Kòmandman pou pa adore zidòl
Piga n al fè lòt bondye an ajan osinon an lò pou nou sèvi yo ansanm avè m'. (Egzòd 20:23)
Zidòl se travay men moun
Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. (Sòm 115:4)
Zidòl nasyon yo se bagay ki fèt ak ajan, ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo. (Sòm 135:15)
Bondye bay tout bagay, menm materyèl yo sèvi pou fè zidòl
Pèp Izrayèl la pa t' rekonèt se mwen menm ki te ba li farin, diven ak lwil. Ata lò ak ajan, se mwen ki te ba li yo an kantite. Men, li pran yo pou fè sèvis Baal. (Oze 2:8)
Mwen pral pini l' pou tout tan li te bliye m' lan, lè li t'ap boule lansan devan Baal yo, lè li t'ap mete zanno ak kolye pou l' te ka kouri dèyè nonm li yo. Se Seyè a menm ki di sa. (Oze 2:13)
Visye konpare ak idolatri
Se poutèt sa, se pou nou detwi nan nou tou sa ki soti nan lemonn tankou: imoralite, malpwòpte, move dezi, move lanvi, renmen lajan (ki menm jan ak sèvi zidòl). (Kolòs 3:5)
Bondye jije moun ki adore zidòl
Yo pral maltrete ou tankou moun yo rayi. Yo pral pran tou sa ou te travay fè, y'ap kite ou toutouni, san rad sou ou tankou yon jennès. Se move lanvi ou yo ak lenkondite ou yo ki pral lakòz tout malè sa yo tonbe sou ou. Ou te tounen yon jennès pou mesye lòt nasyon yo, ou avili tèt ou, ou tonbe fè sèvis pou vye zidòl yo. (Ezekyèl 23:29-30)
Y'ap kraze tout zidòl yo an miyèt moso. Y'ap boule tou sa yo te ofri bay zidòl yo nan dife. M'ap fè kay zidòl yo tounen pil wòch. Pèp la te vire do bay Bondye lè yo t'ap fè zidòl sa yo, ou ta di madan marye k'ap fè jennès. Koulye a, y'ap peye pou vire yo te vire do bay Bondye a. (Miche 1:7)
Egzanp pèp Bondye a ki detwi zidòl, epi Seyè a beni l
N'a pran estati zidòl nou yo ki kouvri ak ajan ansanm ak lò sou tout kò yo pou bagay k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye, n'ap voye yo jete tankou vye bagay sal, n'a di yo: Soti devan je nou! Lè n'a plante grenn nan jaden nou, Bondye va voye lapli pou l' fè yo pouse. L'a fè tè a bay manje k'ap bon nan bouch nou, manje k'ap ban nou fòs. N'a gen kont kote pou nou mennen bèt nou yo al manje. (Ezayi 30:22-23)
Egzanp idolatri kache dèyè relijyon
Li di manman l' konsa: -Lè yo te vòlò milsan (01.100) pyès lajan ou yo, ou te bay vòlò a madichon. Nou te tande ou ak pwòp zòrèy nou. Gade, men lajan an nan men m'. Se mwen menm ki te pran yo. Manman an di l': -Se pou Seyè a beni ou, pitit mwen, pou sa! Mika renmèt milsan pyès lajan yo bay manman l'. Manman an di l' konsa: -Mwen te mete lajan an apa pou Seyè a pou anyen pa rive ou, pitit gason mwen. W'a sèvi avè l' pou fè yon zidòl, yon estati fonn nan moul. Se poutèt sa m'ap renmèt ou lajan an ankò. Men, pitit la renmèt lajan an bay manman l'. Madanm lan pran desan (0200) pyès an ajan, li bay yon bòs ki fè yon zidòl an bwa epi li kouvri li nèt ak ajan. Li mete li lakay Mika. (Jij 17:2-4)