Kòmandman pou pa maltrete pòv yo
Piga nou maltrete moun lòt nasyon ki vin rete nan peyi nou. Piga nou peze yo non plis, paske nou menm, chonje nou te etranje tou nan peyi Lejip. Piga nou maltrete ni vèv yo, ni timoun san papa yo. Si nou malmennen yo, m'ap reponn yo lè y'a rele mande m' sekou. m'a fache, m'a fè nou mouri nan lagè. Konsa, madanm nou yo ap vin vèv tou, pitit nou yo ap rete san papa tou. (Egzòd 22:21-24)
Yo fè, yo fè jouk pòv yo rele mande Bondye sekou, jouk Bondye tande jan piti yo ap rele anba men yo. (Jòb 34:28)
Yon pòv k'ap peze pi pòv pase l', se tankou yon gwo lapli ki gate tout jaden nèt. (Pwovèb 28:3)
Mechan yo maltrete pòv yo
Moun sòt yo ap plede di yon bann vye koze san sans. Y'ap fè move lide nan tèt yo. Konsa, y'ap fè bagay Bondye pa vle moun fè, y'ap bay manti sou Bondye. Yo p'ap janm bay moun ki grangou yon ti manje, yo p'ap janm bay moun ki swaf dlo yon ti gout dlo pou yo bwè. Bakoulou, se koken k'ap fè mechanste. L'ap fè move plan nan tèt li pou l' woule pòv malere yo anba manti, pou l' enpoze endijan yo jwenn jistis. (Ezayi 32:6-7)
Deskripsyon moun ki maltrete pòv yo
Yon chèf malveyan se tankou lyon ki move, tankou lous ki grangou. Pòv malere san sekou devan yo. (Pwovèb 28:15)
Gen yon lòt kalite moun, se bèt nan bwa yo ye. Pou yo viv, y'ap devore malere yo, y'ap pwofite sou pòv yo. (Pwovèb 30:14)
Jijman sou moun ki maltrete pòv yo
Pitit yo va peye pòv yo pou tou sa yo te fè yo. Se pwòp pitit yo ak men yo ki va renmèt pòv yo sa yo te pran pa fòs. (Jòb 20:10)
Mechan an gen pou l' vonmi tout richès li te vòlò yo, paske Bondye ap foure dwèt nan gòj li. (Jòb 20:15)
L'ap blije bay tou sa li te travay fè. Li p'ap gen chans jwi richès li yo. Paske li te piye kay pòv malere yo, li te pito vòlò kay moun pase pou l' bati. Li pa t' janm gen kont li. Men, richès li p'ap ka delivre l'. (Jòb 20:18-20)
Li pèdi tou sa li te sere. Yon dife pesonn pa limen ap boule l'. L'ap devore tou sa ki lakay li. (Jòb 20:26)
Yon sèl dlo desann va pote kay li ale, jou Bondye va fè kolè sa a sou li. (Jòb 20:28)
Mechan yo rale koulin yo, y'ap pare banza yo, pou yo touye pòv yo ak malere yo, pou ansasinen moun k'ap mache dwat yo. Men, se yo menm menm koulin yo pral rache. Banza yo menm ap kase nan men yo. (Sòm 37:14-15)
Se pou moun ki te prete l' lajan mete men sou tou sa ki pou li. Se pou etranje piye rekòt jaden li. (Sòm 109:11)
...paske li pa janm chonje gen pitye pou pesonn. Li pèsekite malere yo, endijan yo, moun ki san sekou, jouk li touye yo. (Sòm 109:16)
Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv. (Pwovèb 22:16)
Pa pran ti sa pòv la genyen an paske se pòv li ye. Pa pwofite sou ti malere yo nan tribinal. Se Seyè a ki va plede kòz yo pou yo. L'a touye moun ki vòlò malere sa yo. (Pwovèb 22:22-23)
Seyè a rele chèf fanmi yo ak lòt chèf pèp li a nan tribinal. L'ap denonse yo. Li di konsa: Se nou menm ki fin piye jaden rezen yo. N'ap vòlò pòv malere yo pou nou plen kay nou. Nou pa gen dwa kraze pèp mwen an konsa. Nou pa gen dwa pwofite konsa sou pòv yo. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale. (Ezayi 3:14-15)
Madichon pou chèf k'ap bay move lòd pou kache lenjistis y'ap fè, k'ap ekri move lwa pou peze pèp la! Se konsa, yo enpoze pòv malere yo defann dwa yo. Yo fè jijman ki pou ta nan avantaj pèp la tounen nan avantaj pa yo. Y'ap piye fanm ki pèdi mari yo, y'ap vòlò byen timoun ki san papa yo! (Ezayi 10:1-2)
Seyè a pale ak Jeremi, li di l': -Desann ale kay wa peyi Jida a, pou ba l' mesaj sa a: Ou menm wa peyi Jida, ki chita sou fotèy David la, nou menm chèf yo ansanm ak tout pèp k'ap antre soti nan pòtay lavil la, koute sa Seyè a di nou: Mwen menm Seyè a, m'ap mande nou pou nou fè sa ki dwat, pou nou rann jistis san patipri. Se pou nou wete moun y'ap peze yo anba men moun k'ap peze yo a. Pa malmennen moun lòt nasyon ki lakay nou yo, timoun ki san papa yo ak vèv yo. Pa pwofite sou yo. Pa touye moun inonsan isit la. Si tout bon vre nou fè jan m' mande nou fè la a, n'a toujou gen yonn nan moun fanmi David yo pou wa. Li menm ansanm ak chèf li yo ak tout pèp la va toujou antre soti nan pòtay palè a sou cha ak sou chwal yo. Men, si nou pa koute m', m'ap fè nou sèman: palè sa a gen pou kraze. Se mwen menm Seyè a ki di sa. (Jeremi 22:1-5)
Nan lavil la, pesonn pa respekte papa ak manman yo ankò. Y'ap pwofite sou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan yo. Y'ap maltrete fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki san papa. (Ezekyèl 22:7)
Nan tout peyi a moun yo lage kò yo nan fè mechanste, nan vòlò zafè moun. Y'ap toupizi pòv malere yo ak moun ki nan malsite yo, y'ap pwofite sou moun lòt nasyon yo san rezon. (Ezekyèl 22:29)
