Tès nan bay
Tès lafwa
Frè m' yo, kisa sa fè pou yon moun k'ap di li gen konfyans nan Bondye, si li pa fè bagay pou moutre li gen konfyans lan vre? Eske konfyans sa a ka delivre li? Sipoze gen yon frè osinon yon sè ki toutouni, ki pa manje kont li chak jou, si yonn nan nou di yo: Ou mèt ale. Chofe kò ou, manje plen vant ou, san li pa ba yo sa yo bezwen, kisa sa ap fè pou yo? Konsa tou pou konfyans nan Bondye a: si l' pa fè nou fè sa ki byen, si l' rete pou kont li, li mouri. (Jak 2:14-17)
Tès pou wè si lanmou Bondye rete nan nou
Si yon moun ki pa nan bezwen wè yon frè li nan nesesite, si l' pa gen pitye pou li, yon moun konsa pa ka pretann li renmen Bondye. (1 Jan 3:17)
Tès lanmou pou pwochen nou
Se pa yon lòd m'ap ban nou: Men, mwen pran egzanp sou lòt yo pou nou menm tou nou ka moutre jan nou gen renmen tout bon nan kè nou. (2 Korint 8:8)
Egzanp bon Samariten an
Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan; kè l' fè l' mal lè li wè nonm lan. Li pwoche kote l', li vide lwil ak diven sou blese l' yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l' nan yon lotèl kote li pran swen li. Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m' tounen isit la ankò m'a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li. (Lik 10:33-35)
Tès pou wè si Kris se Seyè
Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen. Lè jennonm lan tande pawòl sa yo, li vin kagou, li vire do l', li ale paske li te gen anpil byen. (Matye 19:21-22)
Jezi gade nonm lan, li renmen l', epi l' di li: -Yon sèl bagay ou manke: Ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen. Men pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil. Li vin kagou, li vire do l', li ale, paske li te gen anpil byen. (Mak 10:21-22)
Lè Jezi tande sa, li di l': Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen. Men, pawòl sa a te fè nonm lan lapenn anpil paske li te gen anpil byen. (Lik 18:22-23)
Atitid nan bay
Atitid Bondye
Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. (Jan 3:16)
Nou menm nou konnen jan Bondye renmen nou, nou kwè se vre. Bondye se renmen an menm. Moun ki gen renmen nan kè yo, yo fè yonn ak Bondye, Bondye fè yonn ak yo. (1 Jan 4:16)
Tout pi bèl favè, tout pi bon kado nou resevwa, se anwo nan syèl la yo soti, nan men Bondye ki kreye tout limyè. Bondye pa janm chanje, ni li pa gen anyen ki ta ka sanble yon chanjman nan li. (Jak 1:17)
Atitid nou
Ki bon atitid la?
Avèk lanmou
Menm si mwen ta bay tout byen mwen yo, menm si mwen ta bay kò m' pou yo boule l', si m' pa gen renmen nan kè m', sa p'ap sèvi m' anyen. (1 Korint 13:3)
Avèk kè kontan
Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. (2 Korint 9:7)
Kijan nou bay avèk lanmou?
Bay Seyè a kòm yon ekspresyon lanmou ak adorasyon
-Pale ak moun Izrayèl yo. Di yo pote yon ofrann ban mwen. W'a resevwa l' pou mwen nan men tout moun ki vle bay ak kè kontan. (Egzòd 25:2)
-Lè n'ap konte konbe moun ki genyen nan peyi Izrayèl la pou nou fè resansman, chak gason va bay Seyè a kichòy pou lavi yo, pou malè pa rive lè y'ap fè resansman an. Chak moun y'a konte nan resansman an va peye de goud edmi, dapre jan yo konte lajan nan kote ki apa pou Bondye a. Chak moun va peye sa tankou yon ofrann yo mete apa pou Seyè a. Tout moun ki dwe bay non yo nan resansman an, sa vle di tout moun ki gen ventan osinon ki depase ventan, va peye menm lajan an bay Seyè a. (Egzòd 30:12-14)
Se pou nou pran nan sa nou genyen pou fè ofrann pou Seyè a. Tout moun ki vle bay ak tout kè yo pou fè yon ofrann pou Seyè a va fè l'. y'a pote lò, ajan ak kwiv, (Egzòd 35:5)
Apre sa, tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo, ki te vle fè ofrann, tounen vin jwenn li. Yo te pran nan sa yo genyen, yo pote ofri bay Seyè a pou fè Tant Randevou a, pou fè tout bagay yo bezwen pou sèvis li ansanm ak rad seremoni yo. Tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo pou fè ofrann, fanm kou gason, yo vini, yo pote zanno, bag, kolye, braslè ak tout kalite bijou an lò. Chak moun te pote bijou an lò yo te mete apa pou Bondye. Tout moun ki te gen bon twal siperyè koulè ble, koule violèt osinon koulè wouj, twal fen blan, twal pwès fèt ak pwal kabrit, po belye tenn koulè wouj, ou ankò po bazann, tout moun ki te gen bagay sa yo lakay yo pote yo vini. Tout moun ki te vle ofri ajan ak kwiv devan Seyè a, yo te pote l', yo te leve l' devan Seyè a. Tout moun ki te gen bwa zakasya lakay yo ki te ka sèvi nan travay la te pote l'. Tout fanm ki te gen ladrès te file fil koulè ble, violèt ak wouj, ak twal fen koulè blan, epi yo pote yo vini. Tout fanm ki te soti pou fè kichòy ak tout kè yo te fè twal pwès ak pwal kabrit, yo pote yo vini tou. Chèf yo menm te pote pyè oniks ak lòt pyè pou yo gani jile ak plastwon prèt la, ansanm ak epis santi bon ak lwil pou lanp sèt branch lan, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou Bondye, ak lansan santi bon. Se konsa tout moun pèp Izrayèl ki te soti pou bay kichòy ak tout kè yo pou travay Seyè a te di Moyiz ba yo lòd fè a, fanm kou gason, yo te pote ofrann yo te vle fè bay Seyè a. (Egzòd 35:21-29)
L'a pran yonn nan chak kalite pen yo, l'a ofri yo espesyalman bay Seyè a. Pen sa yo va rete pou prèt ki va pran san bèt la pou voye sou lotèl la. (Levitik 7:14)
Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Chonje mwen pran yon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo fè pou mwen, mwen ba ou yo. Se va pòsyon ki va toujou rete pou ou ak pou pitit gason ou yo depi lè mwen te mete nou apa pou mwen an, dapre regleman ki la pou tout tan tout tan an. Nan ofrann yo mete apa nèt pou mwen yo, lè ou fin wete pòsyon pou boule nan dife a, tout rès la va pou nou: tout ofrann grenn ki donnen nan jaden, tout ofrann pou mande Bondye padon, tout ofrann pou repare sa yo fè ki mal. Tou sa yo ofri ban mwen tankou yon ofrann yo mete apa pou mwen, se pou ou ak pou pitit gason ou yo y'a ye. N'a manje yo yon kote yo mete apa pou Seyè a. Se gason ase ki pou manje ladan yo. Konsidere ofrann sa yo tankou bagay ki apa pou Seyè a. Lèfini, tout ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo va fè pou yo balanse devan Seyè a, se pou ou yo va ye tou. M'ap ba ou yo pou ou, pou pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo, dapre yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Tout moun nan fanmi ou ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen va gen dwa manje ladan l'. M'ap ba ou tou tousa ki pi bon nan premye fwi rekòt y'ap ofri bay Seyè a chak lanne: lwil oliv, diven ak grenn ki donnen nan jaden. Tout premye fwi ki mi nan peyi a, fwi yo ofri bay Seyè a, se va pou ou tou. Tout moun lakay ou ki nan kondisyon pou sèvi Seyè a va gen dwa manje ladan yo. Tout bagay moun pèp Izrayèl yo pran angajman mete apa pou Seyè a va pou ou tou. Tout premye pitit, kit se pitit moun, kit se pitit bèt, y'a mete yo apa pou mwen, e se pou ou yo va ye tou. Men, se pou ou asepte yo peye ou pou chak premye pitit moun ak tout premye pitit bèt ki pa ka sèvi ofrann pou mwen. Lè premye pitit gason an va gen yon mwa, w'a fè yo peye ou senk pyès ajan dapre sistèm yo sèvi nan kay Bondye a, -vin gera pou yon pyès ajan-,pou yo ka achte lavi l' nan men m'. Men, pou premye ti mal yon manman bèf osinon yon manman kabrit ou ankò yon manman mouton fè, ou p'ap asepte anyen pou yo. Se bagay ki apa pou mwen nèt. Se pou yo touye yo. Y'a vide san yo sou lotèl la, w'a boule grès yo. Se va yon ofrann y'a boule nèt pou mwen, yon ofrann ki va fè m' plezi ak bon sant li. Men, vyann yo va rete pou ou ansanm ak vyann pwatrin lan ak jigo dwat ki te deja pou ou a. M'ap ba ou pou ou menm, pou pitit gason ak pitit fi ou yo tout pòsyon ki va rete nan ofrann moun pèp Izrayèl yo va mete apa pou mwen. Se va yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Se yon kontra ki p'ap janm kase ni ki p'ap janm gate mwen fè la avèk ou, pou ou ak pou tout ras fanmi ou. Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Ou p'ap jwenn okenn pòsyon nan tè eritaj ki pou pèp la. Ou p'ap janm gen yon moso tè ki va rele ou pa ou nan peyi a. Se mwen menm ki tout ou, se mwen menm ki tout byen ou nan mitan pèp Izrayèl la. Seyè a di konsa: -Mwen mete tout ladim moun Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a. Moun pèp Izrayèl yo pa janm bezwen preche bò Tant Randevou a. Konsa, yo p'ap rive fè yon peche ki pou ta fè yo mouri. Depi koulye a, se moun Levi yo ki va pran swen tout bagay nan Tant Randevou a. Y'a reskonsab pou tout bagay mal y'a fè. Sa se yon lòd sevè pou tout moun swiv de pitit an pitit. Se konsa yo menm tou, yo p'ap gen tè k'ap rele yo pa yo pou tout tan nan mitan pèp Izrayèl la. M'ap bay moun Levi yo tout ladim moun pèp Izrayèl yo pran sou sa yo genyen pou ofri bay Seyè a. Se poutèt sa, mwen di moun fanmi Levi yo p'ap gen okenn pòsyon tè ki pou rele yo pa yo nan peyi Izrayèl la. (Resansman 18:8-24)
Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Seyè a, ansanm ak tout lò ak tout ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li, ki vle di moun peyi Edon, moun peyi Moab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalèk. (1 Istwa 18:11)
Anpil moun vini lavil Jerizalèm pote ofrann pou Seyè a ak kado pou Ezekyas, wa peyi Jida a. Depi lè sa a tout lòt nasyon nan vwazinaj yo respekte Ezekyas. (2 Istwa 32:23)
Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Seyè a ansanm ak tout lò ak ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li, (2 Samyèl 8:11)
Men sa pou ou fè pou Bondye: Di l' mèsi pou tout bagay. Fè tout sa ou te pwomèt fè pou Bondye ki anwo nan syèl la. (Sòm 50:14)
M'a vin lakay ou ak bèt pou yo boule pou ou, m'a ofri ou sa mwen te pwomèt ou a. (Sòm 66:13)
(068:30) Rete nan tanp ou a lavil Jerizalèm, kote wa yo ap pote kado ba ou. (Sòm 68:29)
(076:12) Fè pwomès ou bay Seyè a ki Bondye, epi kenbe pawòl ou. Nou menm, tout nasyon ki bò kote l' yo, pote kado bay Bondye ki fè moun respekte l' la. (Sòm 76:11)
Paske men sa mwen menm, Seyè a, m'ap di nou: Se sou mòn ki apa pou mwen an, gwo mòn wo peyi Izrayèl la, tout moun pèp Izrayèl la ki va tabli nan peyi a pral fè sèvis pou mwen. Se la m'a kontan resevwa ofrann nou yo. Se la mwen vle nou pote pi bon ofrann nou yo, pi bon kado n'ap ban mwen yo. (Ezekyèl 20:40)
Seyè a di: Nou menm moun lavil Siyon, leve non! Foule lènmi nou yo anba pye nou! M'ap ban nou fòs, n'ap tankou towo bèf ki gen kòn ak zago fè. N'ap kraze anpil nasyon an miyèt moso. N'a pran tou sa yo genyen ansanm ak tout richès yo, n'a ofri yo ban mwen, mwen menm Seyè a, ki mèt tout latè. (Miche 4:13)
Tout sa nou genyen soti nan Seyè a epi n ap remèt li ba Li
Men, kisa m' ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m' ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo soti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou. Seyè, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nwaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri. Seyè, Bondye nou, nou pare tout richès sa yo pou bati yon kay pou ou, ou menm ki yon Bondye apa. Men, se nan men ou yo tout yo soti, se pou ou yo tout ye. (1 Istwa 29:14-16)
Egzanp Ti Jezi a
Jezi te fèt lavil Betleyèm nan peyi Jide, sou tan wa Ewòd. Apre li te fèt, kèk nèg save ki konn etidye zetwal yo soti nan peyi solèy leve, yo rive lavil Jerizalèm. (Matye 2:1)
Egzanp moun ki pa bay Seyè a
Nou pa t' ofri mouton nou yo pou yo te boule pou mwen. Se pa t' pou fè lwanj mwen nou te touye bèt nou yo. Mwen pa t' fòse nou fè ofrann grenn jaden nou yo pou mwen. Mwen pa t' fatige nou pou lansan nou pa boule pou mwen. Nou pa t' depanse lajan nou achte lansan pou mwen. Ni nou pa t' ofri m' grès bèt nou touye yo pou sa te fè m' plezi. Men, se nou menm ki kraze m' ak peche nou yo. Se nou menm ki fatige m' ak mechanste n'ap fè yo. (Ezayi 43:23-24)
Bay avèk kè kontan lè nou soumèt devan Seyè a/ofri volontèman
...pou fè tout bèl bagay an lò osinon an ajan bòs atizan yo gen pou fè. Koulye a, kilès ankò ki vle bay ak tout kè li pou Bondye? Lè sa a, chèf branch fanmi yo, chèf chak fanmi pèp Izrayèl la, tout chèf rejiman mil sòlda yo ak chèf divizyon san sòlda yo, ak tout jeran ki t'ap travay pou wa a, fè kado yo te vle fè. Yo bay sanswasannsenk (0165) kilo lò, twasantrantmil (0330.000) kilo ajan, sètsanmil (0700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (03,300.000) kilo fè pou travay Tanp lan. Sa ki te gen bèl pyè koute chè bay yo pou trezò Tanp lan ki te sou kont Jeyèl, yon moun Levi nan fanmi Gèchon an. Pèp la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Seyè a paske yo te fè l' ak tout kè yo. Wa David tou te kontan anpil. (1 Istwa 29:5-9)
Men, kisa m' ye, kisa pèp mwen an ye menm, pou m' ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kè nou? Se nan men ou tout bagay sa yo soti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou. Seyè, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansèt nou yo. Lavi nou sou latè tankou yon nwaj k'ap pase. Wè pa wè fòk nou mouri. Seyè, Bondye nou, nou pare tout richès sa yo pou bati yon kay pou ou, ou menm ki yon Bondye apa. Men, se nan men ou yo tout yo soti, se pou ou yo tout ye. Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kè tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutèt sa, ak tout kè mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Koulye a mwen wè jan pèp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kè yo. (1 Istwa 29:14-17)
Frè m' yo, mwen ta renmen nou konnen ki jan Bondye te fè wè favè l' nan legliz ki nan peyi Masedwan yo. Patizan Kris yo te pase anba anpil eprèv avèk tout soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitèlman kontan, yo te moutre jan yo ka bay ak tout kè yo, malgre yo te nan nesesite. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yo bay sa yo te kapab, yo menm bay pase sa yo te kapab. San moun pa fòse yo, se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a. Sa depase sa nou te kwè a anpil: yo ofri tèt yo bay Seyè a anvan. Apre sa, yo ofri tèt yo ban nou jan Bondye vle l' la. (2 Korint 8:1-5)
Atitid pi enpòtan pase kantite yo bay
Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n'ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n' te fè san nou pa neglije lòt bagay yo. (Matye 23:23)
Malè pou nou, farizyen! Nou bay Bondye ladim nan donn ti pye mant, pye sitwon ak pye legim. Men, nou pa fè sa ki dwat devan Bondye, nou pa renmen Bondye. Okontrè, se sa pou n' te fè san nou pa bliye fè lòt bagay yo tou. (Lik 11:42)
Dezòm moute nan tanp lan al lapriyè. Yonn te yon farizyen, lòt la yon pèseptè kontribisyon. Farizyen an te kanpe apa, li t'ap lapriyè konsa: Bondye, m'ap di ou mèsi dapre mwen pa vòlò, ni visye, ni adiltè tankou lòt yo; mèsi dapre mwen pa tankou pèseptè kontribisyon sa a. Chak senmenn mwen pase de jou ap fè jèn, mwen bay ladim nan tou sa mwen genyen. Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pa t' menm gen kouraj leve je l' nan syèl; li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche. Lè sa a, Jezi di yo: M'ap di nou sa, se pa farizyen an non, men se pèseptè kontribisyon an ki tounen lakay li ak padon Bondye. Paske, yon moun ki vle leve tèt li, y'a desann li, yon moun ki desann tèt li, y'a leve li. (Lik 18:10-14)
