Pati nou

Bondye bay limanite otorite sou tè a, li mete nou kòm jeran ki responsab byen Li yo. Jesyon fidèl, obeyisans ak konfyans nan Bondye pote benediksyon, men dezobeyisans ak konfyans nan tèt nou pote konsekans.

Seyè a bay moun otorite sou tè a

Li ba yo benediksyon, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a. Donte tè a. Mwen ban nou pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou zwazo ki nan syèl la, ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou tè a. (Jenèz 1:28)
(08:7) Ou mete yo pou yo donminen sou tou sa ou fè, ou mete tout bagay anba pye yo: (Sòm 8:6)
Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo. (Sòm 115:16)
Okontrè, jan yo ekri sa yon kote nan Liv la: Bondye o, kisa moun ye pou w'ap chonje yo konsa? Kisa moun ki fèt pou mouri yo ye menm pou w'ap pran ka yo konsa? Ou fè yo yon ti jan pi ba pase zanj yo pou yon ti tan. Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo tout lwanj ak tout respè. Ou mete tout bagay anba pye yo. Liv la di Bondye mete tout bagay anba pye lèzòm, sa vle di pa gen anyen ki pa sou zòd yo. Men, nou wè koulye a moun pa gen pouvwa sou tout bagay. (Ebre 2:6-8)

Parabòl ki montre Seyè a bay moun otorite sou byen Li

Vwala, se va tankou yon nonm ki tapral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo. (Matye 25:14)

Pozisyon nou se pozisyon yon jeran

Egzanp jeran

Abraram te gen yon domestik ki te pi ansyen pase tout lòt yo. Se li menm ki te jeran reskonsab tout byen li yo. Abraram di l' konsa: -Men, mete men ou nan fant janm mwen, fè sèman. (Jenèz 24:2)
Potifa te kontan ak Jozèf ak jan li t'ap sèvi li. Li mete l' reskonsab kay li, li renmèt li tout sa li te genyen. Depi lè Potifa te renmèt kay li ansanm ak tout sa li te genyen bay Jozèf, Seyè a beni kay moun peyi Lejip la poutèt Jozèf. Seyè a beni tout sa li te gen lakay li ak nan jaden l'. Potifa te lage tout zafè l' nan men Jozèf. Li pa t' okipe anyen ankò, se annik vin chita manje. Jozèf te vin yon bèl gason byen kanpe. (Jenèz 39:4-6)
Se konsa madanm mèt li a vin tonbe pou li. Li di l': -vin kouche avè m' non! Men Jozèf derefize, li di l': -Mèt mwen an pa okipe anyen k'ap pase nan kay li a, paske mwen la. Li lage tout bagay nan men m'. Mwen gen menm otorite avè l' nan kay la, li pa defann mwen manyen anyen, esepte ou menm, paske se madanm li ou ye. Ki jan ou ta vle pou m' fè yon bagay konsa, pou m' fè peche sa a kont Bondye? (Jenèz 39:7-9)
Si se mwen ki te chwazi tèt mwen pou fè travay sa a, mwen ta ka gen espwa resevwa lajan pou sa. Men, si se fòse yo fòse m' fè travay sa a, lè sa a se yon reskonsablite Bondye ban mwen. (1 Korint 9:17)

Jeran yo gen kèk responsablite

Rekonèt Seyè a kòm mèt byen yo epi transfere pwopriyete a ba Li

Ou dwe bay Seyè a pwopriyete byen ou pou ou ka yon disip

Jezi di yo ankò: Konsa tou, nou yonn la a pa kab disip mwen, si l' pa detache kè l' sou tou sa l' genyen. (Lik 14:33)

Kite tout bagay pou swiv Seyè a pote benediksyon

Lè sa a, Pyè di li: Men, koute non. Nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Kisak pral rive nou? Jezi reponn yo: Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Lè Moun Bondye voye nan lachè a va chita sou fòtèy li ak tout bèl pouvwa li, lè tout bagay va chanje nèt, nou menm k'ap swiv mwen, n'a chita sou douz fòtèy tou, pou nou ka jije douz branch ras Izrayèl la. Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l', osinon sè l', osinon papa l', osinon manman l', osinon pitit li, osinon jaden l', poutèt mwen, moun sa a gen pou l' resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an. (Matye 19:27-29)
Lè sa a, Pyè di li: -Men koute non, nou kite tout bagay pou nou swiv ou. Jezi reponn li: -Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt moun ki kite kay li, osinon frè l', osinon manman l', osinon papa l', osinon pitit li, osinon jaden l', pou sèvis mwen ak pou sèvis bon nouvèl la, moun sa a gen pou l' resevwa, depi koulye a, nan tan sa a, san (100) fwa plis pou sa l' te kite a: kay, frè, sè, manman, pitit, jaden ansanm avèk tout kalite pèsekisyon; epi nan tan k'ap vini apre sa a, li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an. (Mak 10:28-30)
Lè sa a, Pyè di l': Tande, men nou kite tou sa nou te genyen pou nou swiv ou. Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Nenpòt moun ki kite kay li, osinon madanm li, osinon frè l', osinon papa l' ak manman l', osinon pitit li poutèt peyi kote Bondye Wa a, moun sa a gen pou l' resevwa plis pase sa depi nan tan sa a, epi nan tan k'ap vini apre sa a li gen pou l' resevwa lavi ki p'ap janm fini an. (Lik 18:28-30)