Seyè a di konsa: Moun pèp Izrayèl yo ap plede fè peche sou peche san rete. Mwen fin pran desizyon m', mwen p'ap chanje lide. Yo pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, yo vann yo tankou esklav. Yo pran pòv malere ki pa gen senk pou peye dèt yo, yo vann yo pou gremesi. Y'ap pilonnen malere anba pye yo. Y'ap fè pòv yo vin pi pòv. Papa kou pitit al dèyè fi k'ap sèvi nan kay la. Konsa, yo trennen non Bondye nan labou. (Amòs 2:6-7)
Nou menm, gwo fanm peyi Samari yo, nou gra tankou manman bèf Bazan. N'ap maltrete malere yo, n'ap peze pòv yo, epi n'ap di mari nou yo pote diven ban nou bwè. Koute sa Seyè a di: Seyè a se yon moun apa. Se yon Bondye tout bon. Li fè sèman sou tèt li. Li di konsa: Yon jou gen pou rive, y'ap fwennen nou tankou pwason ki pran nan zen. Y'ap pote nou tout ale. (Amòs 4:1-2)
Li rale malè sou gwo chèf yo, li fè kraze sitadèl yo nèt. Nou pa vle wè moun k'ap denonse lenjistis. Nou pa vle wè moun k'ap di verite nan tribinal. Nou fin peze pòv malere yo, nou fòse yo ban nou nan rekòt jaden yo. Se poutèt sa, nou p'ap rete nan bèl gwo kay an wòch nou bati yo, ni nou p'ap bwè diven ki fèt ak rezen ki soti nan bèl jaden nou te plante yo. Mwen konnen tou jan peche nou fè yo gwo anpil, jan se pa de ti krim nou pa fè. Nou pèsekite moun serye. Nou pran lajan nan men moun k'ap achte figi nou. Nou enpoze pòv malere yo jwenn jistis nan tribinal. (Amòs 5:9-12)
Koute byen sa m'ap di nou la a, nou menm k'ap kraze pòv malere yo anba pye nou, nou menm k'ap fini ak malere yo nan peyi a. N'ap plede di: Kilè fèt lalin nouvèl lan va pase pou nou ka vann diri nou? Kilè jou repo a va pase pou nou ka louvri depo nou yo pou nou vann? Lè sa a, n'a moute pri tout bagay, n'a sèvi ak fo mezi, n'a ranje balans yo pou nou ka twonpe pratik yo. N'a pran moun serye ki pa ka peye dèt yo, n'a achte yo pou sèvi esklav. N'a pran pòv malere ki pa gen senk, n'a achte yo pou pri yon pè sapat. N'a vann ata pay diri a pou gwo lajan. (Amòs 8:4-6)
-Mwen te pale ak pèp mwen an, mwen te di yo se pou yo rann jistis san patipri. Se pou yo aji ak bon kè yonn ak lòt, se pou yo gen pitye yonn pou lòt. Pa peze vèv yo, ni timoun san papa yo, ni moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, ni moun ki nan nesesite. Pa rete ap kalkile nan tèt nou jan pou nou fè lòt moun mal. Men, yo te derefize koute m'. Yo t'ap fè wondonmon. Yo bouche zòrèy yo pou yo pa tande. Yo fè kè yo di kou wòch pou yo pa tande lòd ak mesaj mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen te voye ba yo. Se Lespri Seyè a menm ki te mete nan bouch pwofèt tan lontan yo mesaj sa yo. Se konsa Seyè ki gen tout pouvwa a te move anpil sou yo. (Zakari 7:9-12)
Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -m'a vin jwenn nou pou rann jistis. Parèt mwen parèt, m'ap denonse moun k'ap fè maji, moun k'ap fè adiltè, moun k'ap fè sèman pou twonpe moun, moun k'ap kenbe nan lajan moun k'ap travay pou yo, moun k'ap peze fanm ki pèdi mari yo ak timoun ki pèdi papa yo, moun k'ap pwofite sou moun lòt nasyon, moun ki pa genyen m' krentif. (Malachi 3:5)
Demann pou Seyè a jije maltretman pòv yo
Ou menm k'ap jije tout moun sou latè, leve non! Bay moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sa yo merite! (Sòm 94:2)
Y'ap koupe kou vèv yo, y'ap koupe kou timoun ki san papa yo, y'ap ansasinen etranje k'ap viv nan peyi a. (Sòm 94:6)
Lè konsa yo di: Seyè a pa wè nou! Bondye pèp Izrayèl la pa okipe bagay konsa! (Sòm 94:7)
Egzanp maltretman pòv yo
Rad ou yo tache ak san pòv ansanm ak san inonsan, moun ou pa t' bare ap fè anyen ki mal. Malgre tou sa, (Jeremi 2:34)
Moun relijye ki maltrete pòv yo
Nan sa li t'ap moutre moun yo, li di yo konsa: -Pran prekosyon nou avèk dirèktè lalwa sa yo. Yo renmen pwonmennen avèk wòb long yo, yo renmen moun di yo bonjou jouk atè lè yo sou plas piblik. Lè y' al nan sinagòg, yo chita kote pou tout moun wè yo. Nan resepsyon yo chache pi bon plas la. Se piye y'ap piye malerèz yo, an menm tan y'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Kondannasyon yo pral pi rèd. (Mak 12:38-40)
Pran prekosyon nou avèk dirèktè lalwa yo. Yo renmen pwonmennen avèk rad long yo; yo renmen moun bese tèt yo jouk atè pou di yo bonjou sou plas piblik; lè y' al nan sinagòg, yo toujou ap chache pou yo chita kote pou tout moun ka wè yo; nan resepsyon yo chache pi bon plas la. Se piye y'ap piye pòv vèv yo, anmenmtan y'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Chatiman moun sa yo pral pi rèd. (Lik 20:46-47)
Maltrete pòv yo se yon bagay ki fèt souvan
Ou pa bezwen sezi lè ou wè nan yon peyi, chèf ap peze pòv malere. Yo refize rann yo jistis, yo derefize defann dwa inonsan yo. Chak chèf gen yon gwo chèf dèyè l'. Lèfini yo tou de gen yon pi gwo chèf ankò dèyè yo. (Eklezyas 5:8)
Defann/ede pòv yo/moun ki san sekou
Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo. Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo. (Pwovèb 31:8-9)
Manyè aprann fè sa ki byen! Chache fè sa ki dwat devan mwen! Pran defans moun y'ap kraze yo! Defann kòz timoun ki san papa ak fanm ki pèdi mari yo. (Ezayi 1:17)
Nou menm ki soti nan branch fanmi wa David la, men sa Seyè a voye di nou. Rann tout moun jistis chak jou. Pwoteje moun y'ap peze yo, wete yo anba ponyèt moun k'ap peze yo a. Si nou pa fè sa, mwen pral fè kòlè sou nou. M'ap boule nou tankou dife moun pa ka touye, paske nou fè anpil mechanste. (Jeremi 21:12)
Moun ki gen lakrentif Bondye ede pòv yo
Moun ki mache dwat konnen pou l' respekte dwa pòv malere. Men, mechan an pa konnen bagay konsa. (Pwovèb 29:7)
Eske mwen pa t' nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè? Eske kè m' pa t' fè m' mal pou moun ki pa t' gen anyen menm yo? (Jòb 30:25)
Seyè a beni moun ki ede pòv yo
(041:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (041:2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray. (041:3) Seyè a va pwoteje l', li p'ap kite l' mouri. L'ap fè l' viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l' nan men lènmi l' yo pou yo fè sa yo vle avè l'. (041:4) Seyè a va ba l' fòs lè maladi fè l' pran kabann. Seyè a va ba l' gerizon lè li malad kouche. (Sòm 41:1-3)
Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa. (Pwovèb 19:17)
Li beni lidè ki te ede pòv yo
Lè yon wa pran kòz malere yo pou l' defann dwa yo san patipri, wa sa a la pou l' gouvènen lontan. (Pwovèb 29:14)
Se pou nou chanje jan n'ap viv la. Sispann fè sa n'ap fè a! Rann tout moun jistis san patipri. Pa pwofite sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa yo, sou fanm ki pèdi mari yo. Sispann fè san moun inonsan koule nan peyi a. Pa kouri dèyè lòt bondye yo. Se va pou malè nou. Lè sa a, m'a kite nou viv isit la, nan peyi mwen te bay zansèt nou yo pou tout tan tout tan. Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen. Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan. (Jeremi 7:5-9)
Bay pòv yo manje epi Seyè a ap remèt ou
Jezi pale ak moun ki te envite l' la. Li di li: Lè w'ap fè yon fèt, piti ou gwo, pa envite ni zanmi ou, ni frè ou, ni fanmi ou, ni vwazen ou yo ki rich. Paske, yon lè y'a envite ou tou. Konsa, se tankou si yo ta renmèt ou sa ou te fè a. Men, lè w'ap fè yon fèt, envite pòv yo, enfim yo, moun k'ap bwete, moun avèg yo. Konsa, se va yon benediksyon, paske yo p'ap kapab rann ou laparèy. Se Bondye ki va renmèt ou sa lè tout moun ki fè byen yo va leve soti vivan nan lanmò. Lè l' tande pawòl sa yo, yonn nan moun ki te chita bò tab la di Jezi konsa: Se va yon gwo benediksyon pou moun ki va chita bò tab pou manje nan peyi kote Bondye Wa a. Jezi reponn li: Vwala, se te yon nonm ki te fè yon gwo fèt, li te envite anpil moun. Lè pou fèt la kòmanse, li voye domestik li di envite yo: Vini non, tout bagay fin pare koulye a. Men, tout envite yo, yonn apre lòt, pran fè eskiz. Premye a di li: Mwen fèk achte yon tè, fòk m' al wè li. Tanpri, eskize mwen. Yon lòt di li: Mwen fèk achte senk pè bèf; mwen pral seye yo. Tanpri, eskize mwen. Yon lòt di: Mwen fèk sot marye, se poutèt sa mwen pa ka ale. Domestik la tounen, li rapòte tout repons sa yo bay mèt li. Lè sa a, mèt kay la vin ankòlè; li di domestik la: Ale vit sou tout plas yo ak nan tout lari, mennen tout pòv yo vin isit, tout enfim yo, tout moun avèg ak moun k'ap bwete yo. Apre sa, domestik la di: Mèt, nou fè tou sa ou te mande nou fè, men gen plas toujou. Mèt la di domestik la: Ale nan gran chemen ak nan tout ti wout. Mezi moun wa jwenn, fè yo antre pou kay mwen an ka plen. (Lik 14:12-23)
Jije pòv la ak jistis
Lè yon malere nan pwose, pa anpeche yo fè l' jistis. (Egzòd 23:6)
Pa fè ankenn moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou lenjistis. Respekte dwa timoun ki san papa. Pa pran rad yon vèv an garanti pou lajan nou prete l'. (Deteronòm 24:17)
Fè pòv yo gras
Yo pral voye ou byen lwen pou ou pa mache sou moun. Ou pral rete ak bèt nan bwa pandan sètan. Ou pral manje zèb tankou bèf, ou pral dòmi deyò pou lawouze bat ou. Apre sa, w'a rekonèt se Bondye nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè. Se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen. Zanj yo te di pou yo te kite chouk la ak tout rasin li yo nan tè. Sa vle di w'ap moute wa ankò lè w'a rekonèt se Bondye nan syèl la k'ap gouvènen sou tout latè. Se poutèt sa, monwa, koute konsèy m'ap ba ou. Fè sa ki dwat devan Bondye pou kouvri peche ou yo. Gen pitye pou pòv malere yo pou kouvri tout mechanste ou yo! Konsa, monwa, w'a ka viv alèz ak kè poze pou lontan ankò. (Danyèl 4:25-27)
Moun ki pa defann pòv yo ap jije
