Konsèy

Ekriti yo ankouraje nou fòtman pou nou chèche epi koute bon konsèy, ki pote siksè, sajès ak gidans. Okontrè, rejte konsèy Bondye oswa swiv konsèy mechan pote echèk, kont e menm destriksyon.

Konsèy ankouraje

Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen, (Pwovèb 1:5)
Anhan! Se konsa sa ye? Nou voye tout konsèy mwen te ban nou yo jete byen lwen nou. Nou refize kite m' korije nou. (Pwovèb 1:25)
Nou pa t' janm vle koute konsèy m' t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m' lè m' t'ap korije nou. (Pwovèb 1:30)
Moun sòt toujou konprann sa y'ap fè a byen. Men, moun ki gen bon konprann koute konsèy yo ba yo. (Pwovèb 12:15)
Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann. (Pwovèb 13:10)
Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri. (Pwovèb 19:20)
Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè. (Pwovèb 20:18)
Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj. (Pwovèb 27:9)
Yon nonm ka soti nan mizè pou l' rive chèf nan peyi l'. Ou ankò li ka soti nan prizon epi yo mete l' chèf pou gouvènen. Pito ou annafè ak yon ti moun ki pòv men ki gen lespri pase pou ou annafè ak yon wa ki fin granmoun, ki fin gaga, ki pa ka pran konsèy. (Eklezyas 4:13-14)
Menm lè sa a, kèk farizyen pwoche bò kot Jezi, yo di li: Pa rete isit la, ale yon lòt kote, paske Ewòd vle touye ou. (Lik 13:31)

Anpil konseye ankouraje

Lè pa gen moun ki konn gouvènen, peyi a pa ka mache. Men, lè gen anpil moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove. (Pwovèb 11:14)
Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p'ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen. (Pwovèb 15:22)
Pito ou gen bon konprann pase ou gen fòs. Wi, moun ki gen konesans vo plis pase moun ki gwonèg. Paske, se pou ou ranje plan ou anvan ou antre nan batay. Plis ou gen moun k'ap ba ou konsèy, plis ou gen chans pou ou genyen batay la. (Pwovèb 24:5-6)

Plis moun ogmante pwodiktivite

Senk moun nan mitan nou va kont pou bat san lènmi, san moun nan mitan nou va kont pou bat mil lènmi. N'a kraze lènmi nou yo anba kout nepe nou yo. (Levitik 26:8)
Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou. Si yonn tonbe, lòt la va ba l' men pou l' leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l' tonbe, p'ap gen moun pou ba l' men. Konsa tou, lè fè frèt, si yo kouche ansanm, yonn va chofe lòt. Men, si li pou kont li, ki jan pou l' fè chofe kò l'? Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k'ap atake yo, yon sèl p'ap kapab. Yon kòd trese an twa pa fasil pou kase. (Eklezyas 4:9-12)