Egzanp moun ki kite tout bagay pou swiv Seyè a

Lamenm, Jezi rele yo. Yo kite Zebede, papa yo, nan kannòt la ansanm ak ouvrye yo. Y' ale avèk Jezi. (Mak 1:20)
Yo mennen kannòt yo atè, yo kite tout bagay, y' ale avèk Jezi. (Lik 5:11)
Apre sa, Jezi soti, li wè yon pèseptè kontribisyon yo te rele Levi. Li te chita devan biwo travay li. Jezi di l' konsa: Swiv mwen. Levi annik leve, li kite tout bagay, li swiv Jezi. (Lik 5:27-28)

Parabòl ki montre kite tout bagay pou swiv Seyè a

Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon ja lajan ki te anba tè nan yon jaden. Yon nonm rive jwenn li, li kouvri l' ankò. Li sitèlman kontan, li ale, li vann tou sa l' genyen, li tounen vin achte jaden an. Peyi Wa ki nan syèl la, se tankou yon machann k'ap chache bèl grenn pèl. Lè li jwenn yon bèl grenn pèl ki chè anpil, li ale, li vann tou sa l' genyen pou l' ka achte li. (Matye 13:44-46)

Rete fidèl

Yon sèl bagay yo mande yon jeran, se pou l' yon moun serye. (1 Korint 4:2)

Benediksyon fidelite

Yon nonm ki serye nan sa l'ap fè ap jwenn anpil benediksyon. Men, yo p'ap manke pini moun k'ap prese pou l' rich. (Pwovèb 28:20)
Se pou sa tou, nou menm se pou nou toujou pare, paske Moun Bondye voye nan lachè a ap vini lè nou pa ta kwè. Ki moun ki ka di li se yon jeran entelijan ki fè tout travay li byen? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje. Se va bèl bagay pou domestik la si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay li. (Matye 24:44-46)

Beni ak yon kominyon pi entim ak Seyè a

Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou. (Matye 25:21)

Beni ak plis responsablite

Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè. Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou. Domestik ki te resevwa demil goud la pwoche apre sa, li di: Mèt, ou te ban mwen demil goud, men demil goud benefis mwen fè. Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. vin fè fèt avèk mèt ou. (Matye 25:20-23)
Jezi reponn li: Ki moun ki ka di li se yon jeran ki fè tout travay li byen, epi ki konn kenbe tèt li anplas? Se moun sa a mèt kay la va mete pou veye sou tout moun nan kay la, pou bay lòt domestik yo manje lè pou yo manje. Se va bèl bagay pou domestik sa a, si mèt la jwenn li ap fè travay li lè l' tounen lakay la. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: mèt la va mete l' reskonsab tout byen l' yo. (Lik 12:42-44)
Men sa l' di yo: Vwala, se te yon nonm gran fanmi ki te al nan yon peyi byen lwen. Li te al fè yo ba l' otorite pou l' wa, apre sa pou l' te tounen lakay li ankò. Anvan li ale, li rele dis nan domestik li yo, li ba yo chak yon pyès lò, li di yo: Fè lajan an travay jouk mwen tounen. Men, pwòp moun peyi l' yo te rayi li. Yo voye kèk mesaje dèyè l' pou di: Nou pa vle nonm sa a pou wa nou. Malgre sa, yo bay nonm lan otorite pou l' wa, epi l' tounen nan peyi li. Lè sa a, li fè rele domestik li te bay lajan yo pou yo vin kote l': li te bezwen konnen ki benefis yo chak te fè. Premye a vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte dis pyès ankò. Wa a di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik. M'ap mete ou gouvènen dis vil, paske ou te fè ti travay sa a byen. Dezyèm lan vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte senk lòt pyès. Wa a di l': Ou menm, m'ap mete ou gouvènen senk vil. Yon lòt vini, li di: Monwa, men pyès lò ou la. Mwen te sere l' nan yon mouchwa. Mwen te pè ou, paske ou se yon nonm ki di: ou pran sa ki pa pou ou, ou rekòlte sa ou pa simen. Wa a reponn: Gade jan ou se yon move domestik! M'ap jije ou ak pawòl ki sot nan bouch ou. Ou te konnen m' se yon nonm ki di, mwen pran sa ki pa pou mwen, mwen rekòlte sa m' pa simen, poukisa ou pa t' mete lajan m' labank; lè m' ta tounen, mwen ta wete l' ak yon enterè. Li di moun ki te la yo: Wete lajan an nan men li. Bay nonm ki gen dis pyès yo li. Yo di l': Men, monwa, li gen dis pyès deja. Mwen di nou: Moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò; men moun ki pa gen anyen menm lan, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an. (Lik 19:12-26)