Menm jan chasè yo plen kalòj yo ak zwezo, konsa tou, yo plen kay yo ak sa yo vòlò. Se sa ki fè yo grannèg, yo rich konsa. Yo gra, po figi yo klere ak grès. Yo pa gen limit nan fè sa ki mal. Pou yo ka rive, yo kraze tout moun anba pye yo, ata timoun san papa. Yo pa defann kòz malere. Atò, pou m' pa ta pini yo pou sa? Pou m' pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa? Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. (Jeremi 5:27-29)
Peche Sodòm: li pa t ede pòv yo
Kisa lavil Sodòm te fè konsa? Li t'ap gonfle lestonmak li sou moun, paske li te gen kont manje pou l' manje. Yo t'ap viv kè pòpòz san pwoblèm. Men, yo pa janm lonje men bay pòv malere ak moun ki nan nesesite. (Ezekyèl 16:49)
Egzanp yon lidè ki pa t defann pòv yo
Chèf nou yo leve vire do bay Bondye. Yo fè bann ak vòlò yo! Tout moun cho dèyè avantaj pa yo. Y'ap kouri dèyè moun k'ap bay lajan. Yo pa defann kòz moun ki san papa yo. Lè yon fanm san mari nan ka, yo pa gade l' menm. (Ezayi 1:23)
Jan nou trete pòv yo reflete sou Seyè a
Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye. (Pwovèb 14:31)
Lè w'ap pase yon pòv malere nan betiz, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Moun ki kontan lè malè rive yon lòt, Bondye ap pini l'. (Pwovèb 17:5)
Pati Bondye ak pòv yo
Seyè a pran swen/pwoteje pòv yo ak malere yo
L'ap defann kòz timoun ki san papa yo ak kòz fanm ki pèdi mari yo. Li renmen moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan pèp li a, li ba yo manje pou yo manje ak rad pou yo mete sou yo. (Deteronòm 10:18)
Men, Bondye sove pòv la anba dan yo. Li delivre malere anba ponyèt grannèg k'ap peze yo. (Jòb 5:15)
(09:19) Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon. (Sòm 9:18)
Men, ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm. Ou toujou pare pou ede yo. Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo, paske ou toujou ede moun ki san papa. (Sòm 10:14)
(012:6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan. (Sòm 12:5)
(034:7) Lè moun ki san sekou yo rele l', li reponn yo, li delivre yo anba tout tray. (Sòm 34:6)
M'a di ak tout kè mwen: -Seyè, pa gen tankou ou! Ou delivre fèb yo anba moun ki gen fòs pase yo. Ou delivre pòv yo ak malere yo anba moun k'ap piye yo. (Sòm 35:10)
(040:18) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m'. Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize! (Sòm 40:17)
(068:7) Moun ki san fanmi yo, li ba yo fanmi. Li fè prizonye yo soti nan prizon, li fè kè yo kontan. Men, pou moun k'ap kenbe tèt avè l' yo, y'ap rete nan prizon. (Sòm 68:6)
(068:11) Pèp ou a moute kay li nan peyi ou pare pou pòv malere yo, paske ou gen bon kè. (Sòm 68:10)
(069:34) Seyè a koute lè pòv yo ap lapriyè nan pye l'. Li pa bliye moun pa l' yo lè yo nan prizon. (Sòm 69:33)
(0102:18) L'a pran ka moun ki san sekou yo lè y'a lapriyè, wi, li p'ap meprize lapriyè yo. (Sòm 102:17)
Yo t'ap moute desann nan dezè a, kote ki pa gen moun rete a. Yo pa t' kapab jwenn chemen pou ale nan yon vil pou yo rete. (Sòm 107:4)
...paske li pran defans pòv malere a, li delivre l' anba men moun ki te kondannen l' yo. (Sòm 109:31)
Li bay pòv malere a men pou fè l' leve soti nan pousyè a. Li wete l' nan mizè. (Sòm 113:7)
M'a voye benediksyon sou tou sa li bezwen pou l' viv. M'a bay pòv li yo manje plen vant yo. (Sòm 132:15)
(0140:13) Mwen konnen Seyè a va fè pòv yo jistis. L'a defann kòz moun ki san sekou yo. (Sòm 140:12)
Li rann jistis an favè tout moun k'ap sibi lenjistis. Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje. (Sòm 146:7)
Seyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak timoun ki san papa yo. Men, li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo. (Sòm 146:9)
Seyè a ap bay pòv malere yo men pou yo leve. Men, l'ap rabese mechan yo jouk atè. (Sòm 147:6)
Seyè a ap disparèt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l'ap pwoteje kay fanm ki pèdi mari yo. (Pwovèb 15:25)
L'ap rann jijman pou pòv yo san patipri. L'ap defann dwa pòv malere nan peyi a san paspouki. L'ap denonse sa moun ap fè nan peyi a, l'ap pini yo. L'ap soufle ak bouch li sou mechan yo, l'ap disparèt yo. (Ezayi 11:4)
Seyè a va tounen yon gadò pou pòv malere ki nan peyi a. L'a fè yo manje, l'a ba yo kote pou yo rete san yo pa bezwen pè ankenn danje. Men, m'ap voye yon sèl grangou sou ras moun Filisti yo, yo yonn p'ap chape. (Ezayi 14:30)
Paske ou te sèvi pwoteksyon pou moun ki fèb, yon pwoteksyon pou malere lè yo te nan tray. Se bò kote ou yo pare lapli. Se anba lonbraj ou yo pare solèy. Lè mechan yo move, yo tankou gwo lapli loraj k'ap tonbe nan tan fredi. (Ezayi 25:4)
Lè malere yo ak pòv yo ap chache dlo pou yo bwè epi yo pa ka jwenn, lè gòj yo va chèch nèt sitèlman y'a swaf dlo, mwen menm, Seyè a, m'a ba yo sa yo lapriyè mande m' lan. Mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, mwen p'ap lage yo. (Ezayi 41:17)