Egzanp moun ki bay/swiv konsèy

Lè Jetwo, bòpè Moyiz la, wè kalite travay di sa a Moyiz t'ap fè pou kò l' pou pèp la, li di l' konsa: -Kisa w'ap fè konsa ak pèp la? Poukisa pou pèp la kanpe devan ou depi maten jouk aswè, epi se ou menm ki chita la pou kont ou ap rann jijman? Moyiz reponn bòpè l' konsa: -Se sa pou m' fè paske pèp la vin kote m' pou yo ka konnen sa Bondye vle yo fè nan tout sikonstans. Lè yo gen kont, yo vin jwenn mwen, mwen regle sa pou yo, mwen fè yo konnen volonte Bondye ak sa Bondye mande yo pou yo fè. Bòpè Moyiz la di l' konsa: -Jan w'ap fè l' la pa bon. W'ap fin kraze kouraj ou ansanm ak kouraj pèp la ki la avè ou. Paske chay la twòp pou ou. Ou pa ka pote l' pou kont ou. Bon. Koute sa m'ap di ou: se yon konsèy m'ap ba ou pou Bondye ka ede ou. Se ou menm ki va prezante pou pèp la devan Bondye. W'a mete tout pwoblèm yo devan Bondye. W'a moutre yo lòd Bondye, Seyè a, bay ansanm ak sa li mande yo pou yo fè. W'a fè yo konnen jan pou yo viv ak sa yo dwe fè. Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun. Moun sa yo va toujou la pou sèvi jij pou pèp la. Lè y'a gen gwo zafè, y'a pote yo devan ou. Men lòt ti zafè, y'a regle sa yo menm. Konsa, chay la va pi lejè pou ou, paske y'a ede ou pote l'. Si ou fè sa, Bondye va dirije ou. W'a kapab fè travay ou, epitou, tout pèp la va tounen lakay li ak kè poze. Moyiz koute konsèy bòpè l' la vre. Li fè tou sa Jetwo te di l' fè yo. (Egzòd 18:14-24)
Lè sa a, Natan al jwenn Batcheba, manman Salomon, li di l' konsa: -Ou pa tande jan Adonija, pitit gason Agit la, gen tan pran pòz wa li? Men, wa David pa konn anyen. Koulye a, mwen pral ba ou yon konsèy si ou vle sove lavi ou ansanm ak lavi Salomon, pitit gason ou lan. (1 Wa 1:11-12)
Lè m'ap pale, tout moun fèmen bouch yo. Yo louvri zòrèy yo, y'ap tann konsa konsèy m'ap bay. Pawòl mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli. Lè m' fin pale, pesonn pa gen anyen pou di ankò. Yo t'ap tann mwen pale tankou tè sèk k'ap tann lapli. Yo rete bouch louvri pou ranmase sa m'ap di. (Jòb 29:21-23)

Egzanp moun ki pa bay/swiv konsèy

Lè Amasya t'ap tounen apre li fin kraze moun peyi Edon yo, li pran bondye moun mòn Seyi yo avè l'. Li fè yo tounen bondye pa l', li sèvi yo, li boule lansan pou yo. Seyè a fache kont Amasya. Li voye yon pwofèt pou di l' konsa: -Poukisa koulye a ou pran sèvi bondye yon pèp ki pa t' ka sove pèp sa a anba men ou? Amasya koupe l' lapawòl, li di li: -Depi kilè mwen te nonmen ou konseye wa a? Pe la, si ou pa bezwen m' fè yo wonpi ou! Pwofèt la rete sou sa l' t'ap di a, men li di: -Koulye a mwen konnen Bondye pran desizyon pou l' fini avè ou vre, paske ou fè sa ou fè a, epi ou pa vle koute konsèy mwen. (2 Istwa 25:14-16)

Sous konsèy

Seyè a

Men, Bondye gen konesans, lèfini li gen pouvwa. Li gen bon konprann, lèfini li fè sa li vle. (Jòb 12:13)
M'ap fè lwanj Seyè a paske li ban m' bon konsèy. Menm lannwit, konsyans mwen di m' sa pou m' fè. (Sòm 16:7)
Si yon moun gen krentif pou Seyè a, Seyè a va moutre l' chemen pou l' pran. (Sòm 25:12)
Seyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou. (Sòm 32:8)
Seyè a detounen plan travay peyi yo, li anpeche pèp yo reyalize sa yo te gen lide fè. Men, plan travay Seyè a la pou tout tan. Sa l' gen lide fè a ap toujou fèt. (Sòm 33:10-11)
Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou. (Sòm 73:24)
Yon moun te mèt fè tout kalite lide nan tèt li. Men, sa Seyè a vle a, se sa ki pou rive. (Pwovèb 19:21)
Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a! (Ezayi 9:6)
Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l' dirije. L'ap fè l' konn Seyè a, l'ap fè l' gen krentif pou li. (Ezayi 11:2)
Tout konesans sa a se nan Bondye ki gen tout pouvwa a li soti. Plan travay li se bèl bagay. Li bay bon konsèy, li gen anpil bon konprann. (Ezayi 28:29)
Ou fè mil jenerasyon nan yon fanmi wè jan ou gen bon kè. Men tou, ou fè pitit peye pou peche papa ak manman yo te fè. Ou se yon Bondye ki gen pouvwa, ki gen fòs. Yo rele ou: Seyè ki gen tout pouvwa a. Plan travay ou, se gwo zafè. Yo pa ka konte bèl bagay ou fè yo. Je ou louvri sou tou sa moun ap fè, pou bay chak moun sa yo merite dapre sa yo fè, dapre jan yo mennen bak yo. (Jeremi 32:18-19)