Modi pou enfidelite

Men, si domestik sa a se yon move moun, l'ap di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. L'ap tonbe bat kanmarad li yo, l'ap rete ap plede manje, ap plede bwè ak tafyatè. Mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. L'ap rachonnen msye anba kou, l'ap regle avè l' menm jan yo regle ak moun ipokrit yo. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan. (Matye 24:48-51)
Vwala, se va tankou yon nonm ki tapral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo. Li bay yonn senkmil (5.000) goud, li bay yon lòt demil (2.000) goud, li bay yon twazyèm mil (1.000) goud. Konsa li bay yo chak dapre sa l' konnen yo ka fè. Lèfini, li pati. Lamenm, domestik ki te resevwa senkmil (5.000) goud la al fè lajan an travay. Li rapòte l' senkmil (5.000) goud benefis. Konsa tou, domestik ki te resevwa demil (2.000) goud la fè demil (2.000) goud benefis. Sa ki te resevwa mil (1.000) goud la menm ale, li fouye yon twou nan tè, li sere lajan mèt la. Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo. Domestik ki te resevwa senkmil goud la pwoche, li pote senkmil goud benefis la ba li, li di: Mèt, ou te ban mwen senkmil goud. Men senkmil goud benefis mwen fè. Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè toujou. vin fè fèt avèk mèt ou. Domestik ki te resevwa demil goud la pwoche apre sa, li di: Mèt, ou te ban mwen demil goud, men demil goud benefis mwen fè. Mèt la di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik ki travay byen. Paske ou te fè ti travay sa a byen, m'ap mete ou reskonsab pi gwo zafè ankò. vin fè fèt avèk mèt ou. Apre sa, domestik ki te resevwa sèlman mil goud la pwoche, li di: Mèt, mwen konnen ou se yon nonm ki di. Ou rekolte kote ou pa t' simen, ou ranmase kote ou pa t' plante. Mwen te pè, se sak fè mwen te al sere mil goud ou a anba tè. Men, pran lajan ou. Mèt la reponn li: Gade jan ou se yon move domestik, ou parese konsa! Ou te konnen mwen rekolte kote mwen pa t' simen, mwen ranmase kote mwen pa t' plante. Enben, se pou ou te mete lajan m' labank. Lè m' ta tounen, mwen ta wete manman lajan an ak yon enterè sou li. Wete mil goud la nan men l', pran l' bay sa ki gen dimil (10.000) goud la. Paske, moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò; konsa la gen depase sa l' bezwen an. Men, moun ki pa gen anyen an, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an. Kanta domestik ki pa vo anyen an, jete l' deyò nan fènwa a. Se lè sa a va gen rèl, se lè sa a va gen manje dan. (Matye 25:14-30)
Men, si domestik sa a te di nan kè l': Mèt mwen ap fè reta. Li poko ap vini. Epi, li tonbe bat lòt sèvitè yo, fi kou gason, li rete ap plede manje, bwè jouk li sou; mèt domestik sa a va rive jou l' pa t'ap tann, yon lè li p'ap konnen. L'ap rachonnen l' anba kou, l'ap aji avè l' menm jan yo aji ak moun ki pa fè travay yo. Yon domestik ki konnen sa mèt li vle, men ki pa janm pare epi ki pa fè sa mèt la vle, domestik sa a anba kou. (Lik 12:45-47)
Men sa l' di yo: Vwala, se te yon nonm gran fanmi ki te al nan yon peyi byen lwen. Li te al fè yo ba l' otorite pou l' wa, apre sa pou l' te tounen lakay li ankò. Anvan li ale, li rele dis nan domestik li yo, li ba yo chak yon pyès lò, li di yo: Fè lajan an travay jouk mwen tounen. Men, pwòp moun peyi l' yo te rayi li. Yo voye kèk mesaje dèyè l' pou di: Nou pa vle nonm sa a pou wa nou. Malgre sa, yo bay nonm lan otorite pou l' wa, epi l' tounen nan peyi li. Lè sa a, li fè rele domestik li te bay lajan yo pou yo vin kote l': li te bezwen konnen ki benefis yo chak te fè. Premye a vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte dis pyès ankò. Wa a di l': Sa se bèl bagay. Ou se yon bon domestik. M'ap mete ou gouvènen dis vil, paske ou te fè ti travay sa a byen. Dezyèm lan vini, li di: Monwa, pyès lò ou te ban mwen an rapòte senk lòt pyès. Wa a di l': Ou menm, m'ap mete ou gouvènen senk vil. Yon lòt vini, li di: Monwa, men pyès lò ou la. Mwen te sere l' nan yon mouchwa. Mwen te pè ou, paske ou se yon nonm ki di: ou pran sa ki pa pou ou, ou rekòlte sa ou pa simen. Wa a reponn: Gade jan ou se yon move domestik! M'ap jije ou ak pawòl ki sot nan bouch ou. Ou te konnen m' se yon nonm ki di, mwen pran sa ki pa pou mwen, mwen rekòlte sa m' pa simen, poukisa ou pa t' mete lajan m' labank; lè m' ta tounen, mwen ta wete l' ak yon enterè. Li di moun ki te la yo: Wete lajan an nan men li. Bay nonm ki gen dis pyès yo li. Yo di l': Men, monwa, li gen dis pyès deja. Mwen di nou: Moun ki genyen deja a, y'a ba li ankò; men moun ki pa gen anyen menm lan, y'a wete nan men l' menm ti sa l' te genyen an. (Lik 19:12-26)