Bay avèk bon atitid/Seyè a aksepte ofrann lan
Abèl menm, bò pa l', pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l' yo, li ofri bay Seyè a. Seyè a te kontan ofrann Abèl la. (Jenèz 4:4)
Se paske Abèl te gen konfyans nan Bondye kifè li te ofri bay Bondye yon ofrann bèt ki pi bon pase pa Kayen an. Paske li te gen konfyans, Bondye asepte l' pou yon moun ki dwat. Se konsa Bondye te asepte kado li te fè l' la. Se paske li te gen konfyans sa a kifè Abèl ap pale toujou jouk koulye a, atout li mouri. (Ebre 11:4)
Wi, mwen resevwa tou sa nou te voye ban mwen, pou di vre, sa depase sa m' te bezwen. Koulye a, avèk Epafwodit ki pote kado nou yo, mwen gen tou sa m' bezwen. Kado nou yo se tankou yon ofrann ki santi bon, yon ofrann bèt Bondye ap asepte paske sa fè l' plezi. (Filip 4:18)
Bay avèk move atitid/Seyè a refize ofrann lan
Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Seye a. Abèl menm, bò pa l', pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l' yo, li ofri bay Seyè a. Seyè a te kontan ofrann Abèl la. Men, li pa t' asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li te move anpil. Li move, li mare figi l' byen mare. (Jenèz 4:3-5)
Seyè a di konsa: Nou menm, pèp Izrayèl, se sa! Moute nan tanp lavil Betèl yo, al fè peche! Ale lavil Gilgal, peche kont kò nou! Chak maten, mennen bèt pou yo touye tankou ofrann bay Bondye! Chak twa jou, pote ladim nou! Ale non! Ofri pen nou bay Bondye pou di l' mèsi! Mache di toupatou jan nou fè ofrann ak tout kè nou bay Bondye! Apa konsa nou renmen fè, pèp Izrayèl! Se Seyè a menm ki di sa. Se mwen menm ki te fè grangou tonbe sou tout lavil nou yo, kifè nou pa t' ka jwenn manje lakay nou. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a menm ki di sa. (Amòs 4:4-6)
Lè n'a pote bèt pou boule pou mwen, lè n'a fè m' ofrann gato, sa p'ap fè m' plezi. Ni mwen p'ap menm gade bèt gra nou pote vin ofri m' pou di m' mèsi. Tankou dlo k'ap kouri larivyè, se pou nou rann tout moun jistis nan peyi a. Tankou yon kouran dlo k'ap kouri san rete, se pou nou toujou fè sa ki dwat. (Amòs 5:22, 24)
Nou menm, moun Izrayèl, pandan karantan nou pase nan dezè a, nou janm ofri bèt pou touye pou mwen? Nou janm ofri m' gato? Se konsa, koulye a nou gen pou nou pote lakay nou pòtre nou te fè pou nou yo: pòtre Sakit, wa nou an, ak pòtre zetwal Kevan an, bondye n'ap sèvi a. M'ap depòte nou nan yon peyi lòt bò Damas. Men sa Seyè a di, li menm yo rele Bondye ki gen tout pouvwa a. (Amòs 5:25-27)
Men yon lòt bagay nou fè ankò: N'ap benyen lotèl Seyè a ak dlo ki sot nan je nou. N'ap kriye, n'ap plenyen paske Seyè a pa menm gade ofrann nou fè l' yo, li derefize asepte anyen nan men nou. Epi n'ap mande poukisa? Se paske Seyè a wè sa ou fè madanm ou te marye lè ou te jenn lan. Ou pa kenbe pwomès ou te fè l' la. Ou te pase kontra avè l', ou te pwomèt Bondye ou t'ap kenbe l' pou madanm ou pou tout tan. (Malachi 2:13-14)
Bay Sentespri a manti
Konsa tou, yon nonm yo te rele Ananyas ak Safira madanm li vann yon tè yo te genyen. Men, dakò ak madanm li, Ananyas kenbe enpe nan lajan an pou li, epi li al renmèt apòt yo rès la. Lè sa a, Pyè di li: Ananyas, ki jan ou fè kite Satan antre nan kè ou pou l' fè ou bay Sentespri manti, pou l' fè ou kenbe enpe nan lajan tè a pou ou? Anvan ou te vann tè a, se pa pou ou li te ye? Apre ou te fin vann li, tout lajan an te pou ou, pa vre? Ki jan ou fè mete nan tèt ou pou fè yon bagay konsa? Se pa moun ou bay manti non. Se Bondye ou twonpe. Lè Ananyas tande pawòl sa yo, li tonbe, li mouri frèt. Tout moun ki tande nouvèl la te pè anpil. Men, kèk jenn gason vini, yo vlope kò a; yo pran l', y' al antere li. Twazèdetan apre, madanm Ananyas, ki pa t' konn sak te rive, vin antre. Pyè mande li: Di mwen, èske se pou pri sa a nou te vann jaden an? Li reponn: Wi, se pou pri sa a. Lè sa a, Pyè di li: Poukisa, ou menm ak mari ou, nou fè konbinezon sa a ansanm pou n' chache pran Lespri Bondye a nan pèlen? Koute: Moun ki antere mari ou la, men yo la nan papòt la. Yo pral pote ou ale, ou menm tou. Menm lè a, li tonbe atè nan pye Pyè, li mouri frèt. Jenn gason yo antre, yo jwenn li mouri. Yo pran l', y' al antere bò kot mari li. (Travay 5:1-10)
Pou jistifye peche
Mwen te gen pou m' ofri yon bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Se jòdi a mwen kit ak angajman mwen an. (Pwovèb 7:14)
Avantaj nan bay
Benefis pou moun ki bay
Mwen moutre nou ki jan pou n' travay di nan tou sa n'ap fè pou n' ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Seyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa. (Travay 20:35)
Plis entimite ak Seyè a
Paske, kote richès ou ye, se la kè ou ye tou. (Matye 6:21)
Kote richès ou ye, se la kè ou ye tou. (Lik 12:34)
Plis nan syèl la
Okontrè, anpile richès nou nan syèl la. Paske la pa gen vè ni lawouj ki pou manje yo, ni vòlè ki pou pran yo pote ale. (Matye 6:20)
Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen. (Matye 19:21)
Vann tou sa nou genyen, separe lajan an bay pòv. Chache yon bous ki p'ap chire. Sere lajan nou nan syèl kote li p'ap janm fini. Paske la, vòlò p'ap ka jwenn li, poudbwa p'ap kapab manje li. (Lik 12:33)
-Pale ak moun Levi yo, di yo konsa: Lè n'a resevwa nan men moun pèp Izrayèl yo ladim Seyè a ban nou pou byen pa nou, n'a wete yon dizyèm ladan l' pou mwen. Se va ofrann ladim pa nou bay Seyè a. (Resansman 18:26)
Lè Jezi tande sa, li di l': Ou manke yon bagay toujou: vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Apre sa, wa gen yon richès nan syèl la. Epi vin swiv mwen. (Lik 18:22)
Se pa dèyè kado mwen ye. Men, mwen ta renmen Bondye mete sou sa nou gen deja. (Filip 4:17)
Mande moun ki gen anpil byen sou latè a pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. Piga yo mete espwa yo nan richès sa yo ki pa sèten. Se pou yo mete espwa yo nan Bondye ki ban nou tout bagay an kantite pou nou ka gen jwisans yo. Mande yo pou yo fè anpil byen, pou yo ka rich devan Bondye. Piga yo chich. Se pou yo toujou pare pou separe sa yo genyen an ak lòt. Konsa, y'a anpile yon bon trezò byen solid pou pita, y'a resevwa lavi tout bon an. (1 Timote 6:17-19)
Plis sou tè a
Chak twazan, n'a pran ladim tout rekòt n'a fè nan lanne a, n'a mete yo nan pòtay lavil nou yo. Moun Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè. (Deteronòm 14:28-29)
Azarya, granprèt la, moun fanmi Zadòk yo, di l' konsa: -Depi lè pèp la konmanse ap pote ofrann nan Tanp lan, gen kont manje pou moun manje. Lèfini, rete yon bon kantite, paske Seyè a beni pèp li a. Sa ki rete la a, se sa ki te anplis la. (2 Istwa 31:10)
Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou. Lè ou fè sa, galata ou ap toujou chaje danre. Barik diven ou yo ap plen ra bouch. (Pwovèb 3:9-10)
Moun ki bay san gad dèyè, sa pa anpeche yo vin pi rich. Men, moun ki penng, se pòv y'ap vin pi pòv. Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou. (Pwovèb 11:24-25)
Fè byen san gad dèyè. Yon lè konsa, w'a jwenn rekonpans ou. (Eklezyas 11:1)
Bay, Bondye va ban nou. La lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l', nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou. (Lik 6:38)
Chonje sa byen: Moun ki simen ti kras va rekòlte ti kras. Moun ki simen anpil va rekòlte anpil. Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. Bondye menm gen pouvwa pou l' ban nou tout kalite benediksyon an kantite. Li fè sa, pa sèlman pou nou ka toujou genyen tou sa nou bezwen, men pou nou ka gen rès ki rete pou n' fè tout kalite bon zèv. Se sa menm ki ekri nan Liv la: Li bay moun ki nan nesesite yo san gad dèyè. L'ap toujou gen kè nan men. Bondye ki bay moun k'ap simen an grenn pou l' simen ak pen pou l' manje, l'a ban nou tou sa nou bezwen pou simen. L'a fè l' pouse pou nou, pou nou ka fè yon bèl rekòt lè nou bay an kantite konsa. Bondye ap toujou fè nou rich ase pou nou ka toujou bay ak tout kè nou. Konsa, anpil moun va di Bondye mèsi pou kado n'a ban mwen pou yo. (2 Korint 9:6-11)
Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri. (Filip 4:19)
Defi pou teste Seyè a pou ogmantasyon materyèl
Pote tout ladim lan nèt nan tanp lan, san wete anyen ladan l', pou ka gen manje nan tanp lan. Se pou nou fè sa pou nou wè si mwen p'ap kenbe pawòl mwen vre. n'a wè si mwen p'ap louvri syèl la fè lapli tonbe, si mwen p'ap vide benediksyon sou nou an kantite. (Malachi 3:10)
Plis benediksyon
Tou sa ki pi bon nan premye rekòt nou yo, tou sa n'a pran angajman pou ofri ban mwen, ak tout lòt ofrann n'a fè, se pou prèt yo y'a ye. Chak fwa n'ap kwit pen, se pou nou bay prèt yo premye pen an tankou ofrann, konsa benediksyon mwen va chita lakay nou. (Ezekyèl 44:30)
Nan lavil sa a, yon kaptenn lame a te gen yon domestik li te renmen anpil. Domestik sa a te twouve l' malad prèt pou mouri. Kaptenn lan tande pale sou Jezi; se konsa li voye kèk chèf fanmi nan jwif yo al mande Jezi pou l' vin geri domestik li a. Yo rive bò kot Jezi, yo di li: Tanpri, fè sa pou li, li merite li. Paske li renmen pèp nou an. Se li ki te bati sinagòg la pou nou. (Lik 7:2-5)
Nan lavil Jope te gen yon fanm yo te rele Tabita. (An lang grèk yo te rele l': Dòkas, ki vle di: Ti Gazèl.) Se te yon patizan Jezi li te ye. Li t'ap pase tout tan li ap fè byen epi li t'ap ede pòv yo anpil. Lè sa a, li tonbe malad epi l' mouri. Yo benyen kò a, yo mete l' nan chanm anwo kay la. Pyè fè tout moun soti. Li mete jenou l' atè, li lapriyè. Apre sa, li vire bò kot kò a, li di li: Tabita, leve non. Fanm lan louvri je l', lè l' wè Pyè, li chita. (Travay 9:36-37, 40)
Nan lavil Sezare te gen yon nonm ki te rele Kònèy. Li te kaptenn yon batayon sòlda moun peyi Itali nan lame women an. Kònèy te yon nonm ki t'ap sèvi Bondye jwif yo. Li menm ak tout fanmi l', yo te gen krentif pou Bondye. Li te fè anpil pou pòv yo pami pèp jwif la. Epi se tout tan li t'ap lapriyè Bondye. Yon jou apremidi, vè twazè, li fè yon vizyon: aklè konsa, li wè yon zanj Bondye antre lakay li. Zanj lan rele li: Kònèy! Li gade zanj lan, li te pè, li di l' konsa: Sak genyen, Mèt? Zanj lan reponn li: Bondye asepte lapriyè ou yo ansanm ak tout byen ou te fè pou pòv yo. Epi li chonje ou. Epi l' di mwen: Kònèy, Bondye tande lapriyè ou, li chonje tout byen ou fè pou pòv yo. (Travay 10:1-4, 31)
Konbyen pou bay
Ladim
Anvan lalwa
Lwanj pou Bondye ki anwo nan syèl la. Se li menm ki te lage lènmi ou yo nan men ou. Apre sa, Abram ba li yon dizyèm nan tout sa li te pran. (Jenèz 14:20)
Jakòb fè yon pwomès bay Seyè a, li di: -Si Bondye toujou kanpe avèk mwen, si li voye je sou mwen nan tout vwayaj sa m'ap fè a, si li ban m' manje pou m' manje ak rad pou m' met sou mwen, si l' fè m' tounen ak kè poze lakay papa m', Seyè a va Bondye m' vre. Wòch sa a mwen plante nan tè tankou bòn lan va sèvi kay pou Bondye. m'a ba ou yon dizyèm nan tout sa ou va ban mwen. (Jenèz 28:20-22)
Anba lalwa
N'a mete dis pou san (10%) nan tout rekòt jaden nou apa pou Seyè a, li te mèt rekòt jaden nou fè nou menm, osinon rekòt pyebwa ki donnen nan jaden nou. Se pou Seyè a dis pou san sa yo ye. Si yon moun vle achte pou li menm kichòy nan dis pou san (10%) ki pou Seyè a, la peye pri bagay la plis ven pou san (20%) lavalè. Sou chak dis bèt, li te mèt bèf, kabrit osinon mouton n'ap gade, gen yonn ki pou Seyè a. Sa vle di lè n'ap konte bèf nou yo, n'a konte yo pa dis. Konsa, chak fwa nou rive sou dizyèm lan, n'a mete l' apa pou Seyè a. (Levitik 27:30-32)
Pa bay ladim konsidere kòm vòlè Bondye
Mwen menm m'ap mande nou: Eske yon moun ka twonpe Bondye? Non. Men, se twonpe n'ap twonpe m'. N'ap mande ki jan n'ap twonpe m' lan. M'ap reponn nou: Nan keksyon ladim ak lòt bagay nou fèt pou nou ofri m' yo. Gen yon madichon ki gen pou tonbe sou nou tout, paske tout moun nan peyi a ap twonpe m'. (Malachi 3:8-9)
Ladim manje devan Seyè a
Chak lanne, n'a pran ladim rekòt nou, yon dizyèm nan tou sa jaden nou yo donnen, n'a mete l' apa. Apre sa, nou va ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Epi la, devan Seyè a, n'a manje ladim farin nou, ladim diven nou ak ladim lwil oliv nou ansanm ak premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se konsa n'a aprann pou nou toujou gen krentif pou Seyè a. Men, si kote Seyè a chwazi pou fè sèvis pou li a twò lwen lakay nou, kifè vwayaj la ap twòp pou nou, nou pa ka pote ladim rekòt Bondye ban nou pou benediksyon an, lè sa a, n'a vann ladim lan, n'a kenbe lajan lavant lan nan men nou epi n'a ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Lè n'a rive, n'a achte ak lajan an sa nou pi pito: bèf, mouton, kabrit, diven, likè, wi tou sa nou pi renmen. Epi la, devan Seyè a, Bondye nou an n'a manje yo, n'a fè fèt ansanm ak tout moun lakay nou. (Deteronòm 14:22-26)
Ladim bay pou soutni Levit yo ak pòv yo
Seyè a di konsa: -Mwen mete tout ladim moun Izrayèl yo va bay la apa pou moun branch fanmi Levi yo, pou sèvis y'ap rann nan tanp lan, pou travay y'ap fè nan Tant Randevou a. Moun pèp Izrayèl yo pa janm bezwen preche bò Tant Randevou a. Konsa, yo p'ap rive fè yon peche ki pou ta fè yo mouri. Depi koulye a, se moun Levi yo ki va pran swen tout bagay nan Tant Randevou a. Y'a reskonsab pou tout bagay mal y'a fè. Sa se yon lòd sevè pou tout moun swiv de pitit an pitit. Se konsa yo menm tou, yo p'ap gen tè k'ap rele yo pa yo pou tout tan nan mitan pèp Izrayèl la. M'ap bay moun Levi yo tout ladim moun pèp Izrayèl yo pran sou sa yo genyen pou ofri bay Seyè a. Se poutèt sa, mwen di moun fanmi Levi yo p'ap gen okenn pòsyon tè ki pou rele yo pa yo nan peyi Izrayèl la. (Resansman 18:21-24)
Chak twazan, n'a pran ladim tout rekòt n'a fè nan lanne a, n'a mete yo nan pòtay lavil nou yo. Moun Lèvi yo ki pa gen anyen ki rele yo pa yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Konsa tou, moun lòt nasyon yo, timoun ki pèdi papa yo, fanm vèv yo va vini, y'a pran sa yo bezwen. Se konsa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tou sa n'ap fè. (Deteronòm 14:28-29)
Chak twazan n'a bay ladim, ki vle di yon dizyèm tout bagay nou rekòlte. N'a ranmase sa n'ap bay la, n'a mache nan tout lavil nou yo, n'a bay prèt yo, moun lòt nasyon yo, timoun san papa yo ak vèv yo, pou yo tout ka manje plen vant yo. (Deteronòm 26:12)
