap kraze nou, k'ap trennen nou nan tribinal? Se yo menm tou k'ap pale bèl non Bondye ban nou an mal. (Jak 2:6-7)

Richès ka fè moun bliye Seyè a

Seyè a pral kenbe pwomès li te fè Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo, li pral fè nou antre nan peyi li te fè sèman l'ap ban nou an. Se yon peyi kote n'a jwenn gwo bèl lavil nou pa t' bati, kote n'a jwenn kay plen bon bagay san se pa nou menm ki te mete yo la, avèk pi byen fon nou pa t' fouye, avèk jaden rezen ak jaden oliv nou pa t' plante. Lè sa a, lè n'a fin manje plen vant nou, fè atansyon pou nou pa bliye Seyè a, li menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la. (Deteronòm 6:10-12)
...yon peyi kote nou p'ap janm manke manje, kote nou va jwenn tou sa nou vle. Plen fè nan mitan wòch li yo. N'a jwenn kwiv nan mòn li yo. Men, lè n'a fin manje plen vant nou, n'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, pou bon peyi li te ban nou an. Veye kò nou pou nou pa janm bliye Seyè a, Bondye nou an, pou nou pa janm neglije kòmandman, lòd ak prensip m'ap ban nou jòdi a. Lè n'a fin manje plen vant nou, lè n'a fin bati bèl kay pou nou rete, lè n'a wè bèf nou yo, kabrit nou yo ak mouton nou yo ap peple, lè n'a wè n'a gen lò ak ajan an kantite, lè n'a wè tout byen nou yo ap vin pi plis chak jou, pa kite lògèy vire tèt nou pou nou bliye Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la. Se li menm ki te pran men nou pou fè nou travèse gwo dezè plen danje a, kote ki gen eskòpyon ak sèpan ki gen move pwazon nan bouch yo, kote moun ap mouri swaf dlo paske pa gen dlo la menm. Men, se li menm ki te fè dlo soti nan gwo wòch di a pou nou. Nan dezè a se li menm ki te ban nou manje laman, yon kalite manje zansèt nou yo pa t' janm konnen. Li kraze lògèy nou, li sonde nou pou nou te ka gen kè kontan pi devan. Pa janm mete nan tèt nou se kouraj nou ak fòs ponyèt nou ki fè nou gen tout richès sa yo. Chonje se Seyè a, Bondye nou an, ki te ban nou kouraj sa a. Se li menm ki te fè nou rive gen tout richès sa yo, paske li te kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, epi l'ap kenbe l' jouk jòdi a. (Deteronòm 8:9-18)
Lè m'ap fè yo antre nan peyi mwen te pwomèt bay zansèt yo a, peyi kote lèt ak siwo myèl ap koule tankou dlo a, m'a fè yo manje plen vant yo, y'a viv alèz. Men, y'a kouri dèyè lòt bondye, y'a sèvi yo. Men mwen menm, y'a voye m' jete, y'a kraze kontra mwen te pase ak yo a. (Deteronòm 31:20)
Bondye, se de bagay ase mwen mande ou: Tanpri, pa refize m' yo anvan mwen mouri. Men yo: Pa kite m' bay manti pou m' twonpe moun. Pa fè m' ni rich ni pòv. Ban m' kantite manje mwen bezwen pou m' viv la. Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz. (Pwovèb 30:7-9)
Mwen menm, Seyè a, mwen te pale nou lè zafè nou t'ap mache byen. Men, nou te derefize koute m'. Se sa n'ap fè depi tout tan. Nou pa janm vle koute sa m'ap di nou. Van pral bwote tout chèf nou yo ale. Y'ap depòte tout moun lòt nasyon ki asosye nou yo. Lè sa a, nou pral bese tèt nou, nou pral wont pou tout mechanste nou te konn fè yo. (Jeremi 22:21-22)
W'ap plede di: Mwen rich, zafè m' ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdiab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutoni ak tou de je ou yo pete! Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m' bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m' tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m' tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè. (Revelasyon 3:17-18)