Egzanp jeran ki pa fidèl

Jezi di disip li yo: Vwala, se te yon nonm rich ki te gen yon jeran. Yo vin rapòte l' jan jeran an ap gaspiye tout byen l' yo. Li rele jeran an, li di li: Kisa m' tande y'ap di sou ou konsa? vin fè regleman travay ou avè m', paske mwen p'ap kite byen m' yo sou kont ou ankò. Jeran an di nan kè l': Patwon an pral kase m' nan djòb sa a; kisa m' pral fè koulye a? Mwen pa gen fòs pou m' al travay latè. Epi se va yon wont pou m' al mande charite! Bon, mwen konn sa m' pral fè pou lè m' pèdi djòb mwen m'a toujou gen moun ki pou resevwa m' lakay yo. Jeran an fè rele tout moun ki te dwe mèt la, li fè yo vini yonn apre lòt. Li di premye a: Konbe ou dwe mèt la? Li reponn: Mwen dwe l' san (100) bidon lwil. Msye di l': Men papye ou la, chita, ekri senkant. Fè vit. Apre sa, li di yon lòt; Ou menm, konbe ou dwe? Li reponn: San sak (100) mayi. Msye di l': Men papye ou la, ekri katreven. Nonm rich la fè jeran visye a konpliman dapre li te aji ak ladrès sa a. Paske moun k'ap viv dapre prensip lemonn yo regle zafè yo pi byen pase moun ki gen limyè a. (Lik 16:1-8)