Konsekans lè nou pa chèche konsèy Seyè a

Se konsa Sayil mouri paske li pa t' kenbe pawòl li ak Seyè a. Li pa t' obeyi lòd Seyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l' te konnen sa ki tapral rive l', pase pou l' te al mande Seyè a sa. Se poutèt sa Seyè a te touye l', li renmèt gouvènman an nan men David, pitit lzayi a. (1 Istwa 10:13-14)
Chèf pèp Izrayèl yo pran nan sa yo te pote a, san yo pa mande Seyè a sa li di nan sa. Jozye pase yon kontra ak yo pou yo viv byen yonn ak lòt, li fè kontra ak yo pou li pa touye yo. Chèf pèp Izrayèl yo fè sèman yo p'ap fè yo anyen. (Jozye 9:14-15)
Men, lamenm, yo bliye sa l' te fè pou yo. Yo pa t' tann li fin fè pou yo sa l' te gen nan lide l'. Yo kite lanvi pran pye sou yo nan dezè a, yo t'ap gade ki bò Bondye ye ak yo. Se konsa, Bondye ba yo sa yo te mande l' la. Men, li voye yon move maladi sou yo pou touye yo. (Sòm 106:13-15)
Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn, paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t' okipe konsèy Bondye te ba yo. Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t' gen pesonn pou ba yo men. (Sòm 107:10-12)