Richès kreye jalouzi

Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'. Msye te vin rich. Li t'ap fè lajan toujou, jouk li rive vin rich anpil anpil. Li te gen kantite kabrit, mouton ak bèf, ak anpil moun ki t'ap sèvi l'. Sa te fè moun Filisti yo rayi sò li. (Jenèz 26:12-14)
Lèfini, Abimelèk di Izarak: -Pati, al fè wout ou! Ou pi grannèg pase nou. (Jenèz 26:16)
Jakòb vin konnen jan pitit gason Laban yo t'ap di: -Jakòb fin pran tou sa ki te pou papa nou. Se byen papa nou li fin ranmase kifè li rich konsa. (Jenèz 31:1)

Madichon richès

Madichon kidnapin

Yon moun rich sèvi ak lajan l' pou l' sove lavi l'. Moun ki pòv pa vle tande lè w'ap rele dèyè l'. (Pwovèb 13:8)

Madichon mank dòmi

Yon travayè te mèt manje kont li, li te mèt pa manje kont li, l'ap toujou byen dòmi lannwit. Men, moun rich yo, yo sitèlman genyen, yo pase nwit yo blanch ak kè sote. (Eklezyas 5:12)

Malè pwononse sou rich yo

Men, malè pou nou, nou menm moun rich yo, paske nou deja jwenn sa nou t'ap chache a. (Lik 6:24)
Koulye a, nou menm moun rich yo, se pou nou m'ap pale: Nou mèt konmanse kriye, konmanse pouse rèl pou malè ki pral tonbe sou nou yo. Richès nou yo fin pouri. Vèmin fin manje rad nou yo. Lò nou ak lajan nou yo fin wouye. Lawouj la pral kanpe pou kondannen nou, li va devore vyann nou tankou dife. Nou te ranmase kont lajan nou nan dènye tan sa a. Gade! Nou pa t' peye lajan nou te dwe peye travayè yo ki t'ap travay pou nou nan jaden. Tande jan y'ap rele! Travayè ki te ranmase rekòt pou nou yo ap plede rele! Rèl yo rive jouk nan zòrèy Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa a. Nou viv sou latè nan plezi ak nan jwisans. Nou manje jouk nou gra tankou bèt ki pare pou labatwa. (Jak 5:1-5)

Poukisa mechan yo pwospere?

Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l'. Lanbisyon fè l' pale mal, li vire do bay Bondye. Mechan an tèlman gen lògèy, l'ap plede di: -Bondye p'ap pini m'. Pa gen Bondye. Se sa ase mechan an mete nan tèt li. Tou sa li fè toujou mache byen. Li pa konprann jijman Bondye yo. L'ap meprize lènmi l' yo. (Sòm 10:3-5)
Se yon sòm David. Pa fè kòlè lè ou wè mechan yo! Pa anvye sò moun k'ap fè mal yo! Talè konsa, y'ap rache yo tankou raje. Yo gen pou yo fennen tankou zèb gazon. Rete dousman dèvan Seyè a, pran san ou. Tann li fè sa l' gen pou l' fè a. Pa fè kòlè lè ou wè moun gen zafè yo ap mache byen. lè ou wè moun reyalize tout move lide yo gen nan tèt yo. Moun ki mete konfyans yo nan Seyè a va pran peyi a pou yo. Men, y'ap disparèt mechan yo. Talè konsa, p'ap gen mechan ankò. W'a chache yo, ou p'ap jwenn yo. Men, moun ki soumèt devan Bondye, yo pral resevwa pèyi a pou byen yo, y'a viv ak kè poze nèt ale. (Sòm 37:1-2, 7, 9-11)
Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo. Men, pye m' glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe, paske mwen te anvye sò moun k'ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz. Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra. Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen. Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y'ap plede bat moun. Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo. Y'ap pase lòt moun nan rizib, y'ap pale move pawòl. Yo awogan, y'ap plede mache di jan y'ap kraponnen moun. Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y'ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans. Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo. Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l' ta pase pou li konnen? Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y'ap anpile richès sou riches. Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m' pou m' pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m' nan move zafè? Se tout lajounen, Bondye, w'ap fè m' soufri. Chak maten, ou la pou pini mwen. Si m' di nan kè m': Bon, m'ap pale tankou mechan yo! Si m' fè sa, se trayi mwen ta trayi moun k'ap sèvi ou yo. Se konsa mwen kalkile anpil pou m' konprann bagay sa a. Men, se pa t' bagay fasil menm pou mwen, jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m' wè jan mechan yo gen pou yo fini. Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini. Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè. Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa. (Sòm 73:1-20)
Tout moun va fè lwanj yon fanm ki gen bon karaktè. Konsa tou, gason ki gen kouraj nan travay ap jwenn ak kòb li. (Pwovèb 11:16)
Ou menm Seyè, ou pa nan patipri. Mwen pa ka nan plede avè ou. Men, mwen ta renmen mande ou yon bagay sou sa w'ap fè a. Poukisa zafè mechan yo mache byen konsa? Poukisa tout moun malonèt yo alèz konsa? Ou plante yo, yo pran rasin. Yo grandi, yo donnen. Non ou toujou nan bouch yo! Men, nan kè yo, yo pa sou bò ou. (Jeremi 12:1-2)