Lèfini, li mande moun ki rete lavil Jerizalèm yo pou yo fè ofrann pou prèt ak moun Levi yo, pou mesye sa yo ka bay tout tan yo nan fè travay yo, jan Lalwa Seyè a mande l' la. Lè nouvèl la gaye, moun pèp Izrayèl yo pote premye sa yo rekolte nan ble, nan diven, nan lwil oliv, nan siwo myèl ak nan tout lòt danre jaden yo an kantite. Lèfini, yo pote yon dizyèm sou tou sa yo te genyen. Tout moun peyi Izrayèl ak moun peyi Jida ki t'ap viv nan lòt lavil peyi Jida yo te bay yon bèt pou chak dis bèf osinon kabrit ak mouton yo te genyen. Yo pote yon dizyèm nan tout bagay yo te mete apa pou Bondye, sèl Mèt yo a. Yo pote yo fè pil sou pil. Yo konmanse pote kado yo depi nan twazyèm mwa a rive sou setyèm mwa a. Lè wa Ezekyas ak chèf li yo wè kantite bagay moun yo te bay, yo di Bondye mèsi, yo fè lwanj pou pèp Izrayèl la, pèp Bondye a. Lè sa a, Ezekyas pale ak prèt yo ansanm ak moun Levi yo sou koze ofrann yo. Azarya, granprèt la, moun fanmi Zadòk yo, di l' konsa: -Depi lè pèp la konmanse ap pote ofrann nan Tanp lan, gen kont manje pou moun manje. Lèfini, rete yon bon kantite, paske Seyè a beni pèp li a. Sa ki rete la a, se sa ki te anplis la. Ezekyas bay lòd pou yo pare kèk pyès nan Tanp lan pou sèvi depo. Lè depo yo fin pare, li fè mete tout sa yo te pran sou rekòt yo, tout ladim yo ak tout bagay yo te mete apa pou Bondye yo ladan yo. Yo mete Konanya, yon moun Levi, chèf reskonsab ak Chimèyi, frè li, pou adjwen. (2 Istwa 31:4-12)
Konsa tou, n'a pote bay prèt yo kote y'ap viv nan tanp lan pen n'a fè ak premye grenn n'a rekòlte chak lanne yo, ansanm ak lòt ofrann fwi pyebwa nou yo va donnen, diven ki fenk fèt ak lwil oliv fre. N'a pote ladim tout rekòt n'a fè nan jaden nou bay moun Levi yo. Se yo menm ki va mache nan tout ti bouk nou yo pou ranmase ladim kote yo fè jaden. Yonn nan pret yo, ki soti nan branch fanmi Arawon an, va toujou ale avèk moun Levi yo lè yo pral ranmase ladim lan. Lèfini, moun Levi yo va pote mete nan depo pwovizyon tanp lan yon dizyèm nan tout ladim y'a ranmase a pou sèvis Tanp lan. (Neemi 10:37-38)
Mwen vin konnen tou pèp la pa t' bay sa pou yo te bay pou moun Levi yo, kifè moun Levi yo ak mizisyen yo te leve kite travay yo lavil Jerizalèm, yo tounen nan jaden yo. Mwen rale zòrèy chèf yo, mwen mande yo poukisa yo pa okipe tanp la ankò. Mwen voye chache moun Levi yo ak mizisyen yo, m' fè yo tounen nan tanp lan vin fè travay yo. (Neemi 13:10-11)
Levit yo te dwe bay ladim sou ladim yo resevwa
-Pale ak moun Levi yo, di yo konsa: Lè n'a resevwa nan men moun pèp Izrayèl yo ladim Seyè a ban nou pou byen pa nou, n'a wete yon dizyèm ladan l' pou mwen. Se va ofrann ladim pa nou bay Seyè a. (Resansman 18:26)
Ladim nan Nouvo Testaman
Siperyorite prètriz Melkisedèk la
Mèlkisedèk sa a, se te wa peyi Salèm, yon prèt ki t'ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Lè Abraram t'ap tounen lakay li, apre li te fin kraze kèk wa nan yon batay, Mèlkisedèk vin kontre l', li ba l' benediksyon. Lè sa a, Abraram separe ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Non Mèlkisedèk la gen de sans. Nan yon premye sans, li vle di Wa ki bay jistis la. Men, akòz li te wa peyi Salèm, li gen yon dezyèm sans. Li vle di tou Wa ki bay kè poze a. Nou tou wè ki kalite grannèg nonm sa a te ye, pou granpapa nou, Abraram, te ba li yon dizyèm nan tou sa l' te pran nan batay la. Dapre lalwa Moyiz, se nan ras Levi ase yo chwazi moun ki pou sèvi prèt. Prèt sa yo resevwa lòd pou yo mande pèp la yon dizyèm sou tout bagay, sa vle di, yo mande moun ki sitwayen menm peyi ak yo pou bay yon dizyèm nan tou sa yo genyen. Men, yo tout se pitit pitit Abraram yo ye. Mèlkisedèk menm pa t' moun ras Levi. Men malgre sa, Abraram te ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Sa ki pi rèd ankò, Mèlkisedèk bay moun ki te resevwa pwomès Bondye a benediksyon. Moun ki bay benediksyon pi gran pase moun ki resevwa benediksyon. Sa se vre. Nan ka prèt ras Levi yo, ofrann yon dizyèm lan se pou moun ki gen pou mouri. Men, nan ka Mèlkisedèk la, ladim lan se pou yon moun ki vivan, jan sa ekri nan Liv la. Gen plis ankò: nou ka di lè Abraram te bay ofrann dizyèm lan, Levi te peye l' tou, li menm Levi ki gen pitit pitit li yo k'ap resevwa ofrann dizyèm lan koulye a. (Ebre 7:1-2, 4-9)
Ladim nan depo a
Ezekyas bay lòd pou yo pare kèk pyès nan Tanp lan pou sèvi depo. Lè depo yo fin pare, li fè mete tout sa yo te pran sou rekòt yo, tout ladim yo ak tout bagay yo te mete apa pou Bondye yo ladan yo. Yo mete Konanya, yon moun Levi, chèf reskonsab ak Chimèyi, frè li, pou adjwen. (2 Istwa 31:11-12)
Yonn nan pret yo, ki soti nan branch fanmi Arawon an, va toujou ale avèk moun Levi yo lè yo pral ranmase ladim lan. Lèfini, moun Levi yo va pote mete nan depo pwovizyon tanp lan yon dizyèm nan tout ladim y'a ranmase a pou sèvis Tanp lan. (Neemi 10:38)
Lè sa a, yo chwazi kèk gason yo mete reskonsab chanm depo kote yo te mete pwovizyon yo, ofrann premye grenn ak premye fwi yo ranmase nan chak rekòt yo, ofrann ladim yo ak lòt ofrann pou moun yo fè pou tanp lan: Se mesye sa yo ki te gen pou ale nan tout jaden bò lavil yo, pou ranmase sa lalwa te mande pou bay prèt yo ak moun Levi yo. Tout moun peyi Jida te kontan ak travay moun Levi yo ak prèt yo t'ap yo fè. (Neemi 12:44)
Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo pote ofrann ladim ble, ladim diven ak ladim lwil vin mete nan depo a. (Neemi 13:12)
Bay selon sa Bondye beni ou
Apre sa, n'a fete Fèt Senmenn yo pou di Seyè a, Bondye nou an, mèsi. N'a pote ba li ofrann n'a vle dapre sa Seyè a va ban nou nan favè li. (Deteronòm 16:10)
Twa fwa chak lanne, pou fèt Delivrans lan, pou fèt Premye Rekòt la ak pou fèt Joupa yo, chak gason nan peyi a va vin adore Seyè a, Bondye nou an, kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Yo p'ap gen dwa vini de men vid. (Deteronòm 16:16)
Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an. (1 Korint 16:2)
Egzanp bay selon mwayen
Yo bay tou sa yo te ka bay pou travay la: sèzmil senksanven (016.520) ons lò, sandisètmil (0117.000) ons ajan ak san (0100) gwo rad pou prèt yo mete sou yo. (Esdras 2:69)
Disip yo deside pou chak moun bay sa yo kapab pou yo voye ede frè yo ki te nan peyi Jide. (Travay 11:29)
Kantite akseptab se sa ou bay selon mwayen ou
Paske si nou mete tout kè nou pou nou bay, Bondye ap asepte kado nou bay la. L'ap gade sou sa nou genyen, li p'ap gade sou sa nou pa genyen. (2 Korint 8:12)
Bay ak sakrifis
Apre sa, Jezi te chita vizaviz ak bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li t'ap gade moun yo ap mete lajan ladan li. Plizyè moun rich t'ap mete anpil lajan. Yon pòv vèv vin rive tou; li mete de ti kòb ki pa t' menm fè mwatye senk kòb. Lè sa a Jezi rele disip li yo, li di yo; -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pòv vèv sa a bay plis pase tout moun ki mete ofrann nan bwat la. Paske, tout moun sa yo mete sa yo pa bezwen; men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l' te genyen, tout sa l' te gen pou l' viv. (Mak 12:41-44)
Jezi pwonmennen je l' toupatou nan tanp lan, epi li wè moun rich yo ki t'ap mete lajan nan bwat kote yo mete ofrann nan tanp lan. Li wè yon pòv vèv tou ki t'ap mete de ti kòb kwiv. Li di: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: pòv vèv sa a bay plis pase tout lòt moun yo. Paske, tout moun sa yo, se sa yo pa bezwen yo mete nan bwat la; men li menm, nan tout mizè li, li bay tou sa l' te gen pou l' viv. (Lik 21:1-4)
Frè m' yo, mwen ta renmen nou konnen ki jan Bondye te fè wè favè l' nan legliz ki nan peyi Masedwan yo. Patizan Kris yo te pase anba anpil eprèv avèk tout soufrans ki te tonbe sou yo. Men, yo te sitèlman kontan, yo te moutre jan yo ka bay ak tout kè yo, malgre yo te nan nesesite. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: yo bay sa yo te kapab, yo menm bay pase sa yo te kapab. San moun pa fòse yo, se yo menm menm ki mande, se yo menm menm ki plede ak nou pou nou ba yo privilèj patisipe nan sekou n'ap voye pou manm pèp Bondye nan peyi Jide a. (2 Korint 8:1-4)
Pa bay yon bagay ki pa koute ou anyen
Li di l' konsa: -Monwa, sa ki mennen ou isit lakay mwen? David reponn li: -Mwen vin achte anplasman glasi a pou m' bati yon lotèl pou Seyè a, konsa epidemi an va sispann nan peyi a. Araounak di l' konsa: -Monwa, ou mèt pran l'. Ofri Seyè a sa ou vle. Men bèf sa yo pou ou boule nèt tankou yon ofrann sou lotèl la. Men jouk yo ak bwa kabwa yo pou fè dife. Araounak bay wa a tout bagay sa yo. Lèfini, li di: -Mwen mande Bondye pou l' asepte ofrann ou an! Men wa a reponn li, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye pou yo. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri pou boule nèt pou Seyè a. Se konsa, David achte anplasman glasi a ansanm ak tout bèf yo pou senkant pyès ajan. (2 Samyèl 24:21-24)
David di Onan konsa: -Vann mwen anplasman glasi a pou m' bati yon lotèl pou Seyè a. Ban mwen li pou pri li vo. Konsa, epidemi k'ap fini ak pèp la va sispann. Onan di David konsa: -Monwa, ou mèt pran l' pou fè sa ou vle avè l'. Men m'ap bay bèf sa yo pou ou boule nèt sou lotèl la. Men jouk bèf yo ak bwa kabwa yo pou fè dife, ak ble pou sèvi ofrann grenn jaden an. M'ap ba ou tout bagay sa yo. Men wa David reponn Onan, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye ou sa yo vo. M' pa ka ofri Seyè a sa ki pou ou. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri bay Seyè a. (1 Istwa 21:22-24)
Madichon lè ou bay yon bagay ki vòlè oswa ki gen defo
Seyè ki gen tout pouvwa a ap pale ak nou koulye a, nou menm prèt yo ki pa respekte l'. Li di nou konsa: Yon pitit fèt pou l' respekte papa l'. Yon domestik fèt pou l' gen krentif pou mèt li. Mwen se papa nou. Poukisa nou pa respekte m'? Mwen se mèt nou. Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Epi nou gen kouraj pou nou di: Ki jan nou derespekte ou la? Men ki jan: nou pran manje ki pa bon pou fè sèvis pou mwen, nou ofri l' sou lotèl la ban mwen. Epi n'ap di: nou pa wè ki jan nou derespekte ou la a? Mwen menm, mwen di nou se lè nou di lotèl Seyè a pa merite yo respekte l'. Lè nou mennen yon bèt je pete pou yo touye pou mwen, atò, sa se pa bagay ki mal? Lè nou mennen yon bèt k'ap mache bwete, yon bèt tou malad, sa se pa bagay ki mal? Seye pote yon bèt konsa bay yon gwo chèf non! Eske l'ap kontan? Eske la ba ou yon favè? Koulye a, nou menm prèt yo, lapriyè nan pye Bondye pou l' gen pitye pou nou non! Eske la ban nou favè l'? Se nou menm ki va lakòz li pa fè sa pou nou! Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di: Mwen ta swete yonn nan nou ta fèmen tout pòt tanp lan pou nou pa limen dife pou gremesi sou lotèl mwen an. Mwen pa kontan menm ak nou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Mwen p'ap asepte ankenn ofrann nan men nou. Toupatou sou latè, depi sou solèy leve jouk sou solèy kouche, moun lòt nasyon yo ap di jan mwen gen pouvwa. Toupatou y'ap boule lansan pou mwen, y'ap ofri m' bagay ki bon pou sèvis mwen. Paske moun toupatou respekte m'. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Men, nou menm, nou pa respekte lotèl mwen lè nou di: Lotèl Seyè a pa bon ankò. Se vye manje n'ap ofri sou li. Lèfini, n'ap plede di: Nou bouke ak tout bagay sa yo. Nou pa pran ka m' ankò. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pran bèt nou vòlò, bèt enfim, osinon bèt malad, nou vin ofri ban mwen. Seyè a mande nou: Nou kwè mwen ka asepte bagay konsa nan men nou? Se Seyè a ki mande nou sa. Madichon pou moun k'ap twonpe m' yo. Yo vin ofri bèt ki pa bon pou yo touye pou mwen epi yo kite bon ti mal yo te pwomèt y'ap ban mwen an nan bann mouton yo. Paske, se yon wa ki gen anpil pouvwa mwen ye. Moun tout nasyon va respekte m'. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. (Malachi 1:6-14)
Fason pou bay
Seyè ki gen tout pouvwa a ap pale ak nou koulye a, nou menm prèt yo ki pa respekte l'. Li di nou konsa: Yon pitit fèt pou l' respekte papa l'. Yon domestik fèt pou l' gen krentif pou mèt li. Mwen se papa nou. Poukisa nou pa respekte m'? Mwen se mèt nou. Poukisa nou pa gen krentif pou mwen? Epi nou gen kouraj pou nou di: Ki jan nou derespekte ou la? Men ki jan: nou pran manje ki pa bon pou fè sèvis pou mwen, nou ofri l' sou lotèl la ban mwen. Epi n'ap di: nou pa wè ki jan nou derespekte ou la a? Mwen menm, mwen di nou se lè nou di lotèl Seyè a pa merite yo respekte l'. Lè nou mennen yon bèt je pete pou yo touye pou mwen, atò, sa se pa bagay ki mal? Lè nou mennen yon bèt k'ap mache bwete, yon bèt tou malad, sa se pa bagay ki mal? Seye pote yon bèt konsa bay yon gwo chèf non! Eske l'ap kontan? Eske la ba ou yon favè? Koulye a, nou menm prèt yo, lapriyè nan pye Bondye pou l' gen pitye pou nou non! Eske la ban nou favè l'? Se nou menm ki va lakòz li pa fè sa pou nou! Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di: Mwen ta swete yonn nan nou ta fèmen tout pòt tanp lan pou nou pa limen dife pou gremesi sou lotèl mwen an. Mwen pa kontan menm ak nou. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Mwen p'ap asepte ankenn ofrann nan men nou. Toupatou sou latè, depi sou solèy leve jouk sou solèy kouche, moun lòt nasyon yo ap di jan mwen gen pouvwa. Toupatou y'ap boule lansan pou mwen, y'ap ofri m' bagay ki bon pou sèvis mwen. Paske moun toupatou respekte m'. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Men, nou menm, nou pa respekte lotèl mwen lè nou di: Lotèl Seyè a pa bon ankò. Se vye manje n'ap ofri sou li. Lèfini, n'ap plede di: Nou bouke ak tout bagay sa yo. Nou pa pran ka m' ankò. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. Nou pran bèt nou vòlò, bèt enfim, osinon bèt malad, nou vin ofri ban mwen. Seyè a mande nou: Nou kwè mwen ka asepte bagay konsa nan men nou? Se Seyè a ki mande nou sa. Madichon pou moun k'ap twonpe m' yo. Yo vin ofri bèt ki pa bon pou yo touye pou mwen epi yo kite bon ti mal yo te pwomèt y'ap ban mwen an nan bann mouton yo. Paske, se yon wa ki gen anpil pouvwa mwen ye. Moun tout nasyon va respekte m'. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa. (Malachi 1:6-14)
Modèl pou bay
Priyorite
Pandan sizan n'a travay tè a, epi n'a ranmase sa li bay. Men, sou setyèm lanne a, n'a kite tè a poze. Menm si li bay kichòy, nou p'ap ranmase anyen sou li. N'a kite rekòt la pou pòv malere yo. Rès la va rete pou bèt nan bwa manje. N'a fè menm bagay la tou pou jaden rezen ak jaden oliv nou yo. (Egzòd 23:10-11)
Tout premye pitit gason se pou mwen yo ye. Konsa tou, tout bèt, kit se bèf, kit se mouton, kit se kabrit, premye pitit mal yo fè, se pou mwen yo ye tou. (Egzòd 34:19)
N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou yo, n'a pote yo bay Seyè a, Seyè nou an, lakay li. Piga ou janm kwit yon ti mouton nan lèt manman l'. (Egzòd 34:26)
W'a ofri ledven ak siwo myèl fè Seyè a kado tankou ofrann premye donn nan jaden nou. Men, piga ou boule yo sou lotèl la, tankou ofrann ki pou fè Seyè a plezi ak bon sant yo. (Levitik 2:12)
Konsa tou, premye jou fèt premye rekòt la, lè n'ap pote ofrann grenn nou fèk rekòlte yo bay Seyè a, n'a reyini tout moun pou yo vin fè sèvis pou Bondye. Jou sa a, pesonn p'ap gen dwa fè okenn gwo travay. (Resansman 28:26)
Lè n'a rive nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou rele nou pa nou an, lè n'a fin pran tout peyi a pou nou pou nou rete ladan l', chak moun va pran premye donn tout pyebwa nan jaden li fè sou tè Seyè a, Bondye li a, va ba li, l'a mete yo nan yon panyen, epi l'a pote l' kote Seyè a te chwazi pou l' rete nan mitan nou an. (Deteronòm 26:1-2)
Fè wè jan ou gen respè pou Seyè a: ba li nan tou sa ou genyen, ofri l' premye donn ou rekòlte nan jaden ou. (Pwovèb 3:9)
San reta