Obeyi/chèche Seyè a

Benediksyon obeyisans/lè nou chèche Seyè a

Si nou koute tou sa mwen mande nou la a, si nou kenbe yo nan tèt nou, si nou swiv yo pwen pa pwen, Seyè a, Bondye nou an, va toujou kenbe kontra li te pase ak zansèt nou yo, l'ap toujou renmen nou jan li te fè sèman bay zansèt nou yo. L'a renmen nou, l'a beni nou, l'a fè nou peple. L'a ban nou anpil pitit. L'a voye benediksyon sou jaden nou, n'a gen anpil manje, anpil diven ak anpil lwil. Bèf nou yo va bay anpil pòte, mouton nou yo va fè anpil pitit. L'a fè tou sa pou nou nan peyi li te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an. (Deteronòm 7:12-13)
Konsa, p'ap gen moun pòv nan mitan nou, paske Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi l'ap ban nou pou byen eritaj nou an, nan peyi nou pral pran pou nou an. Men, se pou nou toujou obeyi Seyè a, se pou nou swiv pwen pa pwen tout kòmandman m'ap ban nou jòdi a. Wi, Seyè a, Bondye nou an, va beni nou, jan li te pwomèt nou an, konsa n'a gen lajan pou prete anpil lòt nasyon. Men, nou menm nou p'ap janm bezwen prete nan men pesonn. N'a donminen sou anpil lòt pèp. Men, yo yonn p'ap gen pye sou kou nou. (Deteronòm 15:4-6)
Si nou koute Seyè a, Bondye nou an, si nou fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, Seyè a va fè nou tounen nasyon ki pi gran pase tout lòt nasyon ki sou latè. Wi, si nou koute Seyè a, Bondye nou an, men benediksyon l'ap vide sou nou: Seyè a va beni nou lavil kou andeyò. Seyè a va beni pitit nou yo, rekòt jaden nou yo, pòte bèf nou yo, pòte kabrit nou yo, pòte mouton nou yo ak pòte tout lòt bèt nou yo. Seyè a va beni rekòt ble nou ak rekòt farin nou. Seyè a va beni nou nan tou sa n'ap fè, depi nan mete men jouk nou bout. Seyè a va fè nou kraze tout lènmi ki va atake nou. Lè y'ap vin sou nou, y'a mache ansanm sou yon sèl chemen. Men, y'a gaye toupatou lè y'ap kraze rak pou nou. Seyè a va beni nou tout tan, l'a beni depo manje nou, l'a beni tou sa n'ap fè. L'a beni nou nan peyi Seyè a, Bondye nou an, va ban nou an. Si nou fè tou sa Seyè a, Bondye nou an, mande nou fè, si nou viv jan li vle nou viv la, n'a yon pèp k'ap viv apa nèt pou Seyè a, Bondye nou an, jan l' te fè nou pwomès la. Lè sa a, tout pèp sou latè va wè Seyè a te chwazi nou pou pote non l', y'a gen respè pou nou. Seyè a va kouvri nou ak benediksyon, l'a ban nou anpil pitit, anpil bèt ak anpil rekòt nan peyi Seyè a te pwomèt zansèt nou yo l'ap ban nou an. L'a rete nan syèl la, l'a louvri trezò li, l'a voye lapli sou peyi a lè sezon an va rive, l'a beni tout travay n'ap fè. N'a gen pou nou prete tout moun. Nou p'ap janm bezwen mande pesonn prete. Seyè a va mete nou devan, nou p'ap janm dèyè. N'a toujou anwo, nou p'ap janm anba, depi nou swiv tout lòd Seyè a, Bondye nou an, depi nou fè tou sa mwen mande nou fè jòdi a, san nou pa janm kite chemen li mete devan nou an pou n' ale dèyè lòt bondye pou nou sèvi yo. (Deteronòm 28:1-14)
N'a kenbe kontra sa a. N'a fè tou sa ki di ladan l' pou nou ka reyisi nan tout sa n'ap fè. (Deteronòm 29:9)
Seyè a, Bondye nou an, va kouvri nou anba benediksyon. Li va fè tout zafè nou mache byen, l'a ban nou anpil pitit, l'a ban nou anpil bèt, l'a fè jaden nou yo bay bèl rekòt. Paske, Seyè a va pran plezi ankò pou l' fè nou viv ak kè kontan, menm jan li te pran plezi fè sa pou zansèt nou yo. Men, n'a gen pou nou koute Seyè a, Bondye nou an, n'a gen pou nou kenbe tout kòmandman li yo ak tout regleman li yo, tou sa ki ekri nan liv lalwa a. Wi, se pou nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou. (Deteronòm 30:9-10)
Gade. Jòdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bò, lanmò ak madichon yon bò. Se nou ki pou chwazi. Sa m'ap mande nou jòdi a, se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, se pou nou viv jan li vle l' la, se pou nou fè tou sa li mande nou fè nan kòmandman li yo, nan lòd li yo ak nan regleman li yo. Konsa, n'a gen lavi, n'a gen anpil pitit. Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi nou pral pran pou rele nou pa nou an. (Deteronòm 30:15-16)
Se pou pawòl ki nan liv lalwa a toujou nan bouch ou. Se pou w'ap kalkile yo nan tèt ou lajounen kou lannwit, pou ou ka viv dapre sa ki ekri nan liv la. Se konsa w'a mennen bak ou byen. Tout zafè ou va mache byen. (Jozye 1:8)
Se pou ou fè tou sa Seyè a, Bondye ou la, va ba ou lòd fè. W'a fè volonte Bondye, w'a mache dapre lòd, kòmandman, regleman ak prensip li bay yo jan sa ekri nan liv Lalwa Moyiz la, pou tout zafè ou mache byen kote ou pase, nan tou sa w'ap fè. (1 Wa 2:3)
Mwen mande Seyè a pou l' ba ou bon konprann ak anpil lespri, pou lè l'a mete ou chèf nan peyi Izrayèl la, ou ka toujou fè tou sa ki nan Lalwa Seyè a, Bondye ou la. Konsa, tout bagay va mache byen pou ou si ou veye kò ou pou ou mennen bak ou dapre lòd ak regleman Seyè a te bay Moyiz pou pèp Izrayèl la. Mete gason sou ou, kenbe fèm! Pa kite anyen fè ou pè. (1 Istwa 22:12-13)
Koulye a, devan tout pèp Izrayèl la, pèp Bondye a ki sanble isit la, ak devan Bondye nou k'ap koute nou an, mwen mande pou nou kenbe tout kòmandman Seyè a, Bondye nou an, ban nou pou bèl peyi nou sa a toujou rete pou nou. Konsa, nou ka kite l' pou pitit nou yo jouk sa kaba. (1 Istwa 28:8)
Si se nan Seyè a ou pran tout plezi ou, l'a ba ou tou sa ou ta renmen. (Sòm 37:4)
Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bon sa bon pou ou, ou menm ki gen krentif pou Seyè a, ou menm k'ap mache nan chemen li mete devan ou lan! Avèk travay ou fè ak men ou, w'ap jwenn manje pou ou manje, w'ap kontan, zafè ou ap mache byen. (Sòm 128:1-2)