Seyè a kontwole konsèy moun

Lè David vin konnen Achitofèl te pran pozisyon ak Absalon nan konplo a, li lapriyè, li di: -Tanpri, Seyè! Fè konsèy Achitofèl yo pase pou pawòl moun fou! David di l' konsa: -Ou p'ap ka fè anyen pou mwen si ou vin avè m'. Men, ou ka ede m' anpil si ou tounen lavil Jerizalèm. W'a di Absalon ou pral sèvi l' koulye a menm jan ou te sèvi papa l' nan tan lontan. Lè sa a, w'a ede m' pare tout move kou Achitofèl va gen lide pote m'. (2 Samyèl 15:31, 33-34)
Apre sa, Absalon vire bò Achitofèl, li di l' konsa: -Ann antann nou sou sa nou pral fè koulye a. Lè sa a, nenpòt konsèy Achitofèl te bay se tankou si se te pawòl Bondye. Ni David ni Absalon te toujou swiv konsèy li yo. (2 Samyèl 16:20, 23)
Lè Ouchayi rive, Absalon di l' konsa: -Men konsèy Achitofèl ban nou. Eske se pou nou fè sa li di nou fè a? Si ou pa dakò, di nou sa pou nou fè. Ouchayi reponn li: -Fwa sa a, konsèy Achitofèl bay la pa bon menm. Ou konnen jan papa ou ak moun pa li yo vanyan gason? Koulye a, yo move tankou yon manman lous ki pèdi pitit li. Papa ou se yon sòlda ki gen anpil esperyans nan fè lagè. Li p'ap janm rete pase lannwit menm kote ak moun li yo. Koulye a li dwe kache nan yon gwòt osinon yon lòt kote. Premye atak David va fè sou moun ou yo, moun pral konn sa, y'a di: David bat patizan Absalon yo. Lè sa a, menm sòlda ki pi vanyan yo, sa ki tankou lyon, ki pa pè anyen yo, pral pèdi kouraj, paske tout moun peyi Izrayèl yo konnen jan papa ou se sòlda ki konn goumen, jan moun pa l' yo se brave danje. Men konsèy mwen menm m'ap bay: Fè sanble dènye gason nan tout peyi Izrayèl la, depi lavil Dann jouk lavil Bècheba, pou yo tankou grenn sab bò lanmè. Lèfini, ou menm w'a mache alatèt yo. Nenpòt kote David ye, n'a tonbe sou li tankou lawouze sou fèy bwa, n'a atake l' anvan menm li konnen sa k'ap rive l'. Nou p'ap kite pesonn chape, ni li, ni yonn nan moun pa l' yo. Si li al kache kò l' nan yon lavil, tout moun Izrayèl yo va pran kòd, y'a mare lavil la, y'a trennen l' al jete anba nan fon an. Yo pa t' kite yon grenn wòch sou tèt mòn kote lavil la te ye a. Absalon ak tout moun peyi Izrayèl yo di: -Konsèy Ouchayi, moun Ak la, pi bon pase pa Achitofèl la. Sa te pase konsa, paske Seyè a te deside pou li pa t' kite yo swiv konsèy Achitofèl la pou malè te ka tonbe sou Absalon. Apre sa, Ouchayi rele Zadòk ak Abyata, prèt yo, li di yo: -Men konsèy Achitofèl te bay Absalon ak chèf fanmi moun Izrayèl yo. Men konsèy mwen menm mwen te ba yo. Koulye a, prese voye komisyon bay David. Di li pa rete pase nwit nan plenn dezè a. Se pou l' al pi lwen toujou pou yo pa touye l' ansanm ak moun pa li yo. Jonatan, pitit Abyata a, ak Akimaz, pitit Zadòk la, te rete bò sous Lesivèz yo ap tann, paske yo pa t' ka antre nan lavil la pou moun pa t' wè yo. Se yon sèvant ki te konn al pote nouvèl sa k'ap pase ba yo pou yo te ka al avèti wa David. Men, yon ti gason bare yo, li al di Absalon sa. De mesye yo kouri al kache lakay yon moun ki te rete lavil Bakourim. Nonm lan te gen yon pi nan lakou lakay li. Mesye yo desann al kache ladan l'. Madanm nonm lan pran yon gwo dra, li kouvri bouch pi a. Lèfini, li simen grenn pile sou li, konsa pesonn pa wè sa ki anba dra a. Moun Absalon yo vini nan kay la, yo mande madanm lan: -Kote Akimaz ak Jonatan? Madanm lan reponn: -Yo janbe lòt bò dlo a. Mesye Absalon yo chache, men yo pa jwenn yo. Apre sa, yo tounen tounen yo lavil Jerizalèm. Lè yo fin ale, Akimaz ak Jonatan soti nan pi a, y' al pote nouvèl bay wa David. Yo rakonte l' ki konsèy Achitofèl te bay Absalon. Epi yo di l': -Prese janbe lòt bò larivyè Jouden. Se konsa David leve ansanm ak tout moun ki te avè l' yo, yo janbe lòt bò larivyè Jouden. Lè bajou kase, yo tout te gen tan lòt bò larivyè a. Lè Achitofèl wè yo pa t' soti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l'. Lè li fin regle tout zafè l', li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l' nan kavo papa l'. (2 Samyèl 17:6-23)

Ekriti yo

Prensip ou yo fè kè m' kontan. Se yo ki ban m' konsèy sa pou m' fè. (Sòm 119:24)

Moun ki gen lakrentif Bondye

Manman ak papa

Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou! Menm jan bèl foula mare nan tèt ak kolye pase nan kou bay pi bèl aparans, konsa tou konsèy papa ou ak manman ou ap fè anpil pou ou. (Pwovèb 1:8-9)
Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou. Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye. Pawòl sa yo va moutre ou bon chemen nan tou sa w'ap fè. Y'ap pwoteje ou lè w'ap dòmi lannwit. Y'a ba ou konsèy lè je ou klè. (Pwovèb 6:20-22)
Pitit mwen, koute papa ou ki fè ou. Pa meprize manman ou lè li fin granmoun. (Pwovèb 23:22)