Pa pran reta pou n' ofri m' sa pou n' ofri m' nan rekòt danre nou yo ak nan diven nou. n'a ban mwen premye pitit gason nou yo. (Egzòd 22:29)
Lè yonn nan nou pwomèt Seyè a n'ap fè kichòy pou li, pa kite twòp tan pase anvan nou kenbe pwomès la, paske Seyè a, Bondye nou an, p'ap manke mande nou kont. Lè sa a, n'a gen yon peche sou konsyans nou. (Deteronòm 23:21)
Lè ou fè yon pwomès bay Bondye, pa mize fè sa ou pwomèt fè a. Bondye pa nan jwèt ak moun ki san konprann. Sa ou pwomèt fè a, fè l'. (Eklezyas 5:4)
Planifye davans
Se pou chak moun bay jan yo te deside nan kè yo, san yo pa règrèt anyen, san moun pa bezwen fòse yo, paske Bondye renmen moun ki bay ak kè kontan. (2 Korint 9:7)
Regilyèman
Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an. (1 Korint 16:2)
Pèsonèl
Men, lè yon manman bourik fè premye pitit mal li, nou ka achte l' nan men m'. N'a ban mwen yon mouton pou li. Si nou pa vle peye pou li, se pou nou kase kou l'. Konsa tou, nou va achte nan men m' tout premye pitit gason gason nou yo va fè. N'a ban mwen kichòy pou yo. Piga pesonn janm parèt devan mwen de men l' vid. (Egzòd 34:20)
Men, yo chak va bay kichòy, dapre benediksyon Seyè a, Bondye nou an, va ba yo. (Deteronòm 16:17)
Tout moun nan peyi a fèt pou pote ofrann sa yo bay wa k'ap gouvènen pèp Izrayèl la. (Ezekyèl 45:16)
Disip yo deside pou chak moun bay sa yo kapab pou yo voye ede frè yo ki te nan peyi Jide. (Travay 11:29)
Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an. (1 Korint 16:2)
Depo an prive
Chak premye jou nan senmenn lan, se pou chak moun mete yon ti lajan apa dapre sa yo te fè. Y'a sere l' lakay yo. Konsa, nou p'ap bezwen tann se lè m' rive lakay nou pou n'ap chache lajan an. (1 Korint 16:2)
San ògèy
Fè atansyon lè n'ap fè devwa nou pou Bondye pou nou pa fè l' yon jan pou fè moun wè. Lè nou fè l' konsa, Papa nou ki nan syèl la p'ap ban nou okenn rekonpans. Se sa ki fè tou, lè w'ap bay yon moun ki nan nesesite kichòy, ou pa bezwen fè tout moun wè sa, tankou ipokrit yo fè l' nan sinagòg ak nan lari. Yo fè sa pou moun ka fè lwanj yo. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Konsa, yo tou jwenn rekonpans yo. Men, lè w'ap ede moun ki nan nesesite, fè l' yon jan pou menm pi bon zanmi ou pa konn sa. Konsa, kado ou fè a rete yon sekrè. Papa ou menm ki wè sa ou fè an sekrè a va ba ou rekonpans ou. (Matye 6:1-4)
Kè pouse
-Pale ak moun Izrayèl yo. Di yo pote yon ofrann ban mwen. W'a resevwa l' pou mwen nan men tout moun ki vle bay ak kè kontan. (Egzòd 25:2)
Se pou nou pran nan sa nou genyen pou fè ofrann pou Seyè a. Tout moun ki vle bay ak tout kè yo pou fè yon ofrann pou Seyè a va fè l'. y'a pote lò, ajan ak kwiv, (Egzòd 35:5)
Apre sa, tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo, ki te vle fè ofrann, tounen vin jwenn li. Yo te pran nan sa yo genyen, yo pote ofri bay Seyè a pou fè Tant Randevou a, pou fè tout bagay yo bezwen pou sèvis li ansanm ak rad seremoni yo. Tout moun ki te soti pou bay ak tout kè yo pou fè ofrann, fanm kou gason, yo vini, yo pote zanno, bag, kolye, braslè ak tout kalite bijou an lò. Chak moun te pote bijou an lò yo te mete apa pou Bondye. Tout moun ki te gen bon twal siperyè koulè ble, koule violèt osinon koulè wouj, twal fen blan, twal pwès fèt ak pwal kabrit, po belye tenn koulè wouj, ou ankò po bazann, tout moun ki te gen bagay sa yo lakay yo pote yo vini. Tout moun ki te vle ofri ajan ak kwiv devan Seyè a, yo te pote l', yo te leve l' devan Seyè a. Tout moun ki te gen bwa zakasya lakay yo ki te ka sèvi nan travay la te pote l'. Tout fanm ki te gen ladrès te file fil koulè ble, violèt ak wouj, ak twal fen koulè blan, epi yo pote yo vini. Tout fanm ki te soti pou fè kichòy ak tout kè yo te fè twal pwès ak pwal kabrit, yo pote yo vini tou. Chèf yo menm te pote pyè oniks ak lòt pyè pou yo gani jile ak plastwon prèt la, ansanm ak epis santi bon ak lwil pou lanp sèt branch lan, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou Bondye, ak lansan santi bon. Se konsa tout moun pèp Izrayèl ki te soti pou bay kichòy ak tout kè yo pou travay Seyè a te di Moyiz ba yo lòd fè a, fanm kou gason, yo te pote ofrann yo te vle fè bay Seyè a. (Egzòd 35:21-29)
Yon jou, Joas rele prèt yo, li di yo: —Se nou ki pou reskonsab tout lajan ofrann yo pote nan tanp Seyè a, ni lajan chak moun fèt pou yo bay pou sakrifis yo, ni lajan moun yo vle bay paske yo fè lide a. (2 Wa 12:4)
Règ pou bay
Administrasyon ak responsablite
Gen lòt moun Levi yo te mete reskonsab trezò Tanp lan ak depo kote yo mete tout bagay ki apa pou Bondye yo. (1 Istwa 26:20)
Se Chelomit sa a ansanm ak fanmi l' yo ki te reskonsab depo tout bagay wa David, chèf fanmi yo, kòmandan rejiman mil sòlda yo, kòmandan divizyon san sòlda yo ak tout lòt gwo chèf nan lame a te mete apa pou Seyè a. (1 Istwa 26:26)
Kore, pitit Jimna a, yon moun Levi ki te chèf gad nan Pòtay sou solèy leve Tanp lan, te reskonsab resevwa kado moun yo te ofri pou Seyè a paske yo te vle. Se li tou ki pou te separe ofrann yo te fè pou Seyè a ak pòsyon yo te mete apa nèt pou Seyè a. Nan lòt lavil kote prèt yo rete a, men moun ki te toujou la pou ede Kore: Se te Edèn, Menjamin, Jechwa, Chemaja, Amarya ak Chekanya. Se yo menm ki pou te separe manje a bay moun Levi parèy yo, gran kou piti, dapre travay yo gen pou fè. (2 Istwa 31:14-15)
Lè sa a, yo chwazi kèk gason yo mete reskonsab chanm depo kote yo te mete pwovizyon yo, ofrann premye grenn ak premye fwi yo ranmase nan chak rekòt yo, ofrann ladim yo ak lòt ofrann pou moun yo fè pou tanp lan: Se mesye sa yo ki te gen pou ale nan tout jaden bò lavil yo, pou ranmase sa lalwa te mande pou bay prèt yo ak moun Levi yo. Tout moun peyi Jida te kontan ak travay moun Levi yo ak prèt yo t'ap yo fè. (Neemi 12:44)
Mwen chwazi twa moun: Chelemya, yon prèt, Zadòk, yon direktè lalwa, ak Pedaja, yon moun Levi, mwen mete yo reskonsab chanm depo yo. Mwen chwazi yon lòt moun, Anan, pitit gason Zakou, pitit pitit Matanya, pou ede yo nan travay la. Mwen konnen mesye sa yo te nèg serye. Se yo ki te reskonsab separe pwovizyon yo bay prèt ak moun Levi parèy yo. (Neemi 13:13)
Nou voye yon frè avè li. Tout moun nan legliz yo ap nonmen non frè sa a pou jan l' travay pou anonse bon nouvèl la. Apre sa, se legliz yo menm ki te chwazi l' pou vwayaje ansanm ak nou, pou ede ranmase lajan nou t'ap bay la. Lajan sa a gen pou sèvi yon lwanj pou Bondye, anmenmtan l'ap fè wè jan nou vle ede vre. Nou pran tout prekosyon sa yo pou moun pa jwenn repwòch pou yo fè nou pou gwo lajan sa a ki nan men nou an. N'ap chache fè tout bagay pwòp, pa sèlman devan Bondye, men devan tout moun tou. (2 Korint 8:18-21)
Se sa menm yo te fè. Apre sa, yo voye Banabas ak Sòl pote sa yo te ranmase a bay chèf fanmi yo ki te nan Jide. (Travay 11:30)
Lè m' ava rive, n'a chwazi kèk moun pou m' voye pote kado nou fè a ale lavil Jerizalèm ak yon lèt rekòmandasyon. Si sa merite pou m' ale tou, y'a fè vwayaj la ansanm avè mwen. (1 Korint 16:3-4)
Egzanp kote yo pa t mande kont
Yo pa t' fè ankenn regleman ak moun ki te reskonsab lajan pou peye travayè yo, paske se moun serye yo te ye. (2 Wa 12:15)
Li p'ap bezwen fè regleman ak moun sa yo, paske se moun serye yo ye. (2 Wa 22:7)
Kote pou bay
Fanmi
Si yon moun pa pran swen fanmi l', sitou moun k'ap viv lakay li, li nye konfyans li nan Bondye, li pi mal pase yon moun ki pa janm kwè nan Bondye. (1 Timote 5:8)
Paran
Tande byen. Bondye di nou konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l' osinon manman l' mal, se pou yo touye l'. Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l' osinon manman l': Sa m' ta gen pou m' ba ou a, m' ofri l' bay Bondye, moun sa a pa bezwen fè anyen pou papa l' osinon pou manman l'. Se konsa, avèk koutim nou yo, nou fè pawòl Bondye a pase pou anyen menm. (Matye 15:4-6)
Li di yo tou: -Nou byen konnen jan pou nou vire kòmandman Bondye yo voye jete, pou nou ka kenbe pwòp pawòl pa nou yo. Tande byen. Moyiz di konsa: Respekte papa ou ak manman ou. Li di ankò: Si yon moun pale papa l' ak manman l' mal, se pou yo touye li. Men nou menm, nou di: Si yon moun di papa l' osinon manman l': Tou sa m' ta gen pou m' ede ou la, li kòban (sa vle di: se yon ofrann mwen mete apa pou Bondye), nan ka sa a, li pa bezwen fè anyen pou papa l' osinon manman li. Se konsa nou fè pawòl Bondye yo pase pou anyen ak pawòl pa nou n'ap transmèt yonn bay lòt. Nou fè anpil lòt bagay konsa ankò. (Mak 7:9-13)
Vèv yo
Men, si yon vèv gen pitit, osinon pitit pitit, se pou pitit yo aprann fè tout devwa Bondye mande yo fè pou pwòp fanmi yo anvan. Konsa, y'a fè tou sa yo dwe fè pou papa yo, manman yo ak granparan yo. Se sa ki pou fè Bondye plezi. (1 Timote 5:4)
Men, si yon fanm ki gen lafwa gen yon vèv nan fanmi l', se pou l' ede l', pou l' pa kite l' sou kont legliz la, pou legliz la ka ede vèv ki nan nesesite tout bon yo. (1 Timote 5:16)
Egzanp bay fanmi
Lè wa Gochenn, m'a pran swen ou, paske grangou a la pou senk lanne ankò. (Jenèz 45:11)
Jozèf te bay papa l', frè l' yo ak tout fanmi yo kantite manje yo te bezwen pou mezi timoun yo te genyen. (Jenèz 47:12)
Egzanp bay fanmi
Rès ofrann lan va rete pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. Rès ofrann sa a apa nèt pou Seyè a, paske se nan manje yo ofri pou boule pou Seyè a li soti. (Levitik 2:3)
L'a pran yonn nan chak kalite pen yo, l'a ofri yo espesyalman bay Seyè a. Pen sa yo va rete pou prèt ki va pran san bèt la pou voye sou lotèl la. (Levitik 7:14)
N'a pran jigo dwat bèt li te ofri pou di Bondye mèsi a, n'a bay prèt la li pou li prezante l' tankou yon ofrann devan Seyè a. Konsa, prèt ki ofri san an ak grès bèt yo te touye pou di Bondye mèsi a va resevwa jigo dwat la pou tèt pa l'. Pwatrin bèt la, se yon ofrann espesyal y'a annik balanse devan Seyè a. Jigo dwat la, se yon ofrann y'a annik prezante devan Seyè a. Se Seyè a menm ki wete moso sa yo nan ofrann pèp la va fè a pou li bay prèt yo. Sa se bagay moun Izrayèl yo dwe toujou bay prèt yo. Se va yon regleman pou tout tan tout tan. (Levitik 7:32-34)
Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason ki te rete l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -N'a pran farin ki rete nan ofrann grenn yo boule pou Seyè a, n'a fè pen san ledven avè l', n'a manje yo bò lotèl la, paske ofrann lan, se yon ofrann ki apa nèt pou Seyè a. N'a manje l' yon kote ki apa pou Seyè a. Wi, se pòsyon sa a ki pou ou ansanm ak pitit ou yo nan ofrann yo fè pou boule pou Seyè a. Se sa Seyè a te ban m' lòd fè. Konsa tou, nou menm ak tout fanmi nou, fi kou gason, nou gen dwa manje pwatrin yo balanse devan Seyè a ak jigo yo te ofri bay Seyè a pou prèt yo. N'a manje yo yon kote yo mete apa pou sèvis Seyè a. Paske, pòsyon sa yo se pou nou yo ye, pou nou ansanm ak pitit nou yo. Se nan ofrann moun Izrayèl yo fè pou di Bondye mèsi yo soti. (Levitik 10:12-14)
Men, si moun li te fè tò a mouri san li pa kite yon fanmi pre ki pou resevwa sa y'ap renmèt l' a, y'a pran sa l'ap renmèt la, y'a ofri l' bay Seyè a pou prèt yo. Apre sa, moun lan ap toujou gen pou l' ofri bay Bondye yon belye mouton pou repare sa l' te fè ki mal la. Tout ofrann moun Izrayèl yo mete apa pou Seyè a va rete pou prèt y' al jwenn pou fè ofrann lan. Tout ofrann yon moun pote bay prèt la va rete pou prèt la. Tou sa yon moun pote renmèt va rete pou prèt la tou. (Resansman 5:8-10)
Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Chonje mwen pran yon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo fè pou mwen, mwen ba ou yo. Se va pòsyon ki va toujou rete pou ou ak pou pitit gason ou yo depi lè mwen te mete nou apa pou mwen an, dapre regleman ki la pou tout tan tout tan an. Nan ofrann yo mete apa nèt pou mwen yo, lè ou fin wete pòsyon pou boule nan dife a, tout rès la va pou nou: tout ofrann grenn ki donnen nan jaden, tout ofrann pou mande Bondye padon, tout ofrann pou repare sa yo fè ki mal. Tou sa yo ofri ban mwen tankou yon ofrann yo mete apa pou mwen, se pou ou ak pou pitit gason ou yo y'a ye. N'a manje yo yon kote yo mete apa pou Seyè a. Se gason ase ki pou manje ladan yo. Konsidere ofrann sa yo tankou bagay ki apa pou Seyè a. Lèfini, tout ofrann espesyal moun pèp Izrayèl yo va fè pou yo balanse devan Seyè a, se pou ou yo va ye tou. M'ap ba ou yo pou ou, pou pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo, dapre yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Tout moun nan fanmi ou ki nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen va gen dwa manje ladan l'. M'ap ba ou tou tousa ki pi bon nan premye fwi rekòt y'ap ofri bay Seyè a chak lanne: lwil oliv, diven ak grenn ki donnen nan jaden. Tout premye fwi ki mi nan peyi a, fwi yo ofri bay Seyè a, se va pou ou tou. Tout moun lakay ou ki nan kondisyon pou sèvi Seyè a va gen dwa manje ladan yo. Tout bagay moun pèp Izrayèl yo pran angajman mete apa pou Seyè a va pou ou tou. Tout premye pitit, kit se pitit moun, kit se pitit bèt, y'a mete yo apa pou mwen, e se pou ou yo va ye tou. Men, se pou ou asepte yo peye ou pou chak premye pitit moun ak tout premye pitit bèt ki pa ka sèvi ofrann pou mwen. Lè premye pitit gason an va gen yon mwa, w'a fè yo peye ou senk pyès ajan dapre sistèm yo sèvi nan kay Bondye a, -vin gera pou yon pyès ajan-,pou yo ka achte lavi l' nan men m'. Men, pou premye ti mal yon manman bèf osinon yon manman kabrit ou ankò yon manman mouton fè, ou p'ap asepte anyen pou yo. Se bagay ki apa pou mwen nèt. Se pou yo touye yo. Y'a vide san yo sou lotèl la, w'a boule grès yo. Se va yon ofrann y'a boule nèt pou mwen, yon ofrann ki va fè m' plezi ak bon sant li. Men, vyann yo va rete pou ou ansanm ak vyann pwatrin lan ak jigo dwat ki te deja pou ou a. M'ap ba ou pou ou menm, pou pitit gason ak pitit fi ou yo tout pòsyon ki va rete nan ofrann moun pèp Izrayèl yo va mete apa pou mwen. Se va yon regleman k'ap la pou tout tan tout tan. Se yon kontra ki p'ap janm kase ni ki p'ap janm gate mwen fè la avèk ou, pou ou ak pou tout ras fanmi ou. (Resansman 18:8-19)
Nan mwatye ki pou moun ki te al goumen yo, n'a wete yon pòsyon ki va tankou yon taks y'a peye pou Seyè a: sou chak senksan (0500) moun, sou chak senksan bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit, w'a wete yonn pou Seyè a. Sa w'a wete nan mwatye ki pou moun ki te al goumen yo, w'a bay Eleaza, prèt la, tankou yon bagay yo pran pou Seyè a. Sou lòt mwatye ki rete pou rès moun pèp Izrayèl la, w'a pran yonn sou chak senkant moun, sou chak senkant bèt menm kalite, bèf, bourik, mouton, kabrit. Epi w'a bay moun Levi yo ki reskonsab Tant Randevou Seyè a. (Resansman 31:28-30)
Lè yon moun nan pèp la vin ofri yon bèf osinon yon kabrit, oswa yon mouton pou yo touye pou Seyè a, men pòsyon ki va rete pou prèt fanmi Levi a. Men pòsyon y'a ba li: jigo a, machwè yo ak gradoub la. N'a ba li tou premye grenn n'a rekòlte nan jaden ble nou yo, premye diven ak premye lwil n'a fè, ansanm ak premye lenn mouton n'a wete sou mouton nou yo. (Deteronòm 18:3-4)
Nou pa bezwen mare bouch bèf la pou enpoze l' manje lè l'ap vire moulen pou kraze ble pou nou. (Deteronòm 25:4)