Chante pou Seyè a. Fè lwanj li! Li rache pòv malere yo anba men mechan yo. (Jeremi 20:13)
Priyè pou Seyè a ede pòv yo
Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la. Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li. L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou. L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen. L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li! Se pou wa a viv lontan! Y'a ba li lò ki soti nan peyi Saba. Y'a toujou lapriyè pou li. Y'a mande pou Bondye beni li chak jou. (Sòm 72:4, 10, 12-15)
Pa kite moun y'ap peze yo wont! Fè pou pòv malere yo ka fè lwanj ou. (Sòm 74:21)
Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo! Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo. (Sòm 82:3-4)
Men, Seyè, Bondye mwen, fè kichòy pou mwen non, pou sa sèvi yon lwanj pou ou. Delivre m' non paske ou p'ap janm sispann renmen m'. Se yon pòv malere san sekou mwen ye, kè m' ap fann. (Sòm 109:21-22)
Pèspektiv moun sou pati Bondye ak pòv yo
Mechan yo deplase bòn tè moun. Yo vòlò mouton lòt moun, mete ansanm avèk bann mouton pa yo. Yo pran bourik ki pou timoun san papa yo. Yo sezi bèf vèv la jouk li resi peye dèt li. Yo enpoze pòv yo jwenn sa ki vin pou yo. Yo fòse tout pòv malere kouri al kache. Tankou bourik mawon, pòv yo soti al nan dezè a, y' al chache lavi pou pitit yo ki grangou. Pa gen lòt kote yo ka ale. Y'ap ranmase rekòt pou lòt moun. Y'ap keyi rezen nan jaden pou mechan yo. Lè yo toutouni, yo pa gen rad pou mete sou yo. Lannwit, yo pa gen anyen pou chofe kò yo lè yo frèt. Lapli k'ap tonbe sou mòn yo mouye yo jouk nan zo. Yo kwoupi kò yo dèyè wòch pou pare lapli. Mechan yo wete timoun san papa yo nan men manman yo pou fè yo tounen esklav. Yo pran rad pòv malere yo pou garanti dèt yo. Pòv yo menm ap mache yon men devan yon men dèyè, san rad pou mete sou yo. Y'ap mache ranmase rekòt nan jaden, men y'ap mouri grangou. Nan lakou mechan yo y'ap moulen grenn oliv fè lwil. Y'ap kraze rezen fè diven. Men y'ap mouri swaf dlo. Nan lavil yo, ou tande moun k'ap mouri yo ap plenn. Ou tande moun ki blese yo ap rele anmwe. Men, Bondye fè tankou li pa tande yo. Anvan bajou kase, ansasen an gen tan leve, pou li al touye pòv malere yo. Lannwit, se vòlò l'ap mache vòlò. (Jòb 24:2-12, 14)
Pèspektiv Bondye sou pòv yo
Mwen konnen jan w'ap soufri. Mwen konnen jan ou pòv. Men, pou di vre, ou rich anpil! Mwen konnen jan moun ki swadizan jwif yo ap pale ou mal. Men, se pa jwif yo ye. Se yon bann moun Satan. (Revelasyon 2:9)
W'ap plede di: Mwen rich, zafè m' ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Pòdiab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutoni ak tou de je ou yo pete! Se poutèt sa, mwen ta ba ou konsèy achte nan men m' bon lò san melanj ki pase nan dife. Konsa ou va rich tout bon. Achte nan men m' tou rad blan pou mete sou ou pou moun pa wè jan ou toutouni. Sa se yon wont pou ou. Achte nan men m' tou renmèd pou mete nan je ou pou ou ka wè. (Revelasyon 3:17-18)
Seyè a chwazi moun ki fèb pou fè moun ki fò yo wont
Koulye a, frè m' yo, chonje ki kalite moun nou te ye lè Bondye te rele nou. Pa gen anpil nan nou ki gen bon konprann dapre sa lèzòm rele bon konprann, pa gen anpil grannèg, ni anpil moun gran fanmi. Se konsa, Bondye chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun sòt pou l' fè moun ki gen bon konprann yo wont. Li chwazi moun lèzòm konsidere tankou moun ki fèb pou l' fè grannèg yo wont. (1 Korint 1:26-27)
Seyè a fè tout moun
Pa gen diferans ant moun rich ak moun pòv, paske tou de se kreyati Bondye yo ye. (Pwovèb 22:2)
Gen yon bagay ni pòv la ni moun k'ap peze l' la gen ansanm: se Bondye ki bay ni yonn ni lòt je pou yo wè. (Pwovèb 29:13)
Pèspektiv moun sou pòv yo
Kisa yon nonm ki gen lespri gen pase yon nonm sòt? Kisa sa rapòte yon pòv malere lè li konnen jan pou l' debat ak lavi a? (Eklezyas 6:8)
Pwoblèm ak benefis pou pòv yo
Pwoblèm pòv yo
Pòv yo gen kèk zanmi sèlman
Lè ou pòv, ou pa gen zanmi. Lè ou rich, ou plen zanmi. (Pwovèb 14:20)
Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou. (Pwovèb 19:4)
Lè ou pòv, ata frè ou pa vle wè ou. Ou pa bezwen mande si zanmi p'ap lage ou! Tout chache w'ap chache pale ak yo, yo pa okipe ou! (Pwovèb 19:7)
Pòv yo soufri enjistis
Jaden malere bay kont manje. Men, lenjistis fè l' mouri grangou. (Pwovèb 13:23)
Pòv yo pale ak rich yo avèk imilite
Lè yon pòv ap pale, li toujou nan tanpri souple. Men, moun rich toujou ap rele sou moun. (Pwovèb 18:23)
Pòv yo sèvi rich yo
Moun rich ap donminen sou moun pòv. Lè ou prete lajan nan men yon moun, ou tounen timoun devan pòt li. (Pwovèb 22:7)
Yo inyore pòv yo