Egzanp konsèy yon papa ki gen lakrentif Bondye

Lè David santi li pral mouri, li rele Salomon, pitit gason l' lan, li ba li dènye volonte l'. Li di l' konsa: -Talè konsa mwen pral fè dènye gwo vwayaj la tankou tout moun sou latè. Pran kouraj, pitit mwen! Mete gason sou ou! Se pou ou fè tou sa Seyè a, Bondye ou la, va ba ou lòd fè. W'a fè volonte Bondye, w'a mache dapre lòd, kòmandman, regleman ak prensip li bay yo jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la, pou tout zafè ou mache byen kote ou pase, nan tou sa w'ap fè. Si ou fè sa, Seyè a va kenbe pwomès li te fè a lè l' te di m' si pitit mwen yo mennen bak yo byen, si yo mache dwat devan li ak tout kè yo, ak tout nanm yo, ap toujou gen yonn nan yo pou gouvènen pèp Izrayèl la apre mwen. (1 Wa 2:1-4)

Moun ki gen don sajès

Tout wa toupatou te vin wè Salomon pou tande bèl pawòl Bondye te mete nan bouch li. (2 Istwa 9:23)
Fè zanmi ak moun ki gen konesans, ou menm tou w'a vin gen konesans. Fè zanmi ak moun ki san konprann, ou nan pwoblèm. (Pwovèb 13:20)
Lespri a bay yon moun don pou l' pale avèk bon konprann. Menm Lespri a bay yon lòt moun don pou l' pale avèk anpil konesans. (1 Korint 12:8)

Moun ki gen eksperyans

Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l', lè l' t'ap viv, li mande yo: -Kisa pou m' reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen? Yo reponn li: -Si jòdi a ou fè pèp la wè se sèvi ou vle sèvi l', si ou asepte fè sa yo mande ou la, si ou pale byen ak yo, y'ap toujou sèvi ou. Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, l' al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l' yo, lèfini ki te toujou la avè l', li mande yo konsèy. (1 Wa 12:6-8)
Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l', lè li t'ap viv la, li mande yo: -Kisa pou m' reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen? Yo reponn li: -Si ou aji byen ak pèp la, si ou asepte fè sa yo mande ou la, si ou pale byen ak yo, y'ap toujou sèvi ou, Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, li al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l' yo, lèfini ki te toujou la pou ba l' konsèy tou. (2 Istwa 10:6-8)

Konsèy pou evite

Mechan yo

Se yo menm k'ap plede di Bondye: Kite n' an repo! Nou pa bezwen konnen jan ou vle pou moun viv la. Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a ye menm pou nou sèvi l' la? Kisa sa ap rapòte nou lè nou lapriyè l'? Yo pretann tou sa yo genyen se kouraj yo ki ba yo l'. Yo pa t' janm mete Bondye nan koze yo. Mwen pa dakò ak jan y'ap pale a, non. (Jòb 21:14-16)
Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz, (Sòm 1:1)
Yon nonm serye p'ap janm mete nan tèt li pou l' fè ou lenjistis. Men, mechan yo ap toujou chache twonpe ou. (Pwovèb 12:5)

Egzanp move konsèy

Lè sa a, moun ki t'ap viv depi lontan nan peyi a soti pou yo dekouraje moun Jida yo. Yo t'ap kraponnen yo pou yo te sispann travay batisman an. Yo menm rive bay kèk anplwaye gouvènman an lajan anba chal pou anpeche travay la mache. Se konsa, pandan tout tan wa Siris t'ap gouvènen an jouk sou rèy wa Dariyis, yo antrave travay moun yo san rete. (Esdras 4:4-5)
Yon nonm soti lavil Niniv. Li gen yon bann move lide nan tèt li, l'ap fè konplo sou do Seyè a. (Nawoun 1:11)

Moun ki adore zidòl

Pèp Izrayèl la, se yon pèp ki pèdi bonnanj yo. Yo pa gen konprann. (Deteronòm 32:28)
Lè mwen gade nan tout bondye nou yo, mwen pa wè yonn ki te gen anyen pou l' te di. Pa t' gen yonn ki ta kapab reponn mwen si m' ta mande l' anyen. Tout bondye sa yo pa vo anyen. Yo pa kapab fè anyen menm. Estati zidòl yo, se van. Yo pa vo anyen. (Ezayi 41:28-29)