Rich ki pa gen Bondye

Te gen yon nonm moun lavil Maon ki te gen bitasyon l' lavil Kamèl. Nonm lan te rich anpil: li te gen twamil (03.000) tèt mouton ak mil (01000) tèt kabrit. Lè sa a, msye te lavil Kamèl pou fè taye lenn mouton l' yo. (1 Samyèl 25:2)
Pandan sis mwa, wa a t'ap fè yo wè jan palè l' la te rich, jan li te grannèg anpil, ak kantite bèl bagay li te genyen. (Estè 1:4)
Aman konmanse pale devan yo, li di yo jan li rich, jan li gen lajan, konbe pitit gason li genyen, jan wa a te moute l' grad, li te mete l' chèf anwo tout lòt chèf ak tout lòt moun k'ap sèvi nan gouvenman an. (Estè 5:11)
Peyi a plen ajan ak lò. Richès pèyi a pa gen limit. Peyi a plen chwal. Ou pa ka konte kantite cha pou fè lagè yo genyen. (Ezayi 2:7)
Lè ou voye machandiz ou yo vann lòt bò dlo, tout nasyon yo jwenn sa yo bezwen. Avèk kantite machandiz ak danre ou yo, ou te fè anpil wa vin rich. (Ezekyèl 27:33)
Koulye a, mwen pral fè ou konnen verite a. Zanj lan di m' ankò: -Gen twa lòt wa ki gen pou gouvènen peyi Pès la ankò, yonn apre lòt. Apre sa, ap gen yon katriyèm wa k'ap pi rich pase tout lòt yo. Avèk richès li, l'ap chita pouvwa li byen chita, epi li pral atake gouvènman peyi Lagrès la. (Danyèl 11:2)
Te gen yon nonm nan lavil la yo rele Zache. Li te chèf pèseptè kontribisyon yo, se te yon nonm rich. (Lik 19:2)

Kòmandman pou pa chèche pwosperite kèk moun

Konsa, toutotan n'ap viv sou latè, piga nou janm fè anyen ni pou ede yo ni pou fè yo plezi. (Deteronòm 23:6)
Enben! Piga nou marye pitit fi nou yo ak pitit gason yo, ni piga nou chwazi pitit fi yo pou pitit gason nou yo. Nou pa bezwen chache konnen si zafè yo ap mache, si yo gen kè kontan. Se sèl jan nou menm nou ka vin fò, nou ka manje tout bon bagay ki donnen nan peyi a, nou ka kite tè sa a pou pitit nou yo pou tout tan. (Esdras 9:12)

Move fason pou pwospere

Gen moun ki pwospere nan peche san yo pa rekonèt peche yo

Y'ap plede di: Nou fin rich. Nou fè yon bèl kòb. Men, nou travay di tou. Pesonn pa ka di nou te fè ankenn bagay mal pou n' gen tout lajan sa a! (Oze 12:8)
Moun k'ap achte yo a ap touye yo. Pesonn pa ka mande yo kont. Moun k'ap vann yo menm ap di: Lwanj pou Bondye! Gade jan nou rich non! Ata gadò mouton yo pa gen pitye pou yo. (Zakari 11:5)

Gen moun ki fè tankou yo relijye pou yo pwospere

Lè sa a, Mika di konsa: -Koulye a, mwen konnen Seyè a pral fè tout zafè m' mache byen paske mwen gen yon moun Levi k'ap sèvi m' prèt. (Jij 17:13)

