Patipri

Bondye pa fè patipri, nou menm tou nou pa dwe fè l. Ekriti yo kondane patipri pou rich ak pou pòv, sitou nan jijman, epi yo mete aksan sou jistis ak imilite kòm atitid kretyen esansyèl.

Kòmandman pou peye taks

Se poutèt sa, nou dwe soumèt devan tout otorite yo, pa sèlman paske nou vle chape anba kòlè Bondye, men tou pou konsyans nou pa repwoche nou anyen. Se poutèt sa tou, nou peye lajan kontribisyon yo, paske anplwaye leta yo se nan sèvis Bondye yo ye, se pou yo fè travay la byen. Peye tout moun sa ou dwe yo: peye enpo nan biwo kote pou ou peye enpo; peye taks nan biwo kote pou ou peye taks. Gen krentif pou moun ou dwe gen krentif. Gen respè pou moun ou dwe respekte. (Ròm 13:5-7)

Jezi te apwouve peman taks

Enben, kisa ou di nan sa: Eske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non? Men, Jezi te konnen move lide yo te gen dèyè tèt yo, li reponn: Poukisa n'ap chache pran m' nan pèlen konsa, bann ipokrit? Moutre m' pyès lajan nou sèvi pou peye taks la. Yo moutre l' yon pyès lajan. Jezi mande yo: Pòtre ki moun avèk non ki moun ki sou li? Yo reponn li: Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a li di yo: Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye. (Matye 22:17-21)
Yo vin di l' konsa: -Mèt, nou konnen ou se moun ki kare, ou pa pè pesonn, paske ou pa gade sou figi moun. Men, ou moutre chemen Bondye a jan li ye a. Manyè di nou: èske lalwa pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an? Eske nou dwe peye li? Wi ou non? Men Jezi te konnen yo gen lòt lide dèyè tèt yo; li reponn yo: -Pouki n'ap chache pran m' nan pèlen konsa? Pote yon pyès lajan ban mwen pou m' gade yon bagay. Yo pote yon pyès lajan ba li. Jezi mande yo: -Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an? Yo reponn li: -Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a, li di yo: -Bay Seza sa ki pou Seza, bay Bondye sa ki pou Bondye. Pawòl sa a te fè yo pi sezi ankò. (Mak 12:14-17)
Manyè di nou: Eske lalwa nou an pèmèt nou peye Seza lajan kontribisyon an, wi ou non? Men, Jezi wè se nan pèlen yo te vle pran li. Li di yo: Moutre m' yon pyès lajan. Pòtre ki moun ak non ki moun ki sou pyès lajan an? Yo reponn li: Se pòtre Seza ak non Seza. Lè sa a li di yo: Enben, bay Seza sak pou Seza, bay Bondye sak pou Bondye. (Lik 20:22-25)

Egzanp taks yo te peye

Mesa, wa peyi Moab la, te fè gadinaj mouton. Se konsa li te pran angajman pou li te bay wa peyi Izrayèl la sanmil (0100.000) ti mouton ak sanmil (0100.000) belye ak tout lenn yo sou yo. (2 Wa 3:4)
Pou Menayèm te ka peye kantite lajan sa a bay wa Lasiri a, li pase lòd nan peyi a pou chak moun rich nan peyi Izrayèl la bay yon demi kilo ajan yo chak. Apre sa, wa peyi Lasiri a tounen lakay li, li pa rete pi lontan nan peyi Izrayèl. (2 Wa 15:20)
Farawon Neko fèmen l' nan prizon lavil Ribla nan zòn Amat, pou li pa gouvènen nan lavil Jerizalèm anko. Lè sa a tou, farawon an fè peyi Jida soumèt devan l'. Li fòse peyi a ba li sètmil senksan (07.500) liv ajan ak swasannkenz liv lò. Jojakim bay farawon Neko tout ajan ak tout lò li te mande a. Pou l' te ka jwenn yo, li te fè chak moun nan peyi a bay dapre sa yo genyen. Se konsa li te fòse pèp la bay ajan ak lò farawon Neko te mande a. (2 Wa 23:33, 35)
Okontrè, men ki jan pou nou boule ak chèf fanmi pèp jwif yo nan travay y'ap fè pou rebati tanp Bondye sa a: N'a pran lajan nan kès wa ki nan men nou an, ki vle di nan lajan kontribisyon n'a ranmase nan pwovens la, n'a renmèt yo kòb tout depans y'a fè, san wete senk, pou travay la pa rete. (Esdras 6:8)