Granmoun yo

Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, l' al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l' yo, lèfini ki te toujou la avè l', li mande yo konsèy. Li di yo: -Ki konsèy nou ta ban mwen? Kisa pou m' reponn pèp la k'ap mande m' pou m' fè yon leve men pou yo? Jenn gason kanmarad li yo reponn li: -Men sa w'a di moun sa yo k'ap plenyen ba ou pou papa ou ki t'ap peze yo, epi k'ap mande ou fè yon leve men pou yo. W'a di yo: Si papa m' te di ak nou, mwen menm m'ap pi di pase l'. Wa a pa koute konsèy granmoun yo, li pale di ak pèp la. Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l' konsèy fè a. Li di yo: -Papa m' t'ap peze nou anba chay lou, mwen menm m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm m'ap pase fwèt la anba sann pou m' bat nou. (1 Wa 12:8-10, 13-14)
Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, li al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l' yo, lèfini ki te toujou la pou ba l' konsèy tou. Li di yo: -Ki konsèy nou ta ban mwen? Kisa pou m' reponn pèp la k'ap mande m' pou m' fè yon leve men pou yo? Jenn gason kanmarad li yo reponn li: -Men sa w'a di moun sa yo k'ap plenyen pou papa ou ki t'ap peze yo, epi k'ap mande ou fè yon leve men pou yo a. W'a di yo: Si papa m' te di ak nou, mwen menm m'ap pi di pase l'. Wa a pa koute konsèy granmoun yo, li pale di ak pèp la. Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l' konsèy la. Li di yo: -Papa m' te peze nou anba chay lou, mwen menm, m'ap mete sou chay n'ap pote deja a. Papa m' te bat nou ak fwèt, mwen menm, m'ap pase fwèt la anba sann pou nou. (2 Istwa 10:8-10, 13-14)

Benediksyon ak madichon

Benediksyon ak avantaj lè nou chèche konsèy

Siksè

Lè pa gen moun ki konn gouvènen, peyi a pa ka mache. Men, lè gen anpil moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove. (Pwovèb 11:14)
Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p'ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen. (Pwovèb 15:22)
Paske, se pou ou ranje plan ou anvan ou antre nan batay. Plis ou gen moun k'ap ba ou konsèy, plis ou gen chans pou ou genyen batay la. (Pwovèb 24:6)

Direksyon ak gidans

Seyè a di: M'a louvri lespri ou sou anpil bagay. M'a moutre ou chemen pou ou swiv la. M'a ba ou bon konsèy. M'ap voye je sou ou. (Sòm 32:8)
Ou ban m' konsèy pou m' pa pèdi chemen m'. Lèfini, ou resevwa m' lakay ou. (Sòm 73:24)
Pitit mwen, toujou fè sa papa ou di ou fè. Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou. Kenbe pawòl yo nan kè ou, pa janm bliye yo. Mete yo nan kou ou tankou yon kolye. Pawòl sa yo va moutre ou bon chemen nan tou sa w'ap fè. Y'ap pwoteje ou lè w'ap dòmi lannwit. Y'a ba ou konsèy lè je ou klè. (Pwovèb 6:20-22)

Sajès

Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann. (Pwovèb 13:10)
Koute konsèy y'ap ba ou. Louvri zòrèy ou pou aprann. Konsa w'a gen bon konprann jouk ou mouri. (Pwovèb 19:20)

Lajwa nan bay konsèy

Moun k'ap kalkile jan pou yo fè moun mal, se move kou y'ap chache pote. Men, moun k'ap bay bon konsèy ap gen kè kontan. (Pwovèb 12:20)