Divès

Kouri dèyè konesans tankou moun k'ap kouri dèyè lajan. Chache konesans tankou moun k'ap chache ja lajan. (Pwovèb 2:4)
Pa kritike yon wa, pa menm nan kè ou. Pa kritike rich yo, pa menm anndan chanm ou. Paske raje gen zòrèy. (Eklezyas 10:20)

Pafwa moun twonpe sou sitiyasyon finansye yo

Gen moun ki pa gen anyen men ki pran pòz moun rich yo. Gen moun ki pran pòz moun pòv yo, epi se yo ki gen fòtin. (Pwovèb 13:7)

Lajan itilize pou montre valè Wayòm Bondye a

Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l' ankò. Li sitèlman kontan, li ale, li vann tou sa l' genyen, li tounen vin achte jaden an. Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon machann k'ap chache bèl grenn pèl. Lè li jwenn yon bèl grenn pèl ki chè anpil, li ale, li vann tou sa l' genyen pou l' ka achte li. (Matye 13:44-46)

Lavi ki jis konpare ak lajan

Pawòl ki soti nan bouch moun k'ap mache dwat, se lò. Men, lide k'ap travay nan tèt yon mechan pa vo anyen. (Pwovèb 10:20)

Jijman sou nasyon rich ki pa gen Bondye

Tout moun ap janbe lòt bò ravin Banbou avèk tou sa yo genyen ak tout pwovizyon yo. (Ezayi 15:7)
Nou menm ki rete nan peyi ki gen anpil rivyè a, nou menm ki gen anpil richès, men nou rive mezi bout nou! Nou fè kont nou koulye a. (Jeremi 51:13)
W'a pale ak moun lavil Tir yo, lavil ki kanpe bò lanmè a, lavil k'ap fè kòmès ak dènye moun ki rete bò lanmè, w'a di yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba yo: -Nou menm, moun lavil Tir, k'ap mache di: Pa gen pi bèl peyi pase peyi nou an! Moun lavil Tasis nan peyi Lespay vin fè kòmès ak ou, paske ou te gen tout kalite bèl bagay an kantite. Yo vann ou ajan, fè, fèblan ak plon pou yo te ka achte machandiz ou yo. Ou fè kòmès ak peyi Lagrès, ak lavil Toubal, ak lavi Mechèk. Yo vann ou esklav ak tout kalite bagay fèt an kwiv pou machandiz pa ou yo. Ou fè trafik ak moun Togama. Ou vann yo machandiz pa ou. Pou peye ou, yo ba ou chwal pou travay, chwal pou fè lagè ak milèt. Moun lavil Wòd yo fè kòmès avèk ou tou. Moun anpil lòt peyi ki bò gwo lanmè a te fè pratik ak ou. Ou ba yo machandiz ou yo, yo peye ak gwo kòn ivwa ak bwa nwa. Moun peyi Siri yo fè komès avèk ou paske ou te gen anpil machandiz. Yo vann ou bèl pyè ki koute chè, bèl twal wouj, twal bwode, grenn koray, twal fin blan, ak pyè woubi. Ou menm, ou vann yo machandiz pa ou. Moun peyi Jida ak moun peyi Izrayèl yo te fè kòmès avè ou tou. Pou peye ou, yo ba ou ble, pitimi, siwo myèl, lwil oliv ak zepis. Moun Damas yo achte machandiz ou yo ak tout kalite bèl bagay ou te gen an kantite. Yo te vann ou diven ki soti Elbon ak lenn ki soti Saar. Moun soti depi lavil Wazal, yo ba ou diven, fè fòje, kannèl ak zepis pou machandiz ou yo. Moun lavil Dadan yo ba ou sèl ak chabrak pou machandiz ou yo. Moun peyi Arabi yo ak chèf peyi Keda yo te pratik ou tou. Yo te vann ou ti mouton, belye mouton ak bouk kabrit. Machann ki soti Seba ak Rema vin vann ou bon kalite zepis, bèl pyè ki koute chè ak lò. Moun lavil Aran, moun lavil Kane, moun lavil Edenn, machann ki soti lavil Seba, lavil Asou ak lavil Chilman, yo tout t'ap fè kòmès avè ou. Yo vann ou bèl twal ki koute chè, twal wouj, twal bwode, bèl tapi tout koulè, bon kòd trese byen solid. Gwo batiman Tasis yo t'ap vwayaje toupatou al vann machandiz ou yo. Ou te tankou yon batiman chaje kouleba, nan mitan lanmè. Moun ki t'ap naje zaviwon yo te mennen ou byen lwen nan fon lanmè. Yon sèl van lès te fè ou koule byen lwen nan mitan lanmè. Tout richès ou yo, tout machandiz ou yo, ak tout pwovizyon ou yo ansanm ak tout maren ak tout moun k'ap travay pou ou yo, bòs chapant ki pou fè reparasyon pou ou yo, machann ou yo, tout sòlda ki te abò ou yo ansanm ak tout foul moun ki te nan batiman an, yo tout, wi, yo tout pèdi nan lanmè lè batiman ou lan koule. (Ezekyèl 27:3, 12-27)
Pèp Izrayèl la te tankou yon bèl pye rezen ki te konn donnen anpil. Plis pye rezen an t'ap donnen, se plis yo t'ap bati lotèl pou zidòl. Plis tè a t'ap bay, se plis yo t'ap fè pi bèl estati pou zidòl yo. Yo pa t' sensè! Koulye a, yo pral peye pou sa yo fè: Bondye pral kraze ni lotèl yo, ni estati yo. (Oze 10:1-2)
Nou menm ki rete anba lavil, rele byen fò paske tout moun ki t'ap fè trafik yo pral mouri. Wi, yo pral disparèt tout moun ki t'ap fè lajan sou tèt moun nan kòmès. Se sa yo kwè! Y'ap piye tout richès yo, y'ap kraze tout kay yo. Y'ap bati kay, men yo p'ap menm gen tan antre ladan yo. Y'ap plante pye rezen, men yo p'ap menm gen tan pran fre diven an. Jou Seyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo. (Sofoni 1:11, 13, 18)
Lavil Tir bati gwo miray ranpa ak fò. Yo anpile lò ak ajan lakay yo tankou pousyè granchemen. Men, Seyè a pral pran lavil la pou li. Li pral voye tout richès li yo nan lanmè. Dife pral boule lavil la nèt. (Zakari 9:3-4)