Egzanp obeyisans ak benediksyon

Li te kenbe Bondye li fèm, li pa t' janm dezobeyi l'. Li te fè tou sa Seyè a te mande dapre lòd Seyè a te bay Moyiz. Se poutèt sa, Seyè a te toujou la avè l'. Tou sa li te fè te byen soti. Ezekyas kenbe tèt ak wa peyi Lasiri a. Li derefize soumèt devan li. (2 Wa 18:6-7)
Li di moun peyi Jida yo: -Annou ranfòse defans lavil yo! Annou bati miray ranpa ak fò pou pwoteje yo ak pòtay solid ak gwo ba pou fèmen yo. Peyi a nan men nou toujou, paske nou te fè volonte Seyè a, Bondye nou an. Se li menm ki pwoteje nou, li fè nou viv byen san kont ak tout vwazen nou yo. Se konsa yo mete men nan travay la jouk yo fini l'. (2 Istwa 14:7)
Pandan toutan Zakari te la pou moutre l' jan pou l' gen krentif Bondye a li t'ap sèvi Seyè a san mank. Pandan tout tan li t'ap sèvi Seyè a, Bondye te fè zafè l' mache byen. (2 Istwa 26:5)
Se konsa Ezekyas te fè nan tout peyi Jida a. Li te fè sa ki byen, sa ki dwat ak tout kè li devan Seyè a, Bondye li a. Nan tou sa li te fè pou sèvis Tanp Bondye a, pou lalwa ak pou kòmandman Bondye yo, li te chache fè volonte Bondye ak tout kè li. Se poutèt sa tout bagay te mache byen pou li. (2 Istwa 31:20-21)
N'a pran estati zidòl nou yo ki kouvri ak ajan ansanm ak lò sou tout kò yo pou bagay k'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye, n'ap voye yo jete tankou vye bagay sal, n'a di yo: Soti devan je nou! Lè n'a plante grenn nan jaden nou, Bondye va voye lapli pou l' fè yo pouse. L'a fè tè a bay manje k'ap bon nan bouch nou, manje k'ap ban nou fòs. N'a gen kont kote pou nou mennen bèt nou yo al manje. (Ezayi 30:22-23)

Madichon dezobeyisans/lè nou pa chèche Seyè a

Men tou, si nou pa koute Seyè a, Bondye nou an, si nou pa fè tou sa mwen ban nou lòd fè jòdi a, si nou pa swiv regleman mwen ban nou yo, men madichon l'ap ban nou epi k'ap tonbe sou nou: Madichon Bondye va tonbe sou nou nan lavil kou andeyò. Madichon Bondye va tonbe sou rekòt ble nou ak sou rekòt farin nou. Madichon Bondye va tonbe sou pitit nou yo, sou rekòt jaden nou yo, sou pòte bèf, pòte kabrit ak pòte mouton nou yo. Moun nou pa janm konnen va manje tou sa ki nan jaden nou ak tout pwofi travay nou. Se tout tan y'a malmennen nou, y'a maltrete nou. (Deteronòm 28:15-18, 33)
Tout giyon sa yo va tonbe sou nou. Kote nou pase y'a pase dèyè nou. Y'a rete sou nou jouk y'a fini nèt ak nou. Tou sa, paske nou pa t' koute sa Seyè a, Bondye nou an, di nou, nou pa t' fè tou sa li te mande nou fè nan lòd ak regleman li te ban nou yo. Madichon sa yo va sèvi ni pou nou ni pou pitit nou yo pou moutre nou kalite mèvèy ak mirak Bondye ka fè. Bondye te ban nou tou sa nou te bezwen. Men malgre sa, nou pa t' sèvi l' tout bon ak kè kontan. Se poutèt sa, nou pral sèvi lènmi Seyè a pral voye sou nou. Nou pral soufri grangou, swaf dlo, toutouni, dizèt ak tout kalite mizè. Seyè a pral fè lènmi yo kraze nou anba men yo, jouk y'a fini nèt ak nou. Menm jan Seyè a, Bondye nou an, te pran plezi pou l' te fè nou byen, pou l' te fè nou vin anpil la, se konsa tou l'a pran plezi pou l' fè nou pèdi tout bagay, pou l' fini nèt ak nou. L'a rache nou met deyò nan peyi kote nou pral antre a, peyi nou pral pran pou nou rete a. (Deteronòm 28:45-48, 63)
Gade. Jòdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bò, lanmò ak madichon yon bò. Se nou ki pou chwazi. Sa m'ap mande nou jòdi a, se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, se pou nou viv jan li vle l' la, se pou nou fè tou sa li mande nou fè nan kòmandman li yo, nan lòd li yo ak nan regleman li yo. Konsa, n'a gen lavi, n'a gen anpil pitit. Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi nou pral pran pou rele nou pa nou an. Men, si nou vire do ba li, si nou derefize koute l', si nou kite yo pran tèt nou pou n' al mete ajenou devan lòt bondye, pou n' al fè sèvis pou yo, m'ap avèti nou depi koulye a: nou tout gen pou mouri. Nou p'ap viv lontan nan peyi lòt bò larivyè Jouden kote nou pral antre pou nou pran pou nou an. (Deteronòm 30:15-18)
Tout moun ki pa mache dapre lalwa Bondye ou la osinon dapre lòd wa a bay la, se pou yo san pitye pou yo lè y'ap pini yo pou sa yo fè a. Sa pou yo touye y'a touye. Sa pou yo depòte y'a depòte. Sa pou yo fè peye amann y'a fè peye amann. Sa pou yo mete nan prizon y'a mete nan prizon! (Esdras 7:26)

