Bidjè

Yon bon jesyon finansye mande pou ou konnen resous ou pou satisfè bezwen ak reyalize objektif, epi planifikasyon ki gen lòd ak bon konsèy esansyèl pou reyisi ak pou yon lavi ki reflete lapè Bondye.

Konnen sitiyasyon finansye ou

Pou ka satisfè bezwen yo

Chache konnen jan tout bèt ou yo ye. Pran swen yo. Richès pa la pou tout tan. Ou ka pa rive pase tout byen ou bay pitit pitit ou. Lè ou koupe zèb, li pouse ankò. Konsa, toujou gen zèb sou mòn yo. Mouton ou yo ap ba ou lenn pou fè rad met sou ou. Bouk kabrit yo ap rapòte ou lajan pou achte tè pou fè jaden. W'a jwenn kont lèt kabrit pou ou bwè ak fanmi ou ansanm ak moun k'ap sèvi lakay ou. (Pwovèb 27:23-27)

Pou ka reyalize objektif yo avèk siksè

Si yonn nan nou vle fè yon gwo batisman, premye bagay pou l' fè: se pou l' chita pou l' kalkile konbe sa pral koute l' pou l' wè si li gen kont lajan pou l' fin fè travay la. Si l' pa fè sa, l'ap fin poze fondasyon an, epi l' p'ap ka fini batisman an. Lè sa a, tout moun ki va wè sa va pran pase l' nan betiz. (Lik 14:28-29)

Lavi nou ta dwe montre lòd

Men, tout bagay fèt pou fèt avèk respè, avèk disiplen. (1 Korint 14:40)

Seyè a pa yon Bondye dezòd

Paske, Bondye pa rele nou pou nou viv nan fè dezòd, men li rele nou pou nou viv ak kè poze. Tankou sa fèt nan tout legliz pèp Bondye a, (1 Korint 14:33)

Planifikasyon ankouraje

Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè. (Pwovèb 20:18)
Lè ou pran san ou pou ou travay, tou sa w'ap fè ap ba ou benefis. Men, lè ou twò prese, ou p'ap janm gen anyen. (Pwovèb 21:5)
Bon konprann ap fè kay ou kanpe. Bon konesans ap fè l' kanpe fèm. Kote ki gen konesans, pyès kay yo plen ak bon bagay ki koute chè. (Pwovèb 24:3-4)