Rekonpans espesyal – pa oblije peye taks

Yonn t'ap di lòt: -Gade nonm lan non! Tande jan l'ap mete nou an defi! Si yon moun rive bat nonm sa a, wa a ap fè moun sa a rich, l'ap marye l' ak pitit fi li. Lèfini, l'ap bay tout fanmi l' yo dwa pou yo pa janm bezwen peye ankenn taks nan peyi Izrayèl. (1 Samyèl 17:25)

Levit yo pa t oblije peye taks/kontribisyon

Epi m' fè nou konnen yo pa gen dwa fè ni prèt yo, ni moun Levi yo, ni sanba yo, ni gad tanp yo, ni domestik yo, ni okenn lòt moun k'ap sèvi nan tanp Bondye a, peye okenn taks, okenn kontribisyon ni okenn dwa lese pase. (Esdras 7:24)

Jezi te peye taks tanp lan pou pa fè moun tonbe

Lè Jezi rive Kapènawòm ak disip li yo, moun ki t'ap ranmase lajan taks pou tanp lan pwoche bò kot Pyè, yo mande li: Eske mèt ou a peye lajan taks pou tanp lan? Pyè di: Li peye wi. Antan Pyè ap antre nan kay la, anvan li louvri bouch li, Jezi di l': Sa ou konprann nan sa, Simon? Ki moun ki gen pou peye dwa ak taks bay leta? Sitwayen peyi a, osinon etranje? Pyè reponn li: Etranje yo. Lè sa a, Jezi di li: Si se konsa, sitwayen yo egzan. Men, nou pa vle bay move egzanp: Ale bò lanmè a, voye yon zen nan dlo a. Rale premye pwason ki va mòde ladan l' lan. Louvri bouch li, wa jwenn yon pyès lajan, mezi pou peye taks pa m' ak taks pa ou. Pran l', al peye pou nou de. (Matye 17:24-27)

Egzanp kontribisyon yo te peye

Salomon te rive gouvènen tout nasyon nan zòn ki pran depi larivyè Lefrat rive nan peyi Filisti a ak fwontyè Lejip la. Yo tout te peye Salomon taks, yo tout te soumèt devan li pandan tout rèy li jouk li mouri. (1 Wa 4:21)
Wa Akaz t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Oze, pitit Ela, moute wa nan peyi Izrayèl. Li gouvènen nan lavil Samari pandan nevan. Li fè sa ki mal nan je Seyè a, men tansèlman pa tankou lòt wa ki te gouvènen peyi Izrayèl la anvan l' yo. Salmanaza, wa peyi Lasiri a, atake Oze. Oze soumèt devan l'. Li peye l' yon lajan chak lanne. (2 Wa 17:1-3)
Seyè a bay gouvènman l' lan fòs. Nan peyi Jida a, tout moun t'ap pote kado ba li. Konsa, li te vin gen anpil byen. Tout moun t'ap fè lwanj li. (2 Istwa 17:5)
Se konsa, pouvwa Jozafa a t'ap vin pi fò chak jou. Nan tout peyi Jida a, li bati sitadèl ak lavil pou sèvi l' depo. (2 Istwa 17:12)
Li fè lagè ak wa peyi Amon an. Li bat li. Lanne sa a, moun peyi Amon yo ba li twamiltwasan (03.300) kilo ajan, senkantmil (050.000) barik ble ak senkantmil barik lòj. Pandan dezan apre sa, yo ba li menm kantite a chak lanne. (2 Istwa 27:5)
Neko, wa peyi Lejip la, mete l' atè, li fòse peyi Jida a ba li sètmil senksan (07500) liv ajan ak swasannkenz liv lò. (2 Istwa 36:3)
Te gen gwo wa ki te konn gouvènen lavil Jerizalèm. Yon lè, yo te donminen sou tout teritwa ki lòt bò larivyè Lefrat la. Yo te konn fè moun peye yo taks, lajan kontribisyon ak lajan pou pèmèt yo pase sou chemen lakay yo. (Esdras 4:20)

Menas lè kontribisyon pa peye

Nou vle fè wa a konnen, si moun sa yo rebati lavil la, si yo remoute miray ranpa a ankò, yo p'ap peye okenn taks, yo p'ap fè okenn kontribisyon, ni yo p'ap bay lajan yo fè moun peye pou pase lakay yo. Lè sa a se kès wa a menm ki pral fè defisi. (Esdras 4:13)