Egzanp dezobeyisans ak madichon

Yo vire do bay Seyè a, y' al fè sèvis pou Baal yo ak Astate yo. Seyè a vin an kòlè sou pèp Izrayèl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lènmi ki toupatou bò kote yo mete pye sou kou yo. Yo pa t' ka kenbe tèt devan lènmi yo ankò. (Jij 2:13-14)
Se konsa Joram resevwa yon lèt pwofèt Eli te voye ba li. Nan lèt la pwofèt la di: -Men sa Seyè a, Bondye David, zansèt w'a a, voye di ou: Ou pa swiv egzanp Jozafa, papa ou, ni egzanp Asa, granpapa ou. Ou te pito swiv egzanp wa peyi Izrayèl yo. Ou lakòz peyi Jida a ak tout moun lavil Jerizalèm yo vire do bay Bondye tankou moun fanmi Akab yo te fè l' la. Ou menm rive touye frè ou yo, pwòp pitit papa ou yo, ki te pi bon pase ou. Se poutèt sa, Seyè a pral voye yon gwo malè sou pèp la, sou pitit ou yo, sou madanm ou yo ak sou tou sa ou genyen. Lè sa a, te gen kèk moun Filisti ak moun Arabi ki t'ap viv toupre ak moun Letiopi yo. Seyè a fè yo vin atake Joram. Yo anvayi peyi Jida, yo piye palè wa a, yo fè tout madanm li yo prizonye ansanm ak tout pitit gason l' yo. Sèl pitit gason yo te kite pou li se te Joakaz, ti dènye a. (2 Istwa 21:12-14, 16, 17)
Lè sa a, lespri Bondye desann sou Zakari, pitit gason Jeojada, prèt la. li al kanpe yon kote pou tout pèp la wè l', li di yo konsa: -Seyè a, Bondye a mande poukisa nou pa vle swiv kòmandman li yo kifè n'ap rale malè sou nou konsa? Nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou! (2 Istwa 24:20)
Nan tou sa ki rive nou an, ou te gen rezon ou nan pla men ou. Paske, ou menm ou toujou kenbe pawòl ou. Se nou menm ki toujou ap fè sa ki mal. Wi, wa nou yo, chèf nou yo, prèt nou yo ak zansèt nou yo pa t' fè sa ki nan lalwa ou la. Yo pa t' koute kòmandman ak avètisman ou te ba yo. Lè yo t'ap viv nan peyi yo a avèk pwòp wa yo, avèk tout gwo benediksyon ou te ba yo, nan gwo peyi plen bon venn tè ou te mete nan men yo a, yo pa t' sèvi ou, yo pa t' sispann fè move bagay. Jòdi a, nou tounen esklav nan pwòp peyi nou, nan peyi ou te bay zansèt nou yo, pou yo te ka pwofite rekòt tè a bay ak tout lòt riches ki ladan l'. Nou tounen esklav lakay nou! (Neemi 9:33-36)
Mwen reponn: -Chèf nou yo fin pèdi tèt yo. Yo pa mande Bondye konsèy. Se poutèt sa yo pa t' kapab fè anyen. Yo kite pèp la andebandad. (Jeremi 10:21)
Ou pran bijou lò ak bijou ajan mwen te ba ou yo, ou bay yo pou yo fè estati gason. Epi ou kouche ak estati yo. Ou biye estati ou yo ak bèl rad bwode mwen te ba ou yo. Ou pran lwil ak lansan ki te pou mwen yo, ou ofri yo bay estati ou yo. Mwen te ba ou pi bon kalite farin pou fè pen pou ou manje ansanm ak siwo myèl ak lwil. Ou pran yo, ou ofri yo bay zidòl ou yo, ou boule yo nan dife pou yo te ka ba ou chans. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di wi, se sa ou fè. M'ap lage ou nan men yo, yo pral demoli dènye lotèl repozwa ou fè pou zidòl ou yo, kote w'ap fè jennès la. Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou yo, y'ap kite ou toutouni. (Ezekyèl 16:17-19, 39)
Ki jan nou fè pa wont rete nan gwo kay nou byen alèz, epi nou kite kay Bondye a tou kraze? Bon. Koulye a, men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a. Nou simen anpil grenn nan jaden nou, men nou rekòlte ti kras. Nou manje, men vant nou pa plen. Nou bwè diven, men kè nou pa kontan. Nou gen rad pou mete sou nou, men fredi ap kale nou toujou. Travayè yo touche lajan, men sa pa ka bouche yon twou dan. Wi! Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di nou: Kalkile byen sou sa k'ap rive nou la a! Lèfini, ale nan mòn yo. Koupe bwa pote vini. Rebati kay mwen an. Sa va fè m' plezi, se va yon lwanj pou mwen. Se Seyè a ki di sa. Nou te kwè nou t'ap fè bèl rekòt. Men, rekòt la mèg. Nou ranmase l' mete nan depo, mwen fè l' gate. Poukisa mwen fè sa? Se Seyè ki gen tout pouvwa k'ap pale wi. Se paske nou kite tanp mwen an ap kraze epi tout moun ap prese bati kay pa yo. Se poutèt sa, lapli pa tonbe, anyen pa pouse. Mwen lage yon sèl chechrès nan peyi a, sou mòn yo, sou jaden ble yo, sou jaden rezen yo ak jaden oliv yo, sou tou sa k'ap pouse sou latè, sou moun, sou bèt, sou tout sa nou plante. (Aje 1:4-11)
Men sa Seyè a di ankò: -Depi jòdi a, kalkile byen sou sa ki rive nou. Anvan nou te konmanse rebati kay ki apa pou Seyè a, ki jan sa te ye pou nou? Nou te al fè rekòt nan yon jaden ble, nou te konprann nou t'ap jwenn vin barik, se dis ase nou jwenn. N' al chache diven nan yon barik depo, nou te konprann nou t'ap jwenn senkant galon, se vin galon ase nou jwenn. Mwen voye lawouy ak lagrèl gate tou sa nou te plante ak men nou. Mwen fè yo kanni. Men, nou yonn pa tounen vin jwenn mwen. Se Seyè a ki di sa. (Aje 2:15-17)