Wa a pa t dwe vin twò rich

Men, wa sa a pa bezwen gen kantite chwal pou lame li, ni li pa bezwen voye moun nan peyi Lejip al achte chwal pou kavalye l' yo, paske Seyè a te di nou: Piga nou janm pran chemen tounen nan peyi sa a ankò. Wa a pa fèt pou l' gen anpil madanm, paske sa ka fè l' pèdi tèt li. Li pa fèt pou l' gen twòp ajan ak twòp lò pou tèt pa l'. (Deteronòm 17:16-17)

Wa yo te dezobeyi kòmandman pou yo pa vin twò rich

Salomon te gen katmil (04.000) pak pou chwal cha lagè yo, ak douzmil (012.000) chwal pou sòlda. (1 Wa 4:26)
Chak lanne wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò, san konte lajan li resevwa nan men moun k'ap fè trafik, nan men moun k'ap fè komès, nan men wa peyi Arabi yo ak nan men gouvènè pèp Izrayèl yo. Salomon te fè fè desan (0200) gwo plak pwotèj an fè. Lèfini, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kenz liv. Li fè fè tou twasan ti plak pwotèj an fè, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kat liv. Li mete tout plak pwotèj sa yo nan Salon Rakbwa peyi Liban an. Li fè fè yon gwo fotèy ak kòn elefan. Li fè kouvri l' ak pi bon kalite lò ki genyen. Pou rive bò fotèy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Dèyè fotèy la te gen pòtre yon gwo tèt towo. Sou kote manch yo sou chak bò, te gen pòtre yon lyon. Te gen douz lyon sou macheskalye yo, de sou chak mach, nan de pwent yo. Pa t' gen ankenn lòt peyi ki te gen fotèy pou w'a parèy ak fotèy sa a. Tout gode wa Salomon te sèvi pou l' bwè te fèt an lò. Tout bagay ki te sèvi nan Salon Rakbwa peyi Liban an te fèt ak bon lò. Yo pa t' sèvi ak ajan menm, paske nan tan Salomon ajan pa t' vo anyen. Li te gen kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje toupatou sou lanmè ansanm ak batiman Iram yo. Chak twazan, batiman yo tounen, yo pote lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak. Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo, li te gen plis bon konprann pase yo tout. Tout moun toupatou te vle vin wè l' pou tande pawòl bon konprann Bondye te mete nan bouch li. Chak moun ki te vini te pote kado pou li: bagay fèt an ajan ak an lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lanne se te konsa. Salomon te sanble mil katsan (01.400) cha lagè ak douzmil (012.000) chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati tout espre pou yo. Rès yo, li mete yo bò kote l' lavil Jerizalèm. Pandan tout rèy wa a, ajan te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa ki nan plenn peyi Jida yo. Chwal Salomon yo te soti nan peyi Lejip ak nan peyi Silisi. Wa a te gen moun pa l' ki te konn al achte chwal yo pou li la. (1 Wa 10:14-28)
Li te sanble milkatsan (01.400) cha lagè ak douzmil (012.000) chwal pou sòlda kavalye li yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati espre pou yo. Rès yo, li mete yo toupre l' lavil Jerizalèm. Pandan tout rèy li, ajan ak lò te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa ki nan plenn peyi Jida yo. Chwal Salomon yo te soti nan peyi Moukri ak nan peyi Silisi. Wa a te gen moun pa l' ki te konn al achte chwal yo la pou li. Chak cha lagè yo te achte nan peyi Lejip te koute sisan (0600) pyès ajan, chak chwal te koute sansenkant (0150) pyès ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo. (2 Istwa 1:14-17)
Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou chita sou fotèy li a pou ou te ka wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la, li vle pou peyi a pa janm disparèt. Li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen, san patipri. Larenn Saba a fè wa a kado twa tòn edmi lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Pat janm rive gen nan pèyi Izrayèl la kantite fèy santi bon tankou sa larenn Saba a te bay wa Salomon lè sa a. Moun Iram yo ansanm ak moun Salomon yo, ki te al chache lò nan peyi Ofi, te pote yon gwo kantite bwa koray ak anpil bèl pyè koute chè soti nan menm peyi a. Salomon sèvi ak bwa koray yo pou fè planche nan Tanp lan ak nan palè a. Li fè gita ak bandjo pou mizisyen yo ak bwa sa a tou. Yo pa t' janm wè bagay konsa nan peyi Jida a anvan sa. Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l', san konte kado li te ba li pou koresponn ak sa larenn lan te pote ba li. Apre sa, larenn lan tounen tounen l' nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. Chak lanne, wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò, san konte lajan li te resevwa nan men moun k'ap fè trafik yo ak moun k'ap fè kòmès yo. Tout wa peyi Arabi yo ak gouvènè pèp Izrayèl yo te pote lò ak ajan bay Salomon tou. Salomon te fè fè desan (0200) gwo plak pwotèj an fè. Lèfini, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze douz liv. Li fè fè twasan (0300) ti plak pwotèj, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze sis liv. Li mete tout plak pwotèj sa yo nan salon Rakbwa Peyi Liban an. Li fè fè tou yon gwo fotèy ak kòn elefan. Li fè kouvri l' ak pi bon kalite lò ki genyen. Pou rive bò fotèy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Devan fotèy la te gen yon ti ban an lò pou wa a lonje pye l'. Fotèy la te gen de manch. Sou kote manch yo, sou chak bò te gen pòtre yon lyon. Te gen douz lyon sou mach eskalye yo, de sou chak mach nan de pwent yo. Pat gen ankenn lòt peyi ki te gen yon fotèy pou wa parèy ak sa a. Tout gode wa Salomon te sèvi pou l' bwè te fèt an lò. Tout bagay ki te sèvi nan Salon Rakbwa Peyi Liban an te fèt an bon lò. Yo pa t' sèvi ak ajan menm, paske sou rèy Salomon, ajan pa t' vo anyen. Li te gen yon kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje ale nan peyi Tasis. Se moun Iram yo ki te mennen yo pou li. Chak twazan, batiman yo te tounen chaje ak lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak. Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo. Li te gen plis bon konprann pase yo tout. Tout wa toupatou te vin wè Salomon pou tande bèl pawòl Bondye te mete nan bouch li. Chak moun ki te vini te pote kado pou li, bagay ki fèt an ajan ak an lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lanne se te konsa. Salomon te gen katmil (04.000) kay kote li te mete chwal li yo ak cha lagè, ak douzmil (012.000) chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon nan lavil kote li te gen cha li yo, rès yo li mete yo lavil Jerizalèm bò kote l'. Salomon te sèl chèf sou tout wa ki t'ap gouvènen depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti, jouk sou fwontyè peyi Lejip. Pandan tout rèy li, ajan te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa nan plenn peyi Jida yo. (2 Istwa 9:8-27)