Vwala se te yon ti bouk tou piti ki pa t' gen anpil moun ladan l'. Yon gran wa vin atake l' ak yon gwo lame. Li sènen bouk la toupatou, li fè pare yon bann bagay pou kraze miray ranpa bouk la. Te gen yon nonm nan bouk la ki te gen lespri, men se te yon pòv malere. Se li ki te sove bouk la avèk konesans li. Apre sa, tout moun bliye l'. Mwen te toujou di: Konesans pi bon pase gwo kouraj, men yo meprize konesans moun ki pòv. Yo p'ap koute yo lè y'ap pale. (Eklezyas 9:14-16)
Lamizè
Byen yon moun rich, se pwoteksyon li. Men, depi yon nonm pòv, nanpwen pwoteksyon pou li. (Pwovèb 10:15)
Priyè pou pa pòv
Bondye, se de bagay ase mwen mande ou: Tanpri, pa refize m' yo anvan mwen mouri. Men yo: Pa kite m' bay manti pou m' twonpe moun. Pa fè m' ni rich ni pòv. Ban m' kantite manje mwen bezwen pou m' viv la. Si mwen gen twòp, m'a vire do ba ou, m'a di mwen pa konnen ki moun ou ye. Si mwen pa gen ase, m'a vòlò, m'a fè yo pase ou nan betiz. (Pwovèb 30:7-9)
Benefis pou pòv yo
Yo rele pòv yo benediksyon
Lè sa a, Jezi gade disip li yo, li di yo: benediksyon pou nou menm ki pòv, paske Peyi kote Bondye Wa a, se pou nou li ye. (Lik 6:20)
Men, malè pou nou, nou menm moun rich yo, paske nou deja jwenn sa nou t'ap chache a. (Lik 6:24)
Pòv yo rich nan lafwa
Frè mwen renmen anpil yo, tande sa byen: Bondye chwazi moun ki pòv sou latè pou yo ka rich nan konfyans nan Bondye, pou yo ka jwenn pòsyon pa yo nan peyi li te pwomèt moun ki renmen l' yo. (Jak 2:5)
Yo preche bòn nouvèl la bay pòv yo
Lespri Bondye, Seyè a, desann sou mwen. Paske Seyè a chwazi m', li voye m' pou m' anonse bon nouvèl la bay moun ki nan lapenn yo, pou m' geri tout moun k'ap soufri yo, pou m' fè tout moun yo te depòte yo konnen yo delivre, pou m' fè tout prizonye yo konnen pòt prizon louvri pou yo. (Ezayi 61:1)
Antan Jan Batis te nan prizon, li tande pale travay Kris la t'ap fè. Li voye kèk patizan pa l' ale mande Jezi: Eske se ou ki moun nou konnen ki gen pou vini an, osinon èske nou dwe tann yon lòt? Jezi reponn yo: Ale rakonte bay Jan sa nou tande ak sa nou wè: Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la. (Matye 11:2-5)
Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl la bay pòv yo. Li voye m' pou m' fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m' fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m' delivre moun y'ap maltrete yo, (Lik 4:18)
Apre sa, li reponn moun Jan Batis te voye yo konsa: Ale rakonte Jan sa nou sot wè ak sa nou sot tande la a: je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun soudè yo tande, moun mouri yo leve, pòv yo tande bon nouvèl la. (Lik 7:22)
Yo p ap kidnape pòv yo pou richès
Yon moun rich sèvi ak lajan l' pou l' sove lavi l'. Moun ki pòv pa vle tande lè w'ap rele dèyè l'. (Pwovèb 13:8)
Pòv ki konnen Seyè a ap jwenn konsolasyon nan syèl la
Vwala, se te yon nonm rich ki te konn abiye ak bèl twal wouj e blan ki te koute chè. Chak jou, se te gwo fèt banbòch lakay li. Te gen yon pòv yo rele Laza ki te kouche nan papòt nonm rich la. Laza te kouvri ak malenng. Li te byen anvi plen vant li ak bagay ki t'ap soti tonbe anba tab nonm rich la. Sa ki pi rèd, chen t'ap vin niche malenng li yo tou. Pòv la vin mouri, zanj Bondye yo pote l' mete bò kot Abraram nan syèl la. Nonm rich la mouri tou, yo antere li. Pandan l' te kote tout mò yo ye a nan mitan soufrans, li voye je l' byen lwen li wè Abraram ak Laza ansanm avèk li. Nonm rich la rele: Abraram papa, gen pitye pou mwen non! Voye Laza tranpe ti bout dwèt li nan yon ti tak dlò pou l' mete yon frechè sou lang mwen, paske se pa ti soufri m'ap soufri nan flanm sa a. Abraram reponn li: Pitit mwen, chonje byen: ou te resevwa tout bon bagay pa ou yo pandan ou te sou latè. Lè sa a menm, Laza te nan tout mizè li. Koulye a, li jwenn konsolasyon bò isit la, ou menm w'ap soufri. (Lik 16:19-25)
Pòv yo ka fè lwanj kòm pitit Bondye
Yon frè ki pòv dwe moutre jan li kontan lè Bondye fè kichòy pou li. Konsa tou, yon frè ki rich dwe moutre jan l' kontan tou lè Bondye rabese li. Paske, moun ki rich gen pou pase tankou flè zèb. (Jak 1:9-10)
Lè Izrayèl restore, pòv yo ap benefisye
Seyè a va fè tipitit yo gen kè kontan ankò. Bondye pèp Izrayèl la, li menm ki yon Bondye apa, va fè malere yo danse tèlman y'a kontan. (Ezayi 29:19)
Pòv la, men ki saj, konprann rich la
Yon nonm rich mete nan tèt li li gen bon konprann. Men, yon pòv ki gen lespri ap dekouvri l'. (Pwovèb 28:11)
Bagay lamizè pi bon pase
Pito ou pòv men ou se nèg serye pase pou w'ap bay manti epi pou ou sòt met sou li. (Pwovèb 19:1)
Tou sa yo mande yon moun se pou l' gen bon kè. Pito yon moun pòv pase l' mantò. (Pwovèb 19:22)
Pito ou pòv men ou serye, pase pou ou rich men ou vòlè. (Pwovèb 28:6)
Egzanp pòv
Se konsa y' al di David sa. David reponn yo: -Se bèl bagay pou yon moun marye ak pitit fi wa a. Men, se yon bagay ki twòp pou yon moun ki pòv, ki pa anyen tankou m'. (1 Samyèl 18:23)