Mete konfyans nan Seyè a, pa nan tèt nou oswa nan byen nou

Benediksyon/pwosperite pou moun ki mete konfyans nan Seyè a

Lwanj pou Seyè a! Ala bon sa bon pou moun ki gen krentif pou Seyè a, ki pran tout plezi l' nan fè sa li mande! Li alèz lakay li, li gen anpil richès. L'ap toujou fè sa ki dwat devan Bondye. (Sòm 112:1, 3)
Soumèt ou devan Bondye, gen krentif pou li: W'a gen richès, y'a nonmen non ou, w'a viv lontan. (Pwovèb 22:4)
Moun ki anvi tout pou yo ap toujou nan kont. Men, moun ki mete konfyans yo nan Seyè a p'ap janm manke anyen. (Pwovèb 28:25)

Konsekans lè nou mete konfyans nan tèt nou oswa nan byen nou

Moun ki mete konfyans yo nan byen yo ap tonbe tankou fèy chèch. Men, moun k'ap mache dwat yo ap pouse tankou boujon. (Pwovèb 11:28)
Men sa Seyè a di ankò: -Madichon pou moun ki vire do ban mwen pou mete konfyans yo nan moun parèy yo, pou konte sou sa moun ap fè pou yo. Y'ap tankou yon ti pyebwa nan dezè k'ap pouse nan yon tè sèk, san dlo, nan yon tè sale kote pèsonn pa rete. Yo p'ap janm wè zafè yo mache byen. (Jeremi 17:5-6)
Ou te mete konfyans ou nan fòs ou ak nan richès ou yo! Ou menm tou, lènmi ap anvayi ou! Y'ap depòte Kemòch, bondye ou la, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo. (Jeremi 48:7)
Poukisa n'ap fè grandizè konsa? Jan nou te kontan fon nou yo! Men fon yo tonbe. Bann moun tèt di, nou te mete konfyans nou nan richès nou. Nou t'ap di: Pa gen moun ki ka penmèt yo atake nou! Mwen pral fè yon sèl laperèz pran nou. Se mwen menm sèl mèt la, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. Mwen pral fè tout vwazen nou yo fè nou tranble. Yo pral gaye nou. Chak moun pral kouri ale sou bò pa yo. P'ap gen pesonn pou fè yo sanble ankò. (Jeremi 49:4-5)

Nou gen pou rann kont pou jan nou jere

Vwala, se va tankou yon nonm ki tapral pati pou yon vwayaj. Li rele domestik li yo, li mete yo reskonsab byen li yo. Lontan apre sa, mèt domestik yo tounen, li pran fè regleman ak yo. (Matye 25:14, 19)
Li rele jeran an, li di li: Kisa m' tande y'ap di sou ou konsa? vin fè regleman travay ou avè m', paske mwen p'ap kite byen m' yo sou kont ou ankò. (Lik 16:2)
Men, anvan tout bagay, nou vle fè Seyè a plezi, kit nou nan kò sa a, kit nou kite li. Paske, nou tout nou gen pou n' konparèt devan Kris la pou li ka jije nou. Lè sa a, chak moun va resevwa sa ki pou li dapre byen osinon dapre mal li te fè antan l' te nan kò sa a. (2 Korint 5:9-10)
Apre sa, mwen wè yon gwo fòtèy blan ak moun ki te chita sou li a. Sièl la ak tè a pran kouri devan l', yo disparèt nèt ale. Apre sa, mwen wè tout moun ki te mouri yo, gran kou piti, kanpe devan fòtèy la. Yo louvri yon bann liv. Apre sa, yo louvri liv ki gen non moun ki gen lavi yo. Yo jije tout moun mouri yo dapre sa yo te fè, dapre sa ki te ekri nan liv yo. (Revelasyon 20:11-12)