Pwofesi

(045:13) Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou. (Sòm 45:12)
Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a. Ezayi di l' konsa: -Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn li: -Yo wè tou sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo. Ezayi di wa Ezekyas konsa: -Koute mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a voye ba ou: Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile jouk jounen jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa. (Ezayi 39:2, 4-6)
Lè n'a wè sa, n'a kontan nèt ale! Kè nou pral bat, nou p'ap konn kote pou n' mete kò nou! Y'ap pote richès nasyon yo ban nou. Y'ap soti lòt bò lanmè, y'ap vin jwenn nou. Y'ap ban nou kantite chamo ki soti peyi Madyan ak peyi Efa. Nou p'ap konnen kote pou n' mete yo. Moun ap soti peyi Saba, chaje lò ak lansan. Y'ap pwonmennen fè lwanj Seyè a toupatou. Se yon bann bato k'ap soti byen lwen, bato peyi Tasis yo devan. Y'ap mennen moun pèp Bondye a tounen lakay yo. Y'ap pote ajan ak lò ak yo an kantite, pou sa sèvi yon lwanj pou Seyè a, Bondye nou an. Paske Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa, te fè bèl bagay pou pèp li a. Pòtay nou yo ap rete louvri lajounen kou lannwit. Yo p'ap janm fèmen, pou wa lòt nasyon yo ka pote tout richès peyi yo lakay nou. (Ezayi 60:5-6, 9, 11)
Men nou menm, y'a rele nou prèt Seyè a. Wi, y'a rele nou Sèvitè Bondye nou an! N'a jwi richès lòt nasyon yo. Tout bèl bagay lakay yo, se pou nou y'a ye. Kote yo te konn fè nou wont, se sou tèt y'a pote nou. Kote yo te konn pase nou nan rizib, y'a fè gwo fèt pou nou. N'a rete nan peyi nou, richès nou va double. N'a toujou gen kè kontan san rete. (Ezayi 61:6-7)
Mwen pral souke tout nasyon yo. Yo pral pote tout richès yo isit la, yo pral plen kay sa a ak bèl bagay. Se Seyè ki gen tout pouvwa a menm ki di sa. (Aje 2:7)
Zanj lan di m': -Men yon lòt bagay pou fè yo konnen ankò. Seyè a pale, li di konsa: Lavil mwen yo pral wè zafè yo mache byen ankò. M'ap gen pitye pou mòn Siyon an ankò. Mwen pral chwazi lavil Jerizalèm pou li rele m' pa m' ankò. (Zakari 1:17)
Se menm mesaj sa a Seyè a te voye pwofèt tan lontan yo vin di nou. Lè sa a, lavil Jerizalèm te plen moun, zafè yo t'ap mache byen. Te plen moun ap viv nan ti bouk ki toutotou lavil la, nan zòn Negèv la ak nan plenn sou bò solèy kouche a. (Zakari 7:7)
Tout wa sou latè, chèf, kòmandan, moun rich, grannèg ansanm ak tout lòt moun, kit yo esklav, kit yo lib, yo tout al kache nan twou wòch ak dèyè gwo wòch nan mòn yo. Yo t'ap pale ak mòn yo ansanm ak wòch yo tankou ak moun. Yo t'ap di yo: Tonbe sou nou. Kache nou pou moun ki chita sou fòtèy la pa wè nou, pou kòlè ti Mouton an pa tonbe sou nou. (Revelasyon 6:15-16)
Bèt la te egzije pou tout moun, piti kou gran, rich kou pòv, esklav kou lib, pou yo te resevwa yon mak sou men dwat yo osinon sou fwon yo. Pesonn pa t' kapab ni achte ni vann anyen si li pa t' gen mak sa a, sa vle di si l' pa t' gen non bèt la osinon nimewo ki koresponn ak non l' lan. (Revelasyon 13:16-17)
Fanm lan te gen yon rad swa mòv ak wouj san sou li. Li te chaje ak bijou fèt an lò, ak piè tout koulè ansanm ak bèl grenn pèl. Li te kenbe nan men l' yon gode fèt an lò ki te plen ak madichon ansanm ak vie bagay sal lavi jennès li a. (Revelasyon 17:4)
Paske, li fè tout nasyon yo bwè nan diven l' lan, diven gwo imoralite l' la. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd ansanm avè li. Tout kòmèsan latè yo rich sou tèt li, pou kantite lajan li depanse nan banbòch. (Revelasyon 18:3)
Kòmèsan latè yo tou t'ap rele, yo t'ap kriye pou li, paske pa t' gen pesonn ankò pou achte machandiz yo: lò, ajan, bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal koulè violèt, twal koulè wouj, bèl swa, tout kalite bèl bwa ki santi bon, tout kalite bagay ki fèt an ivwa, an bwa ki koute chè, an asie, an fè ak an mab, kannèl, epis, odè, mir ak lansan, diven ak lwil, farin frans ak diri, bèf ak mouton, chwal ak bèl cha pou moun woule, esklav ak nanm moun. Kòmèsan yo t'ap di lavil la: Tout bèl machandiz ou te vle genyen yo disparèt lakay ou. Ou pèdi tout richès ou yo ak tout bèl bagay ou te gen an kantite. Ou p'ap janm jwenn yo ankò! Kòmèsan ki te fin rich nan fè kòmès nan lavil la va rete byen lwen, tèlman yo pral pè jan li pral soufri a. Y'a plenn sò li, y'a kriye, y'a di: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Pou jan li te abiye ak twal koulè violèt, twal fin koulè wouj! Pou jan l' te chaje ak bijou an lò, ak bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl! Yon sèl moman kont pou l' te pèdi tout richès sa yo! Tout kaptenn bato ak pasaje yo, marin yo ansanm ak tout moun k'ap chache lavi yo sou lanmè, yo tout te rete byen lwen. Lè yo wè lafimen dife ki t'ap boule lavil la, yo pran rele: pa t' gen okenn lòt lavil ki te tankou gwo lavil sa a! Yo pran tè jete sou tèt yo, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn, yo t'ap rele: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Tout moun ki gen bato sou lanmè te fin rich ak richès li yo. Nan yon sèl moman li pèdi tout sa l' te genyen! (Revelasyon 18:11-19)