(070:6) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm, prese vin delivre m'! Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Prese non, Seyè! (Sòm 70:5)
Se yon lapriyè David te fè. Seyè, tanpri panche zòrèy ou bò kote m', reponn mwen, paske se yon pòv malere san sekou mwen ye. (Sòm 86:1)
Tout moun ap plenn, y'ap chache manje pou yo manje! Yo bay tout byen yo pou yo sa jwenn manje, pou yo pa fin mouri. -Granmèt o, voye je ou gade m' non! Wè jan y'ap pase m' nan betiz! (Plenn 1:11)
Apre sa, jou a te rive pou Jozèf ak Mari te al fè sèvis pou yo ka mete Mari nan kondisyon fè sèvis Bondye dapre lalwa Moyiz. Lè sa a, yo pote tipitit la lavil Jerizalèm pou mete l' apa pou Bondye, dapre sa ki te ekri nan lalwa Bondye a: Mete tout premye pitit gason yo apa pou Mèt la. Yo te ofri tou yon pè toutrèl osinon de jenn pijon pou yo touye pou Bondye, jan yo bay lòd fè sa nan lalwa Bondye a. (Lik 2:22-24)
Jouk koulye a nou anba grangou, nou swaf dlo, nou manke rad, y'ap bat nou, n'ap plede mache san nou pa gen kote pou n' rete. N'ap fatige kò nou travay pou n' ka manje. Lè yo joure nou, nou mande benediksyon pou moun k'ap joure nou; lè yo pèsekite nou, nou mare kè nou. (1 Korint 4:11-12)
Okontrè, nan tout bagay, mwen fè tout moun wè se Bondye m'ap sèvi. Se avèk anpil pasyans mwen sipòte tout kalite soufrans, tout kalite lafliksyon ak tout kalite kè sere. Yo bat mwen, yo mete m' nan prizon. Yo moute tèt moun sou do mwen, yo fè m' fè travo fòse. Yo fè m' pase nwit san dòmi, yo fè m' rete san manje. Y'ap fè m' lapenn, men mwen toujou gen kè kontan. Mwen sanblè m' pòv, men mwen fè anpil moun rich. Mwen sanble m' pa gen anyen, men se mwen menm ki gen tout bagay. (2 Korint 6:4-5, 10)
Mwen redi travay di, mwen fatige kò m' anpil, mwen pase anpil nwit san dòmi, mwen konnen sa ki rele grangou ak swaf dlo. Anpil fwa mwen te blije rete san manje, mwen soufri fredi, mwen konn pa gen rad pou m' mete sou mwen. (2 Korint 11:27)
Si nou wè m'ap pale konsa, se pa paske koulye a mwen nan nesesite. Paske nan lavi, m' aprann kontante tèt mwen ak sa m' genyen. Mwen konnen sa ki rele viv nan mizè, mwen konnen sa ki rele viv nan richès. Kit mwen pa gen ase, kit mwen gen plis pase sa m' bezwen, nan tout sikonstans m' aprann kontante tèt mwen toupatou ak sa mwen genyen. Nenpòt sitiyasyon ki parèt devan mwen, m'ap degaje m', gremesi Kris la ki ban mwen fòs kouraj. Malgre sa, nou byen fèt ede m' nan traka m' yo. (Filip 4:11-14)
Pòv/rich nan legliz la
Pou kòmanse, mwen tande lè nou sanble pou sèvis la, nou fè ti pil gwo pil. Mwen konnen sa pa fin manti nèt. (Ap toujou gen divizyon nan mitan nou pou yo ka rekonèt moun ki kwè tout bon yo ak moun ki pa kwè yo.) Lè nou reyini ansanm, gen lè se pa manje Seyè a nou vin manje. Paske, lè nou chita bò tab la, chak moun ap prese manje manje pa li. Lè konsa, yon pati rete grangou, yon lòt menm gen tan sou sitèlman li bwè. Mwen te kwè nou gen lakay nou pou n' manje, pou n' bwè? Gen lè se respè nou manke konsa pou legliz Bondye a? Osinon, èske se wont nou vle fè moun ki pa gen anyen yo wont? Kisa nou ta vle mwen di nou sou sa? Nou ta vle m' fè nou konpliman? O non! Nou tou wè mwen pa kapab fè nou konpliman pou sa! (1 Korint 11:18-22)
Bay pòv yo
Retou tè a
Senkantyèm lanne sa a va yon lanne rejwisans pou tout moun: Nou p'ap simen anyen nan jaden nou yo, ni nou p'ap ranmase grenn ki pouse konsa nan jaden nou yo pou nou vann, ni nou p'ap keyi rezen ki donnen nan pye rezen nou pa t' taye pou nou vann. Paske se va yon lanne rejwisans, se va yon lanne n'a mete apa nèt pou Seyè a. Men n'a manje tou sa jaden nou pa t' plante yo bay. Nan lanne rejwisans sa a, tout tè ki te vann ap tounen pou ansyen mèt yo ankò. (Levitik 25:11-13)
Lwa sou pòv ki vin esklav
Si yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv toupre lakay nou vin nan nesesite, epi li vann tèt li ban nou pou li sèvi nou esklav, piga nou fè l' fè travay yon domestik. L'ap rete lakay nou tankou moun lòt nasyon yo k'ap travay pou lajan lakay nou. L'a sèvi nou jouk lanne rejwisans k'ap vini an. Lè sa a, li menm ak tout pitit li yo, y'a kite lakay nou, y'a tounen al jwenn fanmi yo, epi y'a renmèt yo tè zansèt yo te kite pou yo a. Paske se esklav mwen nou ye, se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip. Yo pa gen dwa vann nou pou fè nou sèvi esklav lòt moun. Piga nou aji mal ak moun pèp Izrayèl parèy nou yo. Se pou nou gen krentif pou Bondye nou an. Lè n'a bezwen gason osinon fi pou sèvi esklav lakay nou, nou ka achte yo nan moun lòt nasyon k'ap viv lòt bò fwontyè peyi nou an. Nou ka achte pitit moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou tou. Konsa tou, lè