Nou deside tou chak lanne, n'a pote nan tanp lan pou n' ofri bay Seyè a premye grenn nou rekòlte nan jaden nou ak premye fwi ki mi sou tout pyebwa nou yo. Jan sa ekri nan lalwa Bondye a, n'a pote bay prèt yo k'ap sèvi nan tanp Bondye nou an premye pitit gason nou yo lè yo fèt pou yo ka mete yo apa pou Bondye. Konsa tou, n'a pote ba yo premye ti towo manman bèf nou yo va fè ak premye ti belye manman mouton nou yo va fè ak premye ti bouk manman kabrit nou yo va fè paske se pou prèt yo yo ye. (Neemi 10:35-36)
Se konsa, nan tan Zowobabèl ak nan tan Neemi, tout pèp Izrayèl la te pote kado chak jou bay mizisyen yo ak gad pòtay tanp yo. Yo te pote renmèt moun Levi yo ofrann yo te mete apa pou Bondye. Moun Levi yo menm te bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pòsyon pa yo. (Neemi 12:47)
Se yo ki va manje ofrann grenn jaden yo ak vyann bèt yo touye pou mande Bondye padon, ak vyann bèt yo touye pou repare sa pèp la fè ki mal. Tou sa y'a mete apa pou mwen, se pou yo la ye. Tou sa ki pi bon nan premye rekòt nou yo, tou sa n'a pran angajman pou ofri ban mwen, ak tout lòt ofrann n'a fè, se pou prèt yo y'a ye. Chak fwa n'ap kwit pen, se pou nou bay prèt yo premye pen an tankou ofrann, konsa benediksyon mwen va chita lakay nou. (Ezekyèl 44:29-30)
Travayè Nouvo Testaman yo
Pa pran ni lò, ni lajan, ni kòb kwiv mete nan pòch nou. Nou pa bezwen pote sak pou vwayaj la. Pa mete de rad sou nou, pa pran ni soulye, ni baton. Paske, yon travayè merite pou yo ba l' manje. (Matye 10:9-10)
Li pase yo lòd sa a: -Pa pran anyen pou vwayaj la, esepte yon baton. Pa pote ni pen, ni sak. Pa mete lajan nan pòch nou. (Mak 6:8)
Jezi sanble douz disip li yo, li ba yo pouvwa ak otorite pou chase tout move lespri, pou geri tout maladi. Apre sa, li voye yo mache fè konnen gouvènman Bondye Wa a, li voye yo geri malad yo tou. Li di yo: Pa pran anyen pou vwayaj la: ni baton, ni sak, ni pen, ni lajan, pa menm yon rad derechanj. (Lik 9:1-3)
Apre sa, Seyè a chwazi swasanndis lòt disip; li voye yo devan l' de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l' ale. Pa pote ni lajan, ni manje, ni soulye. Pa rete nan di pesonn bonjou nan chemen an. Lè nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: benediksyon pou tout moun ki nan kay la. Si gen yon moun ki ka resevwa benediksyon an, benediksyon an va desann sou li; si pa genyen, benediksyon an va tounen vin jwenn ou. Rete nan kay sa a; manje, bwè tou sa y'a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l' lajan travay li. Pa soti nan yon kay pou al rete nan yon lòt. (Lik 10:1, 4-7)
Moun k'ap resevwa bon nouvèl la fèt pou separe tout byen l' yo ak moun k'ap ba li l' la. (Galasi 6:6)
Kanta chèf reskonsab yo k'ap dirije legliz la byen, se pou yo resevwa yon lajan doub, sitou ansyen k'ap bay tout tan yo pou bay pawòl la ak pou fè enstriksyon moun yo. Se sa ki ekri nan Liv la: Pa mare bouch bèf la lè l'ap fè moulen kann lan mache. Ou ankò: Moun ki travay fèt pou resevwa lajan travay li. (1 Timote 5:17-18)
Fè sa ou kapab pou mèt Zenas, avoka a, ansanm ak Apolòs, pou yo pa manke anyen pou vwayaj yo a. (Tit 3:13)
Zanmi mwen, tou sa w'ap fè pou frè yo, menm pou frè etranje yo tou, ou fè l' byen. Yo di devan tout legliz la jan ou gen renmen tout bon nan kè ou. Tanpri, toujou ede frè yo pou yo ka pousib vwayaj yo, jan Bondye vle l' la. Paske, se pou sèvis Kris la y'ap fè vwayaj sa a. Yo pa asepte okenn konkou nan men moun ki pa konn Bondye. Se poutèt sa, moun konsa, nou menm patizan Kris yo, nou fèt pou soutni yo pou nou ka patisipe nan travay y'ap fè pou verite a. (3 Jan 1:5-8)
Jezi te soutni pa don pandan ministè li sou tè a
Te gen Jan, madanm Chouza, yonn nan jeran Ewòd yo. Te gen Sizan ak anpil lòt ankò. Yo tout yo t'ap ede Jezi ansanm ak disip li yo ak sa yo te genyen. (Lik 8:3)
Travayè kretyen ki pa t sèvi ak dwa yo genyen pou yo soutni yo
Eske se Banabas avè m' ase ki pou fè lòt travay pou n' ka viv? Nou janm tande yon sòlda ap fè sèvis nan lame, pou se li menm ankò ki peye tèt li? Ou ankò, èske yon moun pa gen dwa manje rezen nan pye rezen li te plante a? Osinon, èske yon gadò mouton pa gen dwa bwè lèt mouton l'ap okipe yo? Pa konprann se sèlman nan zafè lèzòm nou jwenn egzanp konsa. Lalwa Moyiz la di menm bagay la tou. Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: Pa bay bèf k'ap rale kabwèt la baboukèt. Se lapenn Bondye gen konsa pou bèf yo atò? Nou pa kwè se pou nou l'ap pale pito? Men wi. Se pou nou pawòl la te ekri. Se pou moun k'ap bat tè a fè travay la ak espwa y'ap ba li pa l' nan rekòt la. Se menm jan an tou pou moun k'ap bat pwa a. Nou simen grenn ki soti nan Lespri Bondye a nan kè nou. Eske se yon zafè sa ta ye si nou rekòlte nan byen materyèl nou yo? Si lòt moun gen dwa sa a sou nou, èske nou menm nou pa gen plis dwa pase yo? Men nou pa t' pwofite dwa sa a. Okontrè, nou soufri tout bagay pou n' pa antrave mach bon nouvèl ki pale sou Kris la. Nou konnen sa byen pwòp: tout moun k'ap travay pou Bondye nan tanp lan, manje yo sou kont tanp lan. Tout moun k'ap ofri bèt pou touye sou lòtèl la resevwa pa yo nan vyann bèt yo touye a. Konsa tou, Seyè a bay lòd pou tout moun k'ap anonse bon nouvèl la fèt pou yo viv sou kont travay bon nouvèl la. Men, poutèt pa m', mwen pa janm pwofite dwa sa a. Se pa pou fè ankenn reklamasyon non plis kifè m'ap ekri sa. Mwen ta pito mouri pase pou m' ta kite moun wete lwanj sa a nan men mwen! (1 Korint 9:6-15)
Si se mwen ki te chwazi tèt mwen pou fè travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fòse yo fòse m' fè travay sa a, lè sa a se yon reskonsablite Bondye ban mwen. Ki jan yo peye m' atò? Tout plezi m' se pou m' anonse bon nouvèl la gratis, san m' pa egzije anyen nan sa yo dwe m' pou travay m'ap fè a lè m'ap anonse bon nouvèl la. (1 Korint 9:17-18)
Lè m' te anonse nou bon nouvèl Bondye a, mwen te fè sa gratis pou nou, mwen te desann tèt mwen pou m' te ka fè nou kanpe. Eske mwen te gen tò lè m' te fè sa? Lè sa a, mwen te asepte lajan nan men lòt legliz yo. Se tankou si m' te pran nan sa ki pou yo pou m' te kapab ede nou. Pandan tout tan mwen te pase lakay nou an, mwen pa t' sou kont pesonn lè m' te bezwen lajan, paske frè ki soti Masedwan yo te pote tou sa m' te bezwen pou mwen. Mwen te pran kont prekosyon m' pou m' pa t' sou kont nou yonn pou anyen, epi m'ap toujou pran menm prekosyon sa a. (2 Korint 11:7-9)
Mwen pare koulye a pou m' vin lakay nou yon twazyèm fwa. Fwa sa a ankò mwen p'ap sou kont nou. Se nou menm menm mwen bezwen, se pa lajan nou. Konprann sa byen, se pa pitit ki pou fè lajan pou pran swen manman ak papa. Se manman ak papa ki pou fè lajan pou pran swen pitit. Pou mwen menm, m'ap kontan depanse tou sa m' genyen, se va tout plezi m' pou m' bay ata tèt mwen pou nanm nou ka pwofite. Eske n'a renmen m' mwens paske mwen renmen nou anpil konsa? Se pou nou admèt mwen pa t' janm yon chay pou nou. Men, gen moun ki va di: Pòl se yon nonm ki malen wi. Gade jan li pran nou nan pèlen ak yon bann manti. Nan moun mwen te voye lakay nou, èske gen ladan yo ki te souse nou? Mwen te mande Tit pou li al lakay nou. Mwen te voye lòt frè a ansanm avè li. Eske nou ka di Tit te egzije kichòy nan men nou? Eske mwen menm ansanm ak Tit, nou pa gen menm rezòn pou n' aji jan nou aji a? Eske nou pa kondi tèt nou menm jan an? (2 Korint 12:14-18)
Nou menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sèvi ak pawòl ki pou flate moun, ni mwen pa janm pran ankenn pretès pou chache fè lajan. Mwen pran Bondye pou temwen. Nou chonje, frè m' yo, jan m' te travay, jan m' te fatige kò m' ap travay lajounen kou lannwit pou m' pa t' sou kont nou yonn pandan tout tan mwen t'ap anonse nou bon nouvèl Bondye a. (1 Tesalonik 2:5, 9)
Mwen pa t' kite pesonn ban m' manje pou gremesi. Okontrè, mwen te travay di, mwen te fatige kò mwen anpil, lajounen kou lannwit, pou m' pa t' sou kont nou yonn. Se pa paske mwen pa t' gen dwa resevwa anyen nan men pesonn ki fè m' te fè sa. Non. Se paske mwen te vle ban nou yon egzanp pou nou te swiv. (2 Tesalonik 3:8-9)
Travayè kretyen pa dwe fè ministè ak move entansyon finansye
Mwen menm ki yon chèf reskonsab, m'ap pale koulye a ak chèf reskonsab ki nan mitan nou yo. Mwen menm ki te wè jan Kris la te soufri a, mwen pral patisipe tou nan bèl pouvwa Bondye ki gen pou parèt la. Men sa m'ap di nou: Tankou gadò, se pou nou swen bann mouton Bondye ki sou kont nou an. Pa fè sa tankou si se fòse y'ap fòse nou. Men, fè l' paske nou vle fè sa Bondye vle. Pa fè travay la tankou si se dèyè lajan nou ye. Men, fè l' ak tout kè nou. (1 Piè 5:1-2)
Anpil moun eseye jwenn lajan lè yo fè tankou yo relijye
Nou pa tankou anpil moun k'ap defòme pawòl Bondye a. Okontrè, nou pale pawòl la jan li ye a devan Bondye, tankou moun k'ap viv nan Kris la, paske se Bondye menm ki voye nou. (2 Korint 2:17)
Paske, gen moun ki rebèl, k'ap mache twonpe moun ak pawòl san sans. Gen anpil jwif konvèti ki konsa nan mitan yo. Se pou nou fèmen bouch moun sa yo, paske yo boulvèse anpil fanmi deja ak move bagay y'ap moutre moun pou yo fè lajan nan move kondisyon. (Tit 1:10-11)
Malgre sa, te gen kèk fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a nan tan lontan. Konsa tou, va gen kèk direktè nan mitan nou k'ap bay manti. Yo pral vin ak yon bann bèl pawòl ki pa vre pou yo seye pèdi nou. Y'ap vire do bay Mèt la ki te delivre yo. Y'ap rale yon chatiman sou tèt yo k'ap detwi yo lapoula. Nan kouri dèyè lajan, yo pral esplwate nou ak yon bann manti. Men, depi lontan moun sa yo deja jije, nanpwen chape pou yo. (2 Piè 2:1, 3)
Disip yo ankouraje pou yo prepare
Jezi di yo ankò: Lè m' te voye nou san lajan, san manje, san soulye, èske nou te manke kichòy? Yo reponn li: Nou pa t' manke anyen. Li di yo: Bon, koulye a, moun ki gen yon lajan, se pou l' pran l'; sa ki gen manje se pou l' pran l' tou. Moun ki pa gen nepe, se pou l' vann rad li pou l' achte yonn. (Lik 22:35-36)
Tanp lan/kay Bondye a
Konstriksyon tant Bondye a
Men ofrann pou ou resevwa nan men yo: lò, ajan ak kwiv, bon twal koulè violèt, ble ak wouj, twal fen blan, twal fèt ak pwal kabrit, po belye tenn koulè wouj ak po bazann, bwa zakasya, lwil pou gwo lanp sèt branch lan, epis santi bon pou mete nan lansan an ak nan lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, pyè oniks ak lòt pyè pou gani jile ak plastwon granprèt la. y'a mete yon kote apa pou mwen pou m' ka vin rete nan mitan yo. (Egzòd 25:3-8)
Yo te bay plis pase sa ki te nesesè
Yo resevwa nan men Moyiz tout ofrann moun pèp Izrayèl yo te pote pou fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a. Y al travay. Moun Izrayèl yo menm te toujou ap pote ofrann yo bay Moyiz chak maten, san pesonn pa t' fòse yo. Lè sa a, tout bòs atizan ki t'ap travay pou kay Bondye a kite travay yo t'ap fè a, yo vin jwenn Moyiz. Yo di l' konsa: -Pèp la pote depase sa nou bezwen pou nou fini ak travay Seyè a te bay lòd fè a. Lè sa a, Moyiz fè pibliye lòd sa a nan tout kan an: -Pesonn, ni gason ni fanm, pa bezwen pote ankenn ofrann pou kay Bondye a ankò. Se konsa, yo te fè moun yo sispann pote lòt ofrann. Sa yo te pote deja a te menm twòp pou travay ki te gen pou fèt la. (Egzòd 36:3-7)
Konstriksyon tanp lan
Mwen fè sa m' te kapab pou m' te pare materyo pou tanp lan: lò, ajan, kwiv, fè, bwa, bèl pyè oniks, bèl pyè pou sèvi ganiti, pyè malachit ak tout kalite lòt koulè, tout kalite bèl pyè koute chè ak mab an kantite. Men, pou mete sou tou sa mwen pare pou kay n'ap mete apa pou Seyè a, mwen pran lò ak ajan mwen te genyen, mwen bay tout paske mwen renmen kay Bondye a anpil: sanmil (0100.000) kilo bon lò ki soti nan peyi Ofi, ak desantrant (0230) kilo bon ajan pou dekore miray Tanp lan, pou fè tout bèl bagay an lò osinon an ajan bòs atizan yo gen pou fè. Koulye a, kilès ankò ki vle bay ak tout kè li pou Bondye? Lè sa a, chèf branch fanmi yo, chèf chak fanmi pèp Izrayèl la, tout chèf rejiman mil sòlda yo ak chèf divizyon san sòlda yo, ak tout jeran ki t'ap travay pou wa a, fè kado yo te vle fè. Yo bay sanswasannsenk (0165) kilo lò, twasantrantmil (0330.000) kilo ajan, sètsanmil (0700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (03,300.000) kilo fè pou travay Tanp lan. Sa ki te gen bèl pyè koute chè bay yo pou trezò Tanp lan ki te sou kont Jeyèl, yon moun Levi nan fanmi Gèchon an. (1 Istwa 29:2-8)
Tanp lan te koute anpil
Wa Salomon te bay lòd pou yo taye kèk gwo blòk nan bèl wòch pou sèvi fondasyon kay la. (1 Wa 5:17)
Reparasyon tanp lan
Yon jou, Joas rele prèt yo, li di yo: —Se nou ki pou reskonsab tout lajan ofrann yo pote nan tanp Seyè a, ni lajan chak moun fèt pou yo bay pou sakrifis yo, ni lajan moun yo vle bay paske yo fè lide a. Chak prèt va resevwa lajan nan men moun yo konnen. Y'a sèvi ak lajan sa a pou fè reparasyon ki bezwen fèt nan Tanp lan. Men, Joas te gen tan ap mache sou venntwazan depi li te wa, prèt yo pa t' fè ankenn reparasyon nan Tanp Seyè a. Wa Joas rele Jeojada, prèt la, ansanm ak tout lòt prèt yo, li di yo: —Poukisa nou pa fè reparasyon nan Tanp lan? Depi jòdi a, nou p'ap resevwa lajan ankò nan men moun nou konnen yo. Se pou nou renmèt lajan an pou yo ka fè reparasyon nan tanp lan. Prèt yo dakò pou yo pa kenbe lajan yo resevwa nan men pèp la ankò, lèfini pou yo pa reskonsab fè reparasyon nan Tanp lan. Lè sa a, Jeojada, prèt la, pran yon bwat, li fè yon twou nan kouvèti li, li mete l' toupre lotèl la, sou bò dwat lè w'ap antre nan Tanp Seyè a. Se ladan l' prèt ki t'ap veye nan papòt Tanp lan mete tout lajan yo te bay pou Tanp lan. Chak fwa yo wè te gen bonkou lajan nan bwat la, sekretè wa a ansanm ak granprèt la vini, yo kontwole lajan an, yo mete l' nan sak. Lè yo fin make kantite lajan yo te jwenn lan, yo renmèt li bay moun ki te reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan. Moun sa yo menm peye bòs chapant yo, lòt bòs ki t'ap fè travay nan Tanp lan, (2 Wa 12:4-11)
—Ale jwenn Ilkija, granprèt la. W'a di l' pou l' fè rapò kantite lajan prèt ki desèvis devan pòt Tanp lan ranmase nan men pèp la. W'a di l' pou l' renmèt lajan an nan men mesye ki reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di: bòs chapant yo, kontremèt yo ak bòs mason yo, lèfini pou yo achte bwa ak wòch yo bezwen pou fè reparasyon nan Tanp lan. (2 Wa 22:4-6)