Espwa richès itilize kòm motivasyon

Konsa n'a rete ansanm ak nou nan peyi a. n'a rete kote nou vle, n'a fè kòmès jan nou vle, n'a achte tè nou vle. Apre sa, Sichèm di papa ak frè Dena yo: -Fè m' favè sa a, tanpri. m'a ban nou tout sa nou vle. Di m' kisa pou m' fè nou kado. Nou mèt mande m' nenpòt ki gwo pri pou maryaj la. M'ap ban nou tout sa n'a mande m'. Men, se pou nou dakò. Kite m' marye ak fi a. (Jenèz 34:10-12)
-Mesye sa yo, se pa moun ki vin pou kont. Ann kite yo rete nan peyi a. Ann kite yo fè trafik yo. Peyi a gen kont plas pou yo. Ann marye ak pitit fi yo, ann kite yo marye ak pitit fi nou yo. Konsa, tout bèt yo, tout byen yo, tout zannimo yo ap vin pou nou yon lè. Se asepte pou n' asepte kondisyon an pou yo ka rete viv ansanm ak nou. (Jenèz 34:21, 23)
Yonn t'ap di lòt: -Gade nonm lan non! Tande jan l'ap mete nou an defi! Si yon moun rive bat nonm sa a, wa a ap fè moun sa a rich, l'ap marye l' ak pitit fi li. Lèfini, l'ap bay tout fanmi l' yo dwa pou yo pa janm bezwen peye ankenn taks nan peyi Izrayèl. (1 Samyèl 17:25)