Madichon/konsekans lè nou pa chèche konsèy oswa lè nou chèche konsèy mechan

Lanmò

Se konsa Sayil mouri paske li pa t' kenbe pawòl li ak Seyè a. Li pa t' obeyi lòd Seyè a te ba li. Li te pito fè yo rele nanm moun mouri pou l' te konnen sa ki tapral rive l', pase pou l' te al mande Seyè a sa. Se poutèt sa Seyè a te touye l', li renmèt gouvènman an nan men David, pitit lzayi a. (1 Istwa 10:13, 14)
Okozyas tou te mache pye pou pye dèyè moun fanmi Akab yo, paske manman l' t'ap ba li move konsèy. Li fè sa ki mal nan je Seyè a paske, apre lanmò papa l', se lòt moun fanmi Akab yo ki vin sèvi tankou konseye wa a. Se sa ki pèdi l' nèt. Li koute konsèy yo, li mete tèt ansanm ak Joram, pitit pitit Akab, wa peyi Izrayèl la, pou al atake Azayèl, wa peyi Siri a. Lame yo kontre yonn ak lòt lavil Ramòt nan peyi Galarad. Moun Siri yo blese Joram. (2 Istwa 22:3-5)
Amasya koupe l' lapawòl, li di li: -Depi kilè mwen te nonmen ou konseye wa a? Pe la, si ou pa bezwen m' fè yo wonpi ou! Pwofèt la rete sou sa l' t'ap di a, men li di: -Koulye a mwen konnen Bondye pran desizyon pou l' fini avè ou vre, paske ou fè sa ou fè a, epi ou pa vle koute konsèy mwen. (2 Istwa 25:16)
Ki jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fè tankou nou pa tande m'. Mwen lonje men ban nou, nou fè tankou nou pa wè m'. Anhan! Se konsa sa ye? Nou voye tout konsèy mwen te ban nou yo jete byen lwen nou. Nou refize kite m' korije nou. Konsa, lè n'a nan ka, m'a ri nou. Lè malè va fè nou tranble, m'a pase nou nan rizib. Lè malè va tonbe sou nou tankou yon van siklòn, lè tray va pase sou nou tankou yon toubouyon, lè lapenn ak kè sere va pran nou, le sa a, n'a rele m', mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m' toupatou, men nou p'ap jwenn mwen. Nou pa t' vle wè konesans, nou te toujou refize gen krentif pou Bondye. Nou pa t' janm vle koute konsèy m' t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m' lè m' t'ap korije nou. Se pou nou rekòlte sa nou te simen an. Se pou nou sibi konsekans vye konsèy nou t'ap swiv yo. Moun ki san esperyans yo mouri paske yo refize aprann. Bann moun fou yo menm, yo pa pran anyen pou anyen, se sa k'ap pèdi yo tou. (Pwovèb 1:24-32)

Kont

Moun awogan yo toujou ap pouse dife. Men, moun ki koute konsèy, se moun ki gen bon konprann. (Pwovèb 13:10)

Plan ki echwe

Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p'ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen. (Pwovèb 15:22)

Echèk

Lè pa gen moun ki konn gouvènen, peyi a pa ka mache. Men, lè gen anpil moun k'ap bay bon konsèy, peyi a sove. (Pwovèb 11:14)

Lòt madichon ak konsekans

Chèf pèp Izrayèl yo pran nan sa yo te pote a, san yo pa mande Seyè a sa li di nan sa. Jozye pase yon kontra ak yo pou yo viv byen yonn ak lòt, li fè kontra ak yo pou li pa touye yo. Chèf pèp Izrayèl yo fè sèman yo p'ap fè yo anyen. (Jozye 9:14-15)
Men, lamenm, yo bliye sa l' te fè pou yo. Yo pa t' tann li fin fè pou yo sa l' te gen nan lide l'. Yo kite lanvi pran pye sou yo nan dezè a, yo t'ap gade ki bò Bondye ye ak yo. Se konsa, Bondye ba yo sa yo te mande l' la. Men, li voye yon move maladi sou yo pou touye yo. (Sòm 106:13-15)
Gen ladan yo ki te rete kote ki te fè nwa a, kote lavi yo te an danje anpil. Yo te prizonye, yo t'ap soufri anba chenn, paske yo te derefize obeyi kòmandman Bondye ki anwo nan syèl la. Yo pa t' okipe konsèy Bondye te ba yo. Li te kraze kouraj yo anba travay di. Yo tonbe atè. pa t' gen pesonn pou ba yo men. (Sòm 107:10-12)