yo rete lakay nou, si yo fè pitit sou tè ki pou nou, pitit yo va pou nou tou. N'a kite yo tankou byen pou pitit nou yo. Y'a sèvi yo jouk yo mouri. Nou pa dwe maltrete moun pèp Izrayèl parèy nou. Men, se pou nou aji avèk yo tankou frè ak frè. Sipoze yon moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou nan peyi a vin gen anpil mwayen epi yon moun pèp Izrayèl parèy nou k'ap viv lakay nou, osinon pre kay moun lòt nasyon an, vin nan nesesite epi l al vann tèt li bay moun lòt nasyon an, osinon bay yonn nan fanmi moun lòt nasyon an pou li sèvi l' esklav. Apre li vann tèt li a, l'a toujou gen avantaj moun ka reachte l' pou ba li libète l'. Se bagay yonn nan frè li yo, osinon tonton l', osinon pitit gason tonton l' yo, osinon yonn nan fanmi pre li yo ka fè pou li. Si li menm li vin gen mwayen, li ka reachte tèt li tou. Dakò ak moun ki te achte l' la, se pou l' konte konbe lanne ki gen depi lanne li te vann tèt li bay moun lan jouk lanne rejwisans k'ap vini an. Lè sa a, l'a kalkile lajan pou l' bay la sou kantite lanne l'a jwenn lan, epi sou pri yo peye lè konsa pou yon moun k'ap travay pou lajan lakay moun. Lè gen anpil lanne ki rete, l'a kalkile sou yo pou l' konnen valè lajan pou l' renmèt pou l' ka reachte tèt li. Men, si pa gen lanne ki rete anvan lanne rejwisans lan, y'a kalkile ansanm, epi l'a renmèt li lajan dapre kantite lanne ki rete a pou l' ka reachte tèt li. Paske l'ap travay ak moun lan tankou domestik k'ap travay pou lajan pa an, ou pa fèt pou kite moun lan maltrete li. Si li pa reachte tèt li konsa, lè lanne rejwisans lan rive, ni li menm, ni pitit gason l' yo va lib ankò. Epi y'a kite kay moun lan. (Levitik 25:39-54)
Lè yo pa t obeyi lwa yo, jijman te tonbe
-Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen te pase yon kontra avèk zansèt nou yo lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip kote yo te esklav la. Mwen te di yo: Lè yon ebre parèy nou vann tèt li ban nou pou l' sèvi nou esklav, apre sizan li pase ap sèvi nou, sou setyèm lanne a se pou nou ba li libète l'. Se pou nou kite l' ale. Men, zansèt nou yo pa t' koute m', yo pa t' okipe sa m' te di yo. Men nou menm nan jou ki sot pase yo, nou pa t' fè menm jan ak yo, nou te fè sa ki dwat devan mwen. Tout moun te dakò pou yo te bay ebre parèy yo libète yo. Lèfini, nou te pran angajman sa a piblik devan mwen nan kay yo mete apa pou mwen an. Apre sa, nou chanje lide, nou pa respekte m'. Nou tout nou fè esklav nou te bay libète yo tounen lakay nou, fanm kou gason, nou fòse yo vin sèvi nou esklav ankò. Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen di nou pa koute m', nou pa bay moun pèp Izrayèl parèy nou yo libète yo. Enben, mwen menm Seyè a, m'ap ban nou libète pou nou mouri nan lagè, nan grangou, osinon anba move maladi. (Jeremi 34:13-17)
Divès
Bagay ki fè yon moun pòv
Yon moun ki refize aprann ap toujou pòv, l'ap toujou wont. Men, y'ap respekte moun ki koute lè yo rale zòrèy yo. (Pwovèb 13:18)
Pa renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W'a jwenn kont manje pou ou manje. (Pwovèb 20:13)
Lè ou renmen plezi, w'ap toujou pòv. Lè ou renmen bon bweson ak bon manje, ou p'ap janm gen lajan. (Pwovèb 21:17)
Pa fè zanmi avèk moun k'ap bwè twòp, ak moun k'ap fè safte. Paske moun k'ap fè metye bwè ak moun ki afre ap vin pòv. Si ou pase tout tan ou ap dòmi, talè konsa w'ap mache yon men devan yon men dèyè. (Pwovèb 23:20-21)
Pa ta gen pòv nan peyi a si pèp la te obeyi nèt
Konsa, p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an. Men, se pou nou toujou obeyi Seyè a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. (Deteronòm 15:4-5)
Se sèlman pòv yo ki te rete nan peyi ki pèdi lagè a
Nèbikadneza depòte dènye moun ki te lavil Jerizalèm, tout chèf yo, tout grannèg yo, li depòte tout atizan yo ak tout bòs fòjon yo. Sa te fè dimil (010.000) moun antou. Se moun pòv yo ase li kite nan peyi Jida a. (2 Wa 24:14)
Men, li kite kèk moun nan mas pèp la, nan sa ki te pi pòv yo. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo okipe. (2 Wa 25:12)
Men, li kite tout moun ki pòv yo, tout moun ki pa gen anyen yo rete nan peyi Jida a. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo travay. (Jeremi 39:10)
Te gen yon rès lame peyi Jida a ki te andeyò lavil Jerizalèm. Chèf yo ansanm ak sòlda yo vin konnen wa Babilòn lan te mete Gedalya, pitit Akikam lan, chèf sou tout peyi a. Wa a te kite tout moun yo pa t' depòte yo sou kont li, tout moun pòv yo, fanm kou gason, granmoun kou timoun. (Jeremi 40:7)
Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran rès moun yo te kite lavil la, li depòte yo lavil Babilòn ansanm ak tout moun ki te vin rann tèt yo bay wa Babilòn lan ak tout bon bòs atizan ki te rete nan lavil la. (Jeremi 52:15)