Paran yo responsab pou anseye pitit yo prensip ak pratik lavi ki fè Bondye plezi
Tansèlman, veye kò nou! Atansyon pou nou pa janm bliye bagay nou te wè ak pwòp je nou, pou nou pa janm wete yo nan lide nou pandan tout lavi nou. Okontrè, se pou nou moutre pitit nou ak pitit pitit nou yo tout bagay sa yo. (Deteronòm 4:9)
Pa janm bliye kòmandman m'ap ban nou jòdi a. N'a moutre yo bay pitit nou yo. N'a repete yo nan zòrèy yo, kit nou chita lakay nou, kit n'ap mache sou granchemen, kit nou kouche nan kabann nou, kit nou kanpe ap travay. (Deteronòm 6:6-7)
Fè pawòl m'ap di nou la a antre nan tèt nou pou nou pa janm bliye yo! Mare yo sou ponyèt nou ak sou fwon nou pou nou ka toujou chonje yo. N'a moutre yo bay timoun nou yo, n'a repete yo nan zòrèy yo, nou te mèt lakay nou, nou te mèt ap mache granchemen, nou te mèt kouche nan kabann nou, nou te mèt kanpe ap travay. (Deteronòm 11:18-19)
Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p'ap janm bliye l'. (Pwovèb 22:6)