Kèk tan apre sa, Joas pran desizyon pou l' repare Tanp Seyè a. Li reyini prèt yo ak moun Levi yo, li di yo: -Ale nan tout lavil peyi Jida yo. Ranmase lajan nan men tout pèp la pou repare Tanp lan chak lanne. Souke kò nou, pa mize. Men moun Levi yo pa t' prese. Lè sa a, wa a fè rele Jeojada, granprèt la, li di l' konsa: -Poukisa ou pa rele dèyè moun Levi yo pou yo ranmase nan men moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo lajan Moyiz, sèvitè Seyè a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la te dakò pou yo egzije pèp la bay pou Tanp Randevou a? Atali ki te yon fanm vèmen ansanm ak moun pa l' yo te antre fè dega nan Tanp Seyè a. Yo te pran bagay yo te mete apa pou Bondye nan Tanp lan pou fè sèvis pou Baal li yo. Lè sa a wa a bay lòd pou yo fè yon gwo bwat pou yo mete bò pòtay Tanp lan, sou deyò. Apre sa, li voye fè konnen nan tout lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida pou tout moun pote bay Seyè a lajan Moyiz, sèvitè Bondye a, te mande pèp Izrayèl la bay lè yo te nan dezè a. Sa te fè tout chèf yo ak tout pèp la kontan. Yo pote lajan taks la, yo mete l' nan bwat la jouk li rive plen. Chak jou, moun Levi yo te pote bwat la bay chèf wa a te mete reskonsab pou sa. Lè yo wè bwat la plen, sekretè wa a ak komisè granprèt la te delege pou sa a wete lajan an. Apre sa, yo mete bwat vid la nan plas li ankò. Yo te fè sa chak jou. Konsa yo te ranmase anpil lajan. Wa a ak Jeojada renmèt lajan an bay moun ki te reskonsab repare Tanp Seyè a. Moun sa yo menm te anplwaye mason ak chapant sou kontra pou repare Tanp Seyè a. Yo te anplwaye bòs ki gen ladrès pou travay fè ak kwiv pou repare Tanp lan tou. Tout moun ki te reskonsab travay la mete men. Yo repare Tanp lan, yo mete l' jan l' te ye anvan an, yo fè l' byen solid. (2 Istwa 24:4-13)
Lè sa a, wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvènen, li t'ap mete peyi a ansanm ak Tanp lan nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye. Wa a rele twa moun: Chafan, pitit gason Asalya a, Maseya, gouvènè lavil la, ak Joa, pitit gason Joakaz, sekretè wa a. Li ba yo lòd al repare Tanp Seyè a, Bondye li a. Mesye yo al jwenn Ilkija, granprèt la. Yo pote ba li tout lajan yo te ranmase nan Tanp lan, lajan moun Levi ki desèvis nan papòt Tanp lan te ranmase nan men moun Efrayim, moun Manase ak lòt moun peyi Izrayèl yo, ansanm ak sa yo te ranmase nan men moun Jida, moun Benjamen ak moun lavil Jerizalèm yo. Yo renmèt lajan an nan men mesye ki te reskonsab travay ki pou fèt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di, bòs chapant yo ak bòs mason yo, pou yo ka achte wòch taye ak bwa yo bezwen pou sèvi sipò ak ranfò chapant tanp wa Jida yo te kite ap tonbe a. (2 Istwa 34:8-11)
Rekonstriksyon tanp lan
Lè yo rive nan tanp Seyè a, lavil Jerizalèm, gen kèk chèf fanmi ki fè ofrann pa yo pou ede rebati tanp lan sou menm anplasman kote li te ye a. Yo bay tou sa yo te ka bay pou travay la: sèzmil senksanven (016.520) ons lò, sandisètmil (0117.000) ons ajan ak san (0100) gwo rad pou prèt yo mete sou yo. (Esdras 2:68-69)
Y'a moute miray yo an bwa ak wòch, yonn sou lòt, twa ranje wòch pou chak ranje bwa. Y'a pran lajan nan kès wa a pou peye tout depans ki va fèt pou travay la. (Esdras 6:4)
Okontrè, men ki jan pou nou boule ak chèf fanmi pèp jwif yo nan travay y'ap fè pou rebati tanp Bondye sa a: N'a pran lajan nan kès wa ki nan men nou an, ki vle di nan lajan kontribisyon n'a ranmase nan pwovens la, n'a renmèt yo kòb tout depans y'a fè, san wete senk, pou travay la pa rete. (Esdras 6:8)
Antretyen tanp lan
Nou pran angajman espesyalman pou nou pa marye pitit fi nou ak lòt moun k'ap viv nan peyi a, epi pou nou pa chwazi pitit fi moun sa yo pou marye ak pitit gason nou yo. Se nan chanm depo tanp lan moun pèp Izrayèl yo ak moun Levi yo va pote tout grenn, tout diven ak tout lwil yo fèt pou bay la. Se la tou y'a mete tout veso ak tout lòt bagay ki pou sèvi nan tanp lan. Epitou, prèt desèvis yo, gad pòtay tanp yo ak mizisyen tanp yo va gen kote pou yo rete la tou. Se konsa nou pran angajman nou p'ap janm neglije kay Bondye nou an ankò! (Neemi 10:30, 39)
Lòt kategori
Moun ki mande yon don
Bay lè moun mande ou. Pa refize prete moun ki mande ou prete. (Matye 5:42)
Nenpòt moun ki mande nou kichòy, ba li l'. Si yon moun pran sa ki pou nou, kite l' pou li. (Lik 6:30)
Tout moun, sitou kwayan yo
Se sak fè, toutotan nou jwenn okazyon, ann fè byen pou tout moun, sitou pou frè ak sè nou yo ki gen menm konfyans ak nou nan Bondye. (Galasi 6:10)
Se pou nou yonn renmen lòt tankou frè ak frè k'ap viv ansanm ak Kris la. Nan tou sa n'ap fè, se pou nou gen respè yonn pou lòt, pa konsidere tèt nou anvan. (Ròm 12:10)
Bay moun k'ap viv pou Bondye yo konkou lè nou wè yo nan bezwen. Resevwa moun ki vin lakay nou byen. (Ròm 12:13)
Lènmi
Si lènmi ou grangou, ba li manje. Si li swaf dlo, ba li dlo pou l' bwè. Lè sa a, w'a fè l' wont anpil. Seyè a va rekonpanse ou. (Pwovèb 25:21-22)
Okontrè, dapre sa ki ekri ankò: Si lènmi ou grangou, ba l' manje. Si li swaf dlo, ba l' bwè. Lè ou fè sa, se yon chalè dife ou mete nan kò l' pou fè l' chanje. (Ròm 12:20)
Pa bay yon ansasen
Lè yon moun touye yon lòt, konsyans li boulvèse l', l'ap kouri chache lanmò. Piga pesonn chache kenbe l'. (Pwovèb 28:17)
Bay pòv yo
Kòmandman ak pèspektiv Bondye sou bay pòv yo
Va toujou gen kèk moun nan pèp Izrayèl la k'ap nan nesesite. Se poutèt sa mwen mande nou pou nou aprann louvri men nou bay frè parèy nou ki pòv osinon ki nan nesesite nan peyi nou an. (Deteronòm 15:11)
Lè w'ap peze pòv malere, se Bondye ki fè l' la w'ap derespekte. Men, lè ou aji byen ak pòv, se pi bèl sèvis ou ka rann Bondye. (Pwovèb 14:31)
Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa. (Pwovèb 19:17)
Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m' kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè. Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou. Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m' delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou pwoteje nou. Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m', m'a reponn nou. Si nou rele m', m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal, si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi. (Ezayi 58:6-10)
Kisa lavil Sodòm te fè konsa? Li t'ap gonfle lestonmak li sou moun, paske li te gen kont manje pou l' manje. Yo t'ap viv kè pòpòz san pwoblèm. Men, yo pa janm lonje men bay pòv malere ak moun ki nan nesesite. (Ezekyèl 16:49)
Dispozisyon Ansyen Testaman pou pòv yo
Lwa sou rekòt ak ranmase rès
Pandan sizan n'a travay tè a, epi n'a ranmase sa li bay. Men, sou setyèm lanne a, n'a kite tè a poze. Menm si li bay kichòy, nou p'ap ranmase anyen sou li. N'a kite rekòt la pou pòv malere yo. Rès la va rete pou bèt nan bwa manje. N'a fè menm bagay la tou pou jaden rezen ak jaden oliv nou yo. (Egzòd 23:10-11)
Lè n'ap ranmase rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase sa ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou nou ranmase ti grenn ki te tonbe atè. Nou pa bezwen tounen nan jaden rezen an pou nou ranmase dènye ti grap rezen yo te bliye, osinon pou nou ranmase ti grenn rezen ki te tonbe atè. N'a kite sa pou moun peyi a ki pa gen anyen, ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an! (Levitik 19:9-10)
Lè n'ap fè rekòt nan jaden nou, se pa pou nou ranmase grenn ki toupre lizyè jaden an, ni nou pa bezwen tounen dèyè pou ranmase grenn ki te tonbe atè. W'a kite yo pou moun peyi a ki pa genyen ak pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an! (Levitik 23:22)
Lè n'ap ranmase rekòt ble nan jaden nou epi nou bliye ranmase kèk grap ki tonbe atè, pa tounen al pran yo. N'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, pou timoun san papa ak fanm ki pèdi mari yo. N'a fè sa pou Seyè a, Bondye nou an, ka beni nou nan tou sa n'ap fè. Lè n'ap keyi grenn oliv, nou pa bezwen pase yon dezyèm fwa pou keyi sa ki te rete yo. N'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, pou timoun san papa ak pou fanm ki pèdi mari yo. Lè nou fin koupe grap rezen nan jaden nou yo, pa tounen yon dezyèm fwa anba chak pye rezen pou repase branch yo. Sa ki va rete a, n'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo, pou timoun ki san papa ak pou fanm ki pèdi mari yo. (Deteronòm 24:19-21)
Responsablite san limit pou satisfè bezwen
Si ta gen yon pòv nan mitan moun pèp Izrayèl parèy nou yo k'ap viv nan yonn nan lavil nan peyi Seyè a te ban nou an, pa fèmen kè nou, pa refize lonje men bay frè nou ki nan nesesite. Okontrè, se pou nou lonje men ba li, n'a prete l' lajan pou l' achte tou sa li bezwen. Pa kite ankenn move lide pase nan tèt nou pou nou ta di: Nou toupre setyèm lanne a, lanne pou nou annile dèt tout moun ki dwe nou, epi pou nou fè move jan ak frè parèy nou ki nan nesesite, pou nou derefize prete l' anyen. Paske lè sa a, l'a rele Seyè a, l'a pale l' pou nou, epi n'a gen tò. Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè. (Deteronòm 15:7-10)
Fèt Pourim
Se jou sa yo jwif yo te fè lènmi yo ba yo lapè. Se mwa sa a sitiyasyon an te chanje pou yo: yo te sispann gen lapenn, kè yo te kontan. Yo pa t' dekouraje, yo t'ap fè fèt. Se pou yo te make jou sa yo tankou jou pou fè fèt ak gwo resepsyon. Jou sa a, se pou yo voye kado yonn bay lòt, se pou yo bay pòv yo kado tou. (Estè 9:22)
Ane jibile a
N'a mete senkantyèm lanne sa a apa pou Bondye, epi n'a bay lòd pou yo bay tout moun ki esklav nan peyi a libète yo pou tout lanne a. Se va yon lanne rejwisans pou tout moun. Lanne sa a, tou sa yo te vann anvan ap tounen pou ansyen mèt yo ankò osinon pou eritye yo. Tout moun ki te esklav ap tounen lib lakay yo. (Levitik 25:10)
Egzanp bay pòv yo
Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou. Moun ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan. Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t' janm nan patipri. Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo. Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo. (Jòb 29:12-16)
Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite. Mwen pa janm kite timoun san papa yo rete grangou pou m'ap manje manje m' pou kont mwen. Okontrè, depi m' fèt, m' sèvi ak timoun sa yo tankou papa ak pitit. Depi m' soti nan vant manman m', m'ap pran swen vèv yo. Lè m' jwenn yon malere toutouni osinon yon pòv endijan san yon bout dra, mwen ba yo rad pou mete sou yo, mwen pran lenn sou do mouton m' pou m' ba yo chofe. Si m' te janm aji mal ak yon timoun san papa paske mwen konnen y'a toujou ban m' rezon nan tribinal, enben, se pou zepòl mwen dejwente, se pou de bra m' kase. Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'. (Jòb 31:16-23)
Lidè ki jis
Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la. (Sòm 72:4)
L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou. L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen. (Sòm 72:12-13)
Madanm vanyan
Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò. Li lonje men l' bay pòv. Li pran ka malere. (Pwovèb 31:10, 20)
Nouvo Testaman
Jan Batis
Foul moun yo mande l' konsa: Kisa pou nou fè menm? Li reponn yo: Sa ki gen de rad, se pou yo bay sak pa genyen an yonn. Sa ki gen manje pou manje, se pou l' separe l' bay yon lòt. (Lik 3:10-11)
Jezikri idantifye li ak pòv yo
Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li. Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, la separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò. La mete mouton yo sou bò dwat li, kabrit yo sou bò gòch li. Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan. Mwen te grangou, nou ban m' manje; mwen te swaf dlo, nou ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou te resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou pran swen m'; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen. Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n' te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè? Kilè nou te wè ou lwen peyi ou, pou nou te resevwa ou lakay nou? Osinon toutouni, pou n' te ba ou rad? Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n' te al wè ou? Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li. Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo. Mwen te grangou, nou pa t' ban m' manje, mwen te swaf dlo, nou pa t' ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou pa t' resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa t' ban m' anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa t' vin wè mwen. Lè sa a, y'a reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou, osinon swaf dlo, kilè nou te wè ou lwen peyi ou, osinon toutouni, kilè nou te wè ou malad osinon nan prizon, jouk pou nou pa t' ba ou lasistans? Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t' fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t' fè li. (Matye 25:31-45)
Jezi montre egzanp nan bay pòv yo
Pran Jida pran moso pen an, Satan antre nan li. Jezi di li: Sa ou gen pou fè a, fè l' vit. (Pesonn sou tab la pa t' konprann poukisa li te di l' sa. Anpil te fè lide Jezi te vle di l' al achte sa yo te bezwen pou fèt la, ou ankò te mande l' bay pòv yo kichòy, paske se li menm ki te kenbe sak lajan an.) (Jan 13:27-29)
Ansyen malonèt bay pòv yo
Se pou moun ki te konn vòlò sispann vòlò. Okontrè, se pou l' travay di ak men l' san fè move konbinezon, pou l' sa gen dekwa bay moun ki nan bezwen. (Efèz 4:28)
Lòt egzanp
Tout moun ki te kwè yo t'ap viv ansanm yonn ak lòt. Yo te mete tou sa yo te genyen ansanm. Yo vann tè yo ak tout byen yo, yo separe lajan an pami yo tout, dapre nesesite chak moun. (Travay 2:44-45)
Yonn ladan yo, ki te rele Agabis, leve epi avèk pouvwa Sentespri, li fè konnen tapral gen yon gwo grangou sou tout latè. (Grangou sa a te rive vre sou reny wa Klòd.) Disip yo deside pou chak moun bay sa yo kapab pou yo voye ede frè yo ki te nan peyi Jide. Se sa menm yo te fè. Apre sa, yo voye Banabas ak Sòl pote sa yo te ranmase a bay chèf fanmi yo ki te nan Jide. (Travay 11:28-30)
Mwen moutre nou ki jan pou n' travay di nan tou sa n'ap fè pou n' ka ede pi fèb yo, pou nou toujou chonje pawòl Seyè a ki te di ak pwòp bouch li: Gen plis benediksyon pou moun k'ap bay pase pou moun k'ap resevwa. (Travay 20:35)
Legliz ki nan peyi Masedwan ak nan peyi Lakayi yo te pran sou yo pou yo te fè yon ofrann pou ede pòv ki nan pèp Bondye a lavil Jerizalèm. Se yo menm menm ki te fè lide sa a. Men, pou di vre, yo te dwe pòv yo sa. Paske, menm jan jwif yo te separe benediksyon ki soti nan Lespri Bondye a avèk moun ki pa t' jwif yo, konsa tou, moun ki pa jwif yo gen pou devwa pou rann yo sèvis avèk byen latè yo. (Ròm 15:26-27)
Yon sèl bagay yo te mande nou: se pou n' te toujou chonje pòv ki nan legliz yo. Nou pa t' janm manke fè sa. (Galasi 2:10)
Benediksyon ak madichon
Benediksyon pou bay pòv yo
Benediksyon pou konnen Seyè a
Li te defann kòz pòv malere yo. Tout bagay te mache byen pou li. Se sa ki rele konnen Seyè a. (Jeremi 22:16)
Benediksyon lavi
Li pa pwofite sou pesonn, li pa bay pesonn koutba, li renmèt garanti moun te ba li pou lajan li prete yo. Li bay moun ki grangou yo manje, li bay moun ki toutouni yo rad pou mete sou yo. (Ezekyèl 18:7)
Yon moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li pa janm chache twonpe m'. Se yon moun ki dwat. Se sèten l'ap viv. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. (Ezekyèl 18:9)
...li pa pwofite sou pesonn, li pa kenbe garanti moun te ba li pou lajan li te prete yo. Li pa vòlò pesonn, li bay moun ki grangou manje, li bay moun ki toutouni rad pou yo mete sou yo. Li refize fè moun mechanste, li pa bay ponya, li pa pran enterè sou lajan li prete moun. Yon moun konsa mache sou lòd mwen bay, li fè tou sa mwen mande pou moun fè. Li p'ap mouri poutèt peche papa l' te fè yo. Sèten l'ap viv. (Ezekyèl 18:16-17)
Benediksyon sou fanmi an
Pitit li yo va grannèg nan peyi a. Bondye ap toujou voye benediksyon sou pitit moun ki mache dwat devan li. Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'. (Sòm 112:2, 9)
Benediksyon pou bezwen satisfè
Moun ki bay pòv p'ap janm manke anyen. Men, moun ki fè tankou li pa wè pòv yo chaje ak madichon. (Pwovèb 28:27)
Benediksyon lasante
(041:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (041:2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray. (041:3) Seyè a va pwoteje l', li p'ap kite l' mouri. L'ap fè l' viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l' nan men lènmi l' yo pou yo fè sa yo vle avè l'. (041:4) Seyè a va ba l' fòs lè maladi fè l' pran kabann. Seyè a va ba l' gerizon lè li malad kouche. (Sòm 41:1-3)
Benediksyon pou priyè ki jwenn repons ak gidans
Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m' kontan an: Sispann fè mechanste. Sispann fè lenjistis. Bay esklav nou yo libète! Mete chay k'ap foule moun yo atè. Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou. Lè sa a, tankou solèy k'ap leve, m'ap klere nou, m'a fè nou wè jan mwen renmen nou. Lapoula m'a geri nou, m'a toujou mache ak nou pou m' delivre nou. Pouvwa Bondye a va mache dèyè nou pou pwoteje nou. Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m', m'a reponn nou. Si nou rele m', m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal, si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi. Se tout tan Seyè a va moutre nou chemen pou nou pran, l'a rafrechi nanm nou nan tan chechrès. L'a ban nou fòs ak kouraj. N'a tankou yon jaden ki byen wouze, tankou yon sous dlo ki pa janm chèch. (Ezayi 58:6-11)
Benediksyon delivrans ak pwoteksyon
(041:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (041:2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Seyè a va delivre l' lè la nan tray. (041:3) Seyè a va pwoteje l', li p'ap kite l' mouri. L'ap fè l' viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l' nan men lènmi l' yo pou yo fè sa yo vle avè l'. (Sòm 41:1-2)
Benediksyon lonè
Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'. (Sòm 112:9)
Benediksyon sou travay ak richès
Non. Se pou nou prete l' epi lè n'ap prete l', se pou ou fè l' ak tout kè ou. Konsa, poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou, nan tou sa n'ap fè. (Deteronòm 15:10)
Lè n'ap ranmase rekòt ble nan jaden nou epi nou bliye ranmase kèk grap ki tonbe atè, pa tounen al pran yo. N'a kite yo pou moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou, pou timoun san papa ak fanm ki pèdi mari yo. N'a fè sa pou Seyè a, Bondye nou an, ka beni nou nan tou sa n'ap fè. (Deteronòm 24:19)
Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la. (Sòm 72:4)
L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou. L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen. L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li! Se pou wa a viv lontan! Y'a ba li lò ki soti nan peyi Saba. Y'a toujou lapriyè pou li. Y'a mande pou Bondye beni li chak jou. (Sòm 72:12-15)
Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. (Sòm 112:3)
Li bay moun ki nan nesesite san gad dèyè. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. L'ap gen pouvwa, y'ap respekte l'. (Sòm 112:9)
Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa. (Pwovèb 19:17)
Moun ki vin rich nan prete moun lajan, nan bay kout ponya, se anpile y'ap anpile lajan pou moun ki konn pran ka malere. (Pwovèb 28:8)
Se poutèt sa, monwa, koute konsèy m'ap ba ou. Fè sa ki dwat devan Bondye pou kouvri peche ou yo. Gen pitye pou pòv malere yo pou kouvri tout mechanste ou yo! Konsa, monwa, w'a ka viv alèz ak kè poze pou lontan ankò. (Danyèl 4:27)
Benediksyon pou bay fwi espirityèl
Fè sa ou kapab pou mèt Zenas, avoka a, ansanm ak Apolòs, pou yo pa manke anyen pou vwayaj yo a. Se pou moun nou yo aprann fè sa ki byen tou, pou yo bay lè gen ka nesesite. Yo pa fèt pou y'ap viv konsa san yo pa bay anyen. (Tit 3:13-14)
Benediksyon an jeneral
Bondye beni moun ki gen bon kè, paske lè moun ki gen bon kè wè yon pòv, yo separe sa yo genyen an avè l'. (Pwovèb 22:9)
Benediksyon kè kontan
Se yon peche ou fè lè ou meprize frè parèy ou. Men, ala bon sa bon pou moun ki gen pitye pou pòv malere! (Pwovèb 14:21)
Madichon pou moun ki pa bay pòv yo
Madichon priyè ki pa jwenn repons
Si ou fèmen zòrèy ou pou ou pa tande pòv k'ap mande ou lacharite, konsa tou pesonn p'ap tande ou lè w'a mande sekou. (Pwovèb 21:13)
Madichon lamizè
Lè w'ap peze yon pòv malere se lespri l' w'ap louvri. Lè w'ap fè moun rich kado, se pòv w'ap fè l' pòv. (Pwovèb 22:16)
Madichon an jeneral
Moun ki bay pòv p'ap janm manke anyen. Men, moun ki fè tankou li pa wè pòv yo chaje ak madichon. (Pwovèb 28:27)
Lòt kesyon sou bay pòv yo
Atitid konpasyon
Eske mwen pa t' nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè? Eske kè m' pa t' fè m' mal pou moun ki pa t' gen anyen menm yo? (Jòb 30:25)
Egzamine bezwen pòv yo
Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo. (Jòb 29:16)
Moun ki gen lakrentif Bondye akize kòm moun ki pa bay pòv
Non. Se paske ou fè anpil peche. Se paske ou te san limit nan fè mechanste. Ou refize bay moun ki te swaf yo ti gout dlo. Ou refize bay moun ki te grangou yo moso pen. Ou refize lonje men ou bay vèv yo. Ou maltrete timoun ki san papa yo. (Jòb 22:5, 7, 9)
Egzanp bay Bondye glwa olye pou bay pòv yo
Antan Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la, yon fanm pwoche kote li. Li t'ap pote yon ti boutèy fèt an albat plen ak yon odè ki te koute byen chè. Pandan Jezi te chita bò tab la, fanm lan vide tout odè a sou tèt li. Lè disip yo wè sa, yo pa t' kontan menm. Yo di: Pouki tout gaspiyaj sa a? Yo ta kapab vann odè a byen chè, yo ta bay pòv lajan an. Jezi vin konnen sa yo t'ap di, li di yo konsa: Poukisa n'ap fè fanm lan tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a wi pou mwen. Paske, pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m' pou tout tan. Lè li vide odè sa a sou kò mwen, li tou benyen m' pou lantèman mwen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Toupatou sou latè, kote y'a anonse bon nouvèl sa a, y'a rakonte tou sa fanm sa a te fè pou yo pa janm bliye li. (Matye 26:6-13)
Jezi te Betani lakay Simon, nonm ki te gen maladi lalèp la. Pandan li te chita bò tab la, yon fanm vin antre. Li t'ap pote yon ti boutèy fèt an albat. Ti boutèy la te plen yon odè bon kalite ki fèt ak yon fèy yo rele n'a ki vann byen chè. Fanm lan kase kou boutèy la, epi li vide tout odè a sou tèt Jezi. Nan moun ki te la yo, gen ladan yo ki pa t' kontan menm, yonn t'ap di lòt: -Pouki tout gaspiyay odè sa a? Yo ta kapab vann li twasan (300) goud pou pi ba pri, epi yo ta bay pòv lajan an. Yo t'ap kritike fanm lan byen fò. Men Jezi di yo: -Kite l' an repo. Pouki n'ap fè l' tout lapenn sa a? Se yon bèl bagay li fè la a pou mwen. Pòv yo, n'ap toujou genyen yo avèk nou; chak fwa nou vle, nou ka fè byen pou yo. Men, mwen menm, nou p'ap genyen m' tout tan avèk nou. (Mak 14:3-7)
Lè sa a, Mari pran yon boutèy demi lit plen yon odè ki fèt ak yon fèy yo rele na. Odè sa a te vann byen chè. Li vide tout odè a sou pye Jezi. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Tout kay la te plen sant odè a. Yonn nan disip Jezi yo, sa ki tapral trayi l' la, Jida Iskariòt, di konsa: Poukisa yo pa t' vann odè sa a pou twasan (300) goud? Yo ta bay pòv lajan sa a. Li pa t' di sa paske li te vle fè kichòy vre pou pòv yo, men paske se vòlè li te ye. Se li ki te kenbe kès lajan an, li te konn pran nan sa yo te mete ladan li. Men, Jezi di li: Kite l' an repo! Kite l' konsève odè sa a pou jou y'a mete kò m' nan kavo a. Kanta pòv yo, n'a toujou genyen yo avè nou. Men mwen menm, nou p'ap genyen m' tout tan. (Jan 12:3-8)
Swen vèv yo obligatwa
Lè sa a, te vin gen anpil anpil disip. Ladan yo, jwif ki te fèt nan peyi etranje epi ki te pale lang grèk la vin gen kont ak jwif peyi a. Yo t'ap plenyen dèske vèv yo pa t' jwenn anyen nan separe manje yo t'ap fè chak jou a. Douz apòt yo sanble tout disip yo, yo di: Li pa ta bon pou n' neglije predikasyon pawòl Bondye a pou n' al okipe sèvis manje a. Se pou sa, frè m' yo, chwazi sèt gason pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri, ki gen kont bon konprann sou yo. N'a ba yo fè sèvis sa a. (Travay 6:1-3)
Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a, si nou vle sèvi l' yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: SE pòte sekou bay timoun ki san papa. Se bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Se pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou. (Jak 1:27)
Rezilta yon bon pèspektiv sou pwopriyete: pa gen pòv
Tout moun ki te kwè yo te fè yon sèl kò, yo te gen menm santiman yonn pou lòt, yo te gen yon sèl lide yonn anvè lòt. Pesonn pa t' di byen li yo te pou tèt pa l' ase, men tou sa yonn te genyen te pou tout moun. Se avèk anpil pouvwa apòt yo t'ap bay prèv ki jan Bondye te leve Jezi fè l' soti vivan nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon l' an kantite sou yo tout. (Travay 4:32-33)
Te gen dispozisyon pou pòv yo bay mwens
Men, si nonm lan pa ka bay yon mouton osinon yon kabrit, l'a pote yon pè toutrèl osinon yon pè pijon pou peye pou peche a. L'a ofri yo bay Seyè a, yonn pou yo touye pou peche a, lòt la pou yo boule nèt sou lotèl la. Si moun lan pa ka bay de toutrèl osinon de pijon pou peye pou peche li fè a, l'a pote de liv bon farin. Li p'ap bezwen mete ni lwil oliv ni lansan sou li, paske se yon ofrann pou wete peche l'ap fè. (Levitik 5:7, 11)
Lè li fin pase kantite jou pou l' pase a, kit se pou yon pitit gason, kit se pou yon pitit fi, fanm lan va pran yon ti mouton ki poko gen ennan ak yon jenn ti pijon osinon yon toutrèl, l'a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a. Ti mouton an va sèvi ofrann yo boule nèt pou Bondye a. Ti pijon an osinon ti toutrèl la va sèvi ofrann pou mande Bondye padon pou sa l' te fè ki mal. Si fanm lan pa gen mwayen pou l' pote yon ti mouton, lè sa a l'a pote de pijon osinon de toutrèl, yonn pou yo boule nèt pou Bondye, lòt la pou yo ofri pou mande padon. Prèt la va ofri yo bay Seyè a pou l' mande padon pou li. Se konsa fanm lan va fè sèvis pou l' ka nan kondisyon sèvi Bondye ankò. (Levitik 12:6, 8)
Si moun lan pòv epi li pa gen anpil mwayen, l'a pote yon sèl ti mouton pou yo ofri pou peye pou sa moun lan te fè ki mal la. L'a pote twaka mamit farin sèlman melanje ak lwil oliv ak yon boutèy demi lit plen lwil. L'a pote de ti toutrèl tou osinon de ti pijon, jan mwayen li va penmèt li, yonn pou sèvi ofrann pou mande padon, lòt la pou boule nèt pou Seyè a. (Levitik 14:21-22)
Apre sa, l'a ofri toutrèl yo, osinon pijon yo, dapre sa mwayen moun lan te penmèt li, yonn pou mande padon pou peche, lòt la pou yo boule nèt ansanm ak ofrann farin ble a. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun lan. Men regleman pou yo swiv lè yon moun ki gen move maladi po pa gen dekwa pou l' ofri tou sa li te dwe ofri pou sèvis ki pou mete l' nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. (Levitik 14:30-32)
Men, si moun ki te pran angajman an pa gen kont lajan pou peye valè nou mande a, l'a mennen moun li te pwomèt bay la bay prèt la. Prèt la va fè yon lòt pri, dapre sa moun lan ka peye. (Levitik 27:8)
Paran Jezi te nan kategori sa a
Apre sa, jou a te rive pou Jozèf ak Mari te al fè sèvis pou yo ka mete Mari nan kondisyon fè sèvis Bondye dapre lalwa Moyiz. Lè sa a, yo pote tipitit la lavil Jerizalèm pou mete l' apa pou Bondye, dapre sa ki te ekri nan lalwa Bondye a: Mete tout premye pitit gason yo apa pou Mèt la. Yo te ofri tou yon pè toutrèl osinon de jenn pijon pou yo touye pou Bondye, jan yo bay lòd fè sa nan lalwa Bondye a. (Lik 2:22-24)
Pandan resansman, rich ak pòv te bay menm kantite
-Lè n'ap konte konbe moun ki genyen nan peyi Izrayèl la pou nou fè resansman, chak gason va bay Seyè a kichòy pou lavi yo, pou malè pa rive lè y'ap fè resansman an. Chak moun y'a konte nan resansman an va peye de goud edmi, dapre jan yo konte lajan nan kote ki apa pou Bondye a. Chak moun va peye sa tankou yon ofrann yo mete apa pou Seyè a. Tout moun ki dwe bay non yo nan resansman an, sa vle di tout moun ki gen ventan osinon ki depase ventan, va peye menm lajan an bay Seyè a. Moun ki rich p'ap peye plis, ni moun ki pòv p'ap peye mwens, lè y'ap peye lajan an bay Seyè a pou lavi yo. (Egzòd 30:12-15)
Bay pòv yo ka yon prèv delivrans
Zache leve kanpe, li di Jezi konsa: Koute, Mèt. Mwen pral bay pòv mwatye tout byen mwen genyen. Si mwen te twonpe yon moun pou m' pran lajan l', mwen pral rann li kat fwa lavalè. Jezi di li: Jòdi a, kay sa a delivre paske nonm sa a se yon pitit Abraram li ye tou. (Lik 19:8-9)
Lòt egzanp bay (pa bay Seyè a)
Lè chamo yo fin bwè, nonm lan pran yon bèl zanno lò ki peze sis gram, li pase l' nan nen Rebeka. Li pran de bèl braslè ki peze san gram, li mete yo nan bra li. Apre sa, li pran rale bèl bijou fèt an ajan ak an lò ansanm ak rad, li bay Rebeka. Li te bay frè a ak manman an anpil bèl kado tou. (Jenèz 24:22, 53)
Lè sa a, Izrayèl, papa yo, di: -Bon. Si se konsa sa ye, men sa pou n' fè: n'ap pran pi bon danre ki gen nan peyi a, n'ap mete nan sak nou, n'ap pote fè nonm lan kado: gonm santi bon, siwo myèl, lansan, lami, pistach ak nwa. Lèfini, n'a pran de fwa valè lajan nou bezwen, paske fòk nou renmèt lajan yo te mete nan bouch sak ble yo tou. Ou pa janm konnen, yo ka pa t' wè sa. Se konsa mesye yo pran kado yo, de fwa valè lajan yo te bezwen ansanm ak Benjamen, yo leve, yo desann peyi Lejip kote yo parèt devan Jozèf. (Jenèz 43:11-12, 15)
Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou chita sou fotèy li a pou ou te ka wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la, li vle pou peyi a pa janm disparèt. Li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen, san patipri. Larenn Saba a fè wa a kado twa tòn edmi lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Pat janm rive gen nan pèyi Izrayèl la kantite fèy santi bon tankou sa larenn Saba a te bay wa Salomon lè sa a. (2 Istwa 9:8-9)
Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l', san konte kado li te ba li pou koresponn ak sa larenn lan te pote ba li. Apre sa, larenn lan tounen tounen l' nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. (2 Istwa 9:12)
Ezekyas, wa peyi Jida a, te bay mil (01.000) towo bèf ak sètmil (07.000) mouton pou yo bay pèp la manje. Lòt otorite yo menm bò pa yo te bay mil towo bèf ak dimil mouton. Anpil prèt te mete tèt yo nan kondisyon pou sèvis Seyè a. (2 Istwa 30:24)
Anpil moun vini lavil Jerizalèm pote ofrann pou Seyè a ak kado pou Ezekyas, wa peyi Jida a. Depi lè sa a tout lòt nasyon nan vwazinaj yo respekte Ezekyas. (2 Istwa 32:23)
Apre sa, Jozyas pran trantmil (030.000) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twamil (03.000) bèf nan bèt pa l', li bay moun pèp Izrayèl ki te la yo pou fè fèt Delivrans lan. Chèf li yo te bay pa yo tou pou pèp la, pou prèt yo ak moun Levi yo. Ilkija, Zakari ak Jeiyèl, ki te reskonsab Tanp Seyè a, bay demil sisan (02.600) ti mouton ak ti kabrit ansanm ak twasan (0300) bèf pou yo touye pou fèt la. Konanya ak de frè li yo, Chemaja ak Netanèl, ansanm ak Achabya, Jeiyèl ak Jozaba, chèf moun Levi yo, bò pa yo te bay senkmil (05.000) ti mouton ak ti kabrit ak senksan (0500) bèf pou moun Levi yo te ofri pou fèt Delivrans lan. (2 Istwa 35:7-9)
Toupatou nan peyi a, moun k'ap viv menm kote ak ti rès ki rete nan pèp Izrayèl la va ba yo konkou pou yo ka tounen nan peyi pa yo. Y'a ba yo ajan ak lò, pwovizyon ak bèt ansanm ak tout lòt bagay yo vle ba yo pou yo ofri nan tanp Bondye a ki nan lavil Jerizalèm lan. Tout vwazen yo te ba yo tout kalite konkou, bagay fèt an ajan ak an lò, pwovizyon, bèt ak anpil lòt bagay ki gen anpil valè, san konte tout kalite bagay yo te vle bay pou ofri nan tanp lan. (Esdras 1:4, 6)
Te gen kèk chèf ki te fè ofrann pa yo pou travay la san pesonn pa fòse yo. Gouvènè a te bay pou mete nan kès la desanswasanndis (0270) ons lò, senkant gwo plat pou sèvis, senksantrant (0530) rad pou prèt yo mete sou yo ak onzmil sisankatreventrèz (011.693) ons ajan. Chèf fanmi yo te bay pou mete nan kès la pou fè travay la: senkmil katsan (05.400) ons lò ak senkanteyenmil katsansenkant (051.450) ons ajan. Rès moun pèp la te fè anpil kado tou. Antou, yo te bay senkmil katsan (05.400) ons lò, karannsimil sètsanswasanndis (046.770) ons ajan ak swasannsèt rad pou prèt yo. (Neemi 7:70-72)
Lèfini, li voye envite tout chèf li yo ak moun pa l' yo, li fè yon gwo resepsyon pou Estè. Li bay yon jou vakans nan tout peyi a nèt. Apre sa, li bay kado adwat agoch jan wa yo konn fè l' la. (Estè 2:18)
Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li. (Sòm 72:10)
Lè Neboucharadan wè Jeremi pa reponn, li di l' ankò: -Tounen al jwenn Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan, lavil Mispa. Se li menm wa Babilòn lan mete pou gouvènen tout lavil nan peyi Jida yo. W'a rete avè l' nan mitan pèp la. Ou gen dwa tou ale kote ou vle nan peyi a. Lèfini, li bay Jeremi yon kado ansanm ak kèk pwovizyon pou l' manje, epi li voye l' ale. (Jeremi 40:5)
Pou kalme lòt moun
Jakòb rete pase nwit la kote l' te ye a. Apre sa, nan sa l' te gen avè l' yo, li chwazi ladan yo pou fè Ezaou, frè l' la, kado. Se pou nou di: Wi, Jakòb, nèg pa ou la, ap vin dèyè nou pye pou pye. Jakòb t'ap di nan kè l'. Avèk tout kado m'ap voye devan m' lan, m'ap fè kè l' kontan. Konsa, lè n'a kontre, ou pa janm konnen, li ka fè pa m'. (Jenèz 32:13, 20)
Ezaou mande l': -Moun mwen kontre pi devan an, poukisa ou te voye yo? Jakòb reponn li: -Se pou m' te ka fè kè ou kontan. Ezaou di l': -Frè mwen, mwen gen tout sa m' bezwen. Ou mèt kenbe tou sa ou genyen pou ou. Jakòb reponn li: -Non. Si ou kontan wè m' tout bon, tanpri, asepte kado m'ap ba ou yo. Paske, lè mwen kontre ou, se tankou si m' te wè figi Bondye. Gade jan ou resevwa m' byen. Tanpri, asepte kado m'ap ba ou yo, paske Bondye te beni m' anpil. Mwen pa manke anyen. Jakòb fòse Ezaou sitèlman, bout pou bout, Ezaou asepte. (Jenèz 33:8-11)
Lè yon moun fache sou ou, si ou ba li yon kado an kachèt, w'a fè l' vin frèt. Wi, yon kado glise nan pòch li ap kase fe l'. (Pwovèb 21:14)
Pou enfliyanse lòt moun
Apre sa, Sichèm di papa ak frè Dena yo: -Fè m' favè sa a, tanpri. m'a ban nou tout sa nou vle. Di m' kisa pou m' fè nou kado. Nou mèt mande m' nenpòt ki gwo pri pou maryaj la. M'ap ban nou tout sa n'a mande m'. Men, se pou nou dakò. Kite m' marye ak fi a. (Jenèz 34:11-12)
Pou chèche sajès
Tout wa toupatou te vin wè Salomon pou tande bèl pawòl Bondye te mete nan bouch li. Chak moun ki te vini te pote kado pou li, bagay ki fèt an ajan ak an lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lanne se te konsa. (2 Istwa 9:23-24)
Larenn lan fè wa a kado senk tòn lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Wa a pa janm resevwa nan lavi li kantite fèy santi bon larenn Saba te ba li lè sa a. (1 Wa 10:10)
Mechan yo fete lanmò moun ki gen lakrentif Bondye
Tout moun ki rete sou latè pral kontan lè y'a tande de mesie yo mouri. Y'a fè fèt, y'a voye kado yonn bay lòt, paske se pa ti toumante de pwofèt sa yo pa t' toumante moun ki rete sou latè. (Revelasyon 11:10)
Lòt kesyon sou bay
Kote pou bay
N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou, n'a pote yo bay Seyè a, Bondye nou an, lakay li, Piga ou kwit yon ti kabrit nan lèt manman li. (Egzòd 23:19)
N'a pran pi bèl fwi nan premye rekòt jaden nou yo, n'a pote yo bay Seyè a, Seyè nou an, lakay li. Piga ou janm kwit yon ti mouton nan lèt manman l'. (Egzòd 34:26)
Se la n'a pote ofrann pou boule nèt nan dife pou Seyè a ak lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo ak kado nou yo, ofrann nou te pwomèt bay Bondye, ofrann nou leve konsa nou vle fè pou Bondye, premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit nou yo ak premye pitit mouton nou yo. (Deteronòm 12:6)
Wi, Seyè a, Bondye nou an, va chwazi yon sèl kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a pote tout ofrann mwen mande nou yo ba li: ofrann bèt pou nou boule nèt nan dife pou Seyè a, lòt bèt n'ap ofri ba li, ladim nou yo, lòt ofrann yo ak tout lòt bèl kado nou te pwomèt pou n' te bay Seyè a. (Deteronòm 12:11)
Nan tout lavil kote nou rete, nou p'ap gen dwa manje ladim ble, ladim diven osinon ladim lwil nou gen pou n' ofri bay Seyè a. Piga nou janm manje anyen nan sa n'ap ofri bay Seyè a: ki vle di premye pitit bèf nou yo, premye pitit kabrit osinon mouton nou yo, ou ankò kado nou ta pwomèt Seyè a pou nou ba li, kado nou leve konsa nou vle fè Seyè a, ni ankenn lòt ofrann nou pote bay Seyè a. Men, se kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi a, se la sèlman n'a manje ofrann yo devan Seyè a, Bondye nou an, ansanm ak pitit gason nou, pitit fi nou, gason ak fanm k'ap travay lakay nou ak moun Levi ki rete nan mitan nou yo. Se la n'a pran nan ofrann nou te pote yo, n'a fè fèt devan Seyè a, Bondye nou an. (Deteronòm 12:17-18)
Nou ka pa gen lajan pou bay, men nou ka bay Kris
Bò Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l' te fèt. Chak jou yo te pote l' bò Bèl Pòt la pou l' te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite. Li wè Pyè ak Jan ki tapral antre, li mande yo kichòy. Pyè ak Jan fikse je yo sou li, epi Pyè di li: Gade nou. Nonm lan pran gade yo; li te kwè yo tapral ba l' kichòy. Lè sa a, Pyè di li: Mwen pa gen ni lajan ni lò. Men, sa m' genyen an, m'ap ba ou li. Nan non Jezikri, moun Nazarèt la, leve ou mache. (Travay 3:2-6)
Moun ki jenere ap resevwa anpil demann
Anpil moun ap achte figi grannèg. Tout moun vle zanmi moun k'ap bay favè. (Pwovèb 19:6)
Lanvi ka afekte jan nou bay
Se sak fè, mwen kwè se te nesesè pou m' te mande frè sa yo pou y' al lakay nou anvan mwen, pou nou ka pare kado nou te pwòmèt nou t'ap bay la. Konsa, lè m'a rive mwen menm, kado a va tou pare. Lè sa a, moun yo va wè nou bay paske nou vle, pa paske yo fòse nou. (2 Korint 9:5)
Bay pote remèsiman bay Bondye
Se pou nou konn sa byen: sèvis n'ap rann lè nou bay lajan sa a, se pa sèlman pou bay moun pèp Bondye sa yo bezwen. Men, akòz sèvis sa a, anpil moun pral lapriyè Bondye pou di l' mèsi. (2 Korint 9:12)
Pa bay anvan ou eseye rekonsilye
Konsa, si lè w'ap mete ofrann ou sou lotèl la bay Bondye, epi antan ou la devan lotèl la, ou chonje frè ou gen kichòy kont ou, men sa pou ou fè: Kite ofrann lan la devan lotèl la, ale byen ak frè ou la anvan. Apre sa, wa tounen vin bay Bondye ofrann ou an. (Matye 5:23-24)
Ekriti yo ankouraje nou pou nou bay
Gade! Men yon mesaje k'ap vin sou mòn yo! L'ap pote bon nouvèl k'ap ban nou kè poze. Nou menm moun peyi Jida, nou mèt fete tout fèt nou yo! Fè ofrann nou te pwomèt Bondye yo. Mechan yo p'ap pase lakay nou ankò! Mwen detwi yo nèt. (Nawoun 1:15)
Pa bliye, se pou nou fè sa ki byen, se pou nou yonn ede lòt. Se ofrann konsa ki fè Bondye plezi. (Ebre 13:16)
Bay ka yon temwayaj
Apre sa, Jezi di l': Piga ou di pesonn sa. Men, ale fè prèt yo wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa, wa bay tout moun prèv ou geri. (Matye 8:4)
Li di l' konsa: -Piga ou pale sa ak pesonn. Men, al fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd pou ofri a. Konsa wa bay tout moun prèv ou geri. (Mak 1:44)
Jezi pase l' lòd sevè sa a: Pa di pesonn sa. Men, ale fè prèt la wè ki jan ou ye. Apre sa, wa ofri sa Moyiz te bay lòd ofri a. Konsa wa bay tout moun prèv ou geri. (Lik 5:14)
Egzanp bay yon nasyon
Apre mwen fin pase anpil lanne deyò, mwen tounen Jerizalèm. Mwen te vin pote yon ti lajan pou ede pèp mwen an, epi m' tou pwofite fè ofrann bèt pou Bondye. (Travay 24:17)
Bagay ki pi bon pase yon sakrifis
Lanmou pou Bondye ak pou pwochen
Jan ou di a, se pou nou renmen l' ak tout kè nou, tout lespri nou, tout fòs nou, epi se pou nou renmen frè parèy nou tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Sa pi bon lontan pase tout ofrann n'ap boule pou Bondye ansanm ak tout lòt bèt n'ap ofri pou touye pou li. (Mak 12:33)
Fidelite ak konesans Bondye
Mwen ta pito wè nou renmen m' tout bon pase pou n'ap fè tout ofrann bèt sa yo ban mwen. Mwen ta pito wè nou chache konnen m' vre, mwen menm Bondye nou an, pase pou n'ap boule tout bèt sa yo pou mwen. (Oze 6:6)
Obeyisans
Lè sa a, Samyèl di l' konsa: -Dapre ou, kisa Seyè a pito: yon moun k'ap ofri bèt pou boule nan dife, k'ap fè tout kalite ofrann bèt pou li, osinon yon moun k'ap fè sa li di l' fè a? Konn sa tande! Pito yon moun fè sa Seyè a di l' fè a pase pou l' touye bèt ofri pou Bondye. Pito yon moun soumèt devan Bondye pase pou l' ofri bèl belye chatre pou Seyè a. (1 Samyèl 15:22)
Li di yo: Sa pou m' fè ak pakèt bèt n'ap plede ofri pou touye pou mwen yo? Mwen bouke ak belye mouton n'ap boule sou lotèl la, ak grès towo n'ap ofri ban mwen yo. Kanta pou san bèf, san mouton ak san kabrit yo menm, mwen pa bezwen sa. (Ezayi 1:11)
Jistis/dwati
Fè sa ki dwat. Pa nan patipri. Sa fè Seyè a plezi pi plis pase bèt ou ta touye pou li. (Pwovèb 21:3)
Ofrann
Obligatwa
Pou jou fèt yo ak pou gwo seremoni yo, y'a ofri yon demi mezi grenn jaden pou chak towo bèf osinon pou chak belye mouton y'ap ofri. Pou chak ti mouton yon moun ap ofri, l'a bay sa l'a vle. Se pou yo bay twaka yon mezi lwil pou chak demi mezi grenn jaden. Lè wa a ap fè yon ofrann paske li vle fè l' bay Seyè a, kit se yon ofrann pou yo boule nèt, kit se yon ofrann pou di Bondye mèsi, y'a louvri pòtay ki bay sou solèy leve nan ti lakou anndan an pou li. Se pou li fè ofrann li menm jan li fè l' pou jou repo yo. Men, soti li soti, y'a fèmen pòtay la. Seyè a di ankò: -Chak maten, se pou yo ofri yon ti mouton ennan san ankenn enfimite pou yo boule nèt pou Seyè a. Se pou yo fè ofrann sa a chak jou. Chak maten, y'a ofri tou senk liv farin frans ak yon boutèy ka lwil oliv y'a melanje ak farin lan. Se konsa pou yo fè ofrann sa yo bay Seyè a. Sa se yon lòd ki la pou toutan, ki p'ap janm chanje. Chak jou nan maten, san sote yon jou, se pou yo ofri ti mouton an, farin lan ak lwil la pou yo boule nèt pou Seyè a. (Ezekyèl 46:11-15)
Volontè
Lè wa a ap fè yon ofrann paske li vle fè l' bay Seyè a, kit se yon ofrann pou yo boule nèt, kit se yon ofrann pou di Bondye mèsi, y'a louvri pòtay ki bay sou solèy leve nan ti lakou anndan an pou li. Se pou li fè ofrann li menm jan li fè l' pou jou repo yo. Men, soti li soti, y'a fèmen pòtay la. (Ezekyèl 46:12)
Egzanp ofrann
Apre sa, wa Salomon ansanm ak tout pèp Izrayèl ki te la a ofri bèt pou touye pou Seyè a. Salomon te ofri venndemil (022.000) towo ak sanvenmil (0120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo te mete Tanp lan apa pou Seyè a. Menm jou a, li mete mitan gwo lakou ki devan Tanp Seyè a apa pou Bondye. Lèfini, se la li ofri bèt pou boule nèt pou Seyè a, grenn jaden ak grès bèt yo te touye pou mande Bondye padon, paske lotèl kwiv ki devan Tanp lan te twò piti pou pran tout ofrann sa yo. (1 Wa 8:62-64)
-Mwen menm Siris, wa peyi Pès, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida. Toupatou nan peyi a, moun k'ap viv menm kote ak ti rès ki rete nan pèp Izrayèl la va ba yo konkou pou yo ka tounen nan peyi pa yo. Y'a ba yo ajan ak lò, pwovizyon ak bèt ansanm ak tout lòt bagay yo vle ba yo pou yo ofri nan tanp Bondye a ki nan lavil Jerizalèm lan. Tout vwazen yo te ba yo tout kalite konkou, bagay fèt an ajan ak an lò, pwovizyon, bèt ak anpil lòt bagay ki gen anpil valè, san konte tout kalite bagay yo te vle bay pou ofri nan tanp lan. (Esdras 1:2, 4, 6)
W'a pran avè ou ajan ak lò wa a ansanm ak konseye l' yo te fè lide bay pou Bondye pèp Izrayèl la, ki gen tanp li lavil Jerizalèm. W'a pote tou tout ajan ak lò y'a ba ou nan tout pwovens Babilòn lan ansanm ak ofrann pèp la ak prèt yo te fè lide voye paske yo vle fè l' pou kay Bondye a nan lavil Jerizalèm. Konsa, avèk tout ajan sa a w'a achte towo bèf, belye mouton, jenn ti mouton ansanm ak grenn jaden, grenn danre, diven ak lwil ki pou mache ak yo. Epi w'a ofri yo sou lotèl la nan tanp Bondye ou la ki lavil Jerizalèm. Avèk ajan ak lò ki va rete a, ou menm ak frè ou yo, n'a fè sa nou vle avè l', depi sa nou fè a dakò ak volonte Bondye nou an. Si gen lòt bagay ou bezwen ankò pou tanp Bondye ou la, ou mèt pran nan kès wa a pou achte yo. Mwen menm, wa Atagzèsès, mwen pase lòd bay tout trezorye leta ki nan pwovens lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo bay Esdras, prèt la, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la, tou sa l'a mande yo san pran reta, depi sa l' mande a pa depase an total sanvenmil ons ajan, sisansenkant (0650) barik ble, sisan (0600) galon diven, sisan (0600) galon lwil oliv. Pou disèl la, y'a ba li valè li bezwen. (Esdras 7:15-18, 20-22)
Si don espirityèl ou se bay, sèvi avè l
Bondye pa bay tout moun menm don. Men, nou fèt pou nou sèvi ak kado a dapre favè Bondye fè nou an. Si yon moun resevwa don pou l' anonse mesaj ki sòti nan Bondye, se pou l' fè sa dapre lafwa li genyen an. Si yon lòt resevwa don pou l' fè yon travay, se pou l' fè travay la. Moun ki resevwa don pou l' moutre lòt anpil bagay, se sa pou l' fè. Moun ki resevwa don pou l' bay ankourajman, se pou li bay ankourajman. Moun k'ap bay nan sa li genyen an, se pou l' fè sa san gad dèyè. Moun k'ap dirije a, se pou l' fè sa byen. Moun k'ap moutre jan li gen kè sansib la, se pou li fè sa ak kè kontan. (Ròm 12:6-8)
Bay pou satisfè bezwen
Men, lè yo mezire, sa ki te ranmase plis yo pa t' gen twòp, sa ki te ranmase pi piti yo pa t' manke anyen. Konsa, chak moun te ranmase mezi yo te bezwen pou yo manje. (Egzòd 16:18)
Sa pa vle di se pou nou mete tèt nou nan lamizè lè n'ap soulaje lòt moun. Men, se pou tout moun menm jan. Si koulye a nou gen anpil, se pou n' ede sa ki nan nesesite yo. Si yon jou pita nou vin nan nesesite, epi yo menm yo gen anpil, lè sa a y'a kapab ede nou tou. Konsa tout moun va menm jan, dapre sa ki te ekri nan Liv la: Moun ki te ranmase plis yo pa t' gen twòp. Moun ki te ranmase pi piti yo pa t' manke anyen. (2 Korint 8:13-15)