Lanvi

Ekriti yo entèdi lanvi klèman; li pote konsekans grav epi li anpeche moun eritye Wayòm Bondye a. Yo konsidere l kòm idolatri, epi yo bay egzanp pouvwa destriktif li pou avèti kwayan yo.

Kòmandman pou pa anvi sa ki pou lòt

Piga nou pote lanvi sou sa ki pa pou nou: ni sou kay frè parèy nou, ni sou madanm li, ni sou moun k'ap sèvi lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou ankenn lòt bagay ki pou frè parèy nou. (Egzòd 20:17)
Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou. (Deteronòm 5:21)
N'a boule tout zidòl yo te taye nan bwa. Pa kite lò ak ajan ki kouvri zidòl yo mete move lanvi nan ke nou. Pa pran yo pou nou. Sa ka yon pèlen pou nou. Nou konnen bagay konsa se bagay Seyè a, Bondye nou an, pa vle wè menm. (Deteronòm 7:25)

Pinisyon pwomèt pou lanvi

Men, nou menm, pa mete men nou nan sa nou gen pou nou detwi pou Seyè a. Si nou pran anyen nan sa nou gen pou nou detwi a, n'ap lakòz malè tonbe sou kay moun Izrayèl yo, n'ap lakòz tèt chaje vin pou tout moun. (Jozye 6:18)
Ala mal sa pral mal pou moun ki kouche nan kabann yo ap fè move plan, k'ap kalkile mechanste yo pral fè! Kou jou kase, premye okazyon yo jwenn, yo fè sa yo t'ap kalkile a, paske yo gen pouvwa nan men yo. Yo anvi yon jaden, yo pran l'. Yo anvi yon kay, yo antre kareman, yo pran l'. Yo maltrete mèt kay la ak tout fanmi l'. Yo bat moun yo, yo pran tout byen yo. Se poutèt sa, men sa Seyè a di: M'ap pare yon malè pou nou. Nou yonn p'ap chape. Nou p'ap ka gonfle lestonmak nou sou moun ankò, paske sa pral rèd pou nou. (Miche 2:1-3)

Egzanp pinisyon pou lanvi

Se paske pèp Izrayèl la peche, yo pa respekte kontra mwen te pase ak yo a ak lòd mwen te ba yo. Yo pran nan bagay pou yo te detwi yo. Yo vòlò yo, yo kache yo, yo mete yo nan zafè pa yo. Se poutèt sa, pèp Izrayèl la p'ap ka kanpe devan lènmi l' yo. Yo gen pou yo kouri devan lènmi yo, paske koulye a se yo menm ki gen pou mouri. Mwen p'ap kanpe la avèk yo ankò, si bagay mwen te ban nou lòd pa pran an nou pa wete l' nan mitan nou pou nou detwi l' tou. Leve non! Fè sèvis pou mete pèp la nan kondisyon pou sèvi m'. W'a di yo pou yo pare kò yo pou yo ka nan kondisyon fè sèvis pou mwen denmen, paske mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, men sa mwen di: Nou menm pèp Izrayèl, nou gen nan mitan nou bagay mwen te ban nou lòd detwi. Nou p'ap ka kenbe tèt ak lènmi nou yo si nou pa wete l' nan mitan nou. Se konsa, denmen maten, nou tout n'ap vini, branch fanmi pa branch fanmi. Branch fanmi Seyè a va denonse a va pwoche fanmi pa fanmi. Nan fanmi Seyè a va denonse a, chèf fanmi yo va pwoche yonn apre lòt avèk moun pa yo. Chèf fanmi Seyè a va denonse a va fè moun pa l' yo pwoche grenn pa grenn. Moun y'a jwenn avèk bagay la gen pou mouri boule nan dife, ansanm ak tout fanmi l' ak tou sa li genyen, paske li pa respekte kontra Seyè a te pase ak pèp la. Se yon gwo wont pou tout pèp Izrayèl la. Nan denmen maten vre, Jozye leve byen bonè, li fè tout pèp Izrayèl la pwoche vin jwenn li, branch fanmi pa branch fanmi. Se branch fanmi Jida a Seyè a te denonse. Li fè fanmi Jida yo vin jwenn li yonn apre lòt. Se fanmi Zerak la Seyè a te denonse. Li fè tout chèf fanmi Zerak yo vin jwenn li yonn apre lòt ak tout fanmi yo. Se Zabdi Seyè a te denonse. Zabdi fè tout moun pa l' yo pwoche grenn pa grenn. Se konsa Seyè a denonse Akan, pitit Kami an. Kami te pitit Zabdi, Zabdi te pitit Zerak, yo tout te fè pati branch fanmi Jida a. Jozye di Akan konsa: -Pitit mwen, fè lwanj Seyè a! Moutre ou gen respe pou Bondye pèp Izrayèl la! Koulye a, di m' kisa ou fè. Pa kache m' anyen. Akan reponn li: -Se vre wi. Se mwen ki peche kont Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Men sa m' fè. Nan bagay nou te pran apre batay la, mwen te wè yon bèl manto ki te soti lavil Babilòn, desan (0200) pyès an ajan ki te peze wit liv antou, ak yon gwo moso lò ki te peze de liv. Mwen te sitèlman anvi yo, mwen pran yo. Mwen fouye yon twou nan mitan tant kote m' rete a, mwen antere yo ladan l', avèk pyès ajan yo anba nèt. Jozye voye kèk mesaje ki kouri al nan tant Akan an. Yo jwenn tout bagay yo nan twou a avèk pyès ajan yo anba nèt. Yo pran yo, yo soti avèk yo nan tant lan. Yo pote yo bay Jozye ak tout pèp Izrayèl la. Yo mete yo atè devan Seyè a. Jozye, ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo, pran Akan, pyès ajan yo, manto a, moso lò a ansanm ak pitit fi l' yo, pitit gason l' yo, bèlfi li yo, bèf li yo, bourik li yo, mouton l' yo ak tout lòt bagay li te genyen, yo mennen yo nan Fon Malè. Epi Jozye di Akan konsa: -Poukisa ou rale tout malè sa a sou tèt nou? Jòdi a, Seyè a pral fè malè tonbe sou ou! Epi tout moun pèp Izrayèl yo pran wòch, yo kalonnen yo jouk yo touye yo. Yo boule tout bagay yo nan dife. Yo touye tout fanmi l' yo ak bèt li yo ak koutwòch. (Jozye 7:11-25)

Egzanp lanvi ki bay pou enstwi nou

Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi nou leson pou nou pa kite move lanvi kaye nan kè nou tankou yo te genyen l' lan. (1 Korint 10:6)

Moun ki gen lanvi p ap eritye Wayòm Bondye a

Nou konnen byen pwòp moun ki mechan p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. Pa twonpe tèt nou: moun k'ap viv nan dezòd, moun k'ap sèvi zidòl, moun k'ap viv nan adiltè, moun pèvèti k'ap sèvi fanm ak fanm, gason ak gason, moun k'ap vòlò, moun ki gen lanvi plen kè yo, tafyatè, moun k'ap pale moun mal, piyajè, yo yonn p'ap resevwa anyen nan peyi kote Bondye wa a. (1 Korint 6:9-10)

Moun ki gen lanvi se yon idolat

Paske nou se pèp Bondye a, sa pa bon pou nou menm louvri bouch nou pale sou dezòd lachè, sou bagay ki sal ak vye dezi. (Efèz 5:3)
Paske, konnen sa byen: okenn moun ki nan dezòd lachè, osinon ki nan lenkondite, osinon ki renmen lajan (moun konsa se tankou moun k'ap sèvi zidòl), okenn nan moun sa yo p'ap gen pòsyon eritaj nan peyi kote Bondye ak Kris la wa a. (Efèz 5:5)

Pa fè zanmi ak yon kwayan ki gen lanvi

Nan lèt mwen te ekri nou an, mwen te mande pou n' pa mele ak moun k'ap viv nan imoralite. Lè sa a, mwen pa t' gen nan lide mande nou pou n' separe ak tout moun sou latè k'ap viv nan dezòd lachè, ki gen lanvi plen kè yo, k'ap vòlò osinon k'ap sèvi zidòl. Pou n' ta egzante tout moun sa yo, se kite pou n' ta kite tè a nèt. Mwen te vle di pou n' pa mele ak yon nonm ki swadizan frè nou nan Kris la, men k'ap viv nan dezòd, ki gen lanvi plen kè l', k'ap sèvi zidòl, k'ap pale moun mal, ki tafyatè, osinon ki vòlò. Nou pa dwe menm chita sou menm tab pou n' manje ak yon nonm konsa. (1 Korint 5:9-11)

Egzanp yon moun ki gen lakrentif Bondye ki pa t gen lanvi

Mwen pa janm pote lanvi pou lajan pesonn, ni pou lò ni pou rad okenn moun. (Travay 20:33)

Bondye ka kontwole lanvi

Twa fwa chak lanne, tout gason ki nan mitan nou gen pou parèt devan mwen, Seyè sel Mèt la, Bondye pèp Izrayèl la. Lè m'a fin mete lòt nasyon yo deyò pou fè plas pou nou, lè m'a fin laji teritwa nou an, pesonn p'ap gen lanbisyon pou yo seye vin pran peyi a nan men nou lè n'a moute chak lanne pou parèt devan mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, pou fete twa fèt sa yo. (Egzòd 34:23-24)

Lanvi itilize pou montre wòl lalwa

Nan kondisyon sa a, kisa n'a di? Eske lalwa se peche? Non, wete sa nan tèt ou. Men, se lalwa a ki fè m' konnen sa peche ye. Se konsa mwen pa ta janm konnen kisa ki rele gen lanvi, si lalwa pa t' di m': Piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou nou. Peche a pwofite okazyon kòmandman an pou l' fè m' gen tout kalite lanvi nan kè mwen. San lalwa a, peche mouri. (Ròm